11
Mwen swete ke nou ta ban mwen pèmisyon pou yon ti foli; men anfèt nou ban mwen l deja. Paske mwen jalou pou nou avèk yon jalouzi ki sòti nan Bondye. Paske mwen te fyanse nou ak yon mari, pou m ta kapab prezante nou a Kris kòm yon vyèj ki san tach. Men mwen pè pou menm jan ke Eve te twonpe pa riz sèpan an, pou panse nou ta de yon fason oubyen yon lòt detounen de devosyon sensè e san tach de Kris la. Paske si yon moun vini pou preche yon lòt Jésus, ke nou menm pa t preche, oswa nou resevwa yon lòt lespri ke nou pa t resevwa, oswa yon lòt levanjil ke nou pa t aksepte, nou ase tolere sa. Paske mwen pa konsidere tèt mwen kòm enferyè a pi gran apot yo. Men menmsi mwen manke abil nan pale, deja mwen pa konsa nan konesans. Anfèt, nan tout aspè, sa te deja fèt klè de nou tout, nan tout bagay.
Oubyen èske mwen te fè yon peche lè m te aksepte imilye tèt mwen pou nou menm ta kapab egzalte, paske m te preche levanjil Bondye a nou menm san frè? Okontrè, mwen te vòlè lòt legliz yo lè m te pran kòb soutyen lan nan men yo pou sèvi nou. Lè m te prezan avèk nou nan nesesite, mwen pa t devni yon chaj pou okenn moun; paske lè frè yo te vini sòti Macédoine, yo te satisfè tout bezwen m yo, e nan tout bagay mwen te kenbe tèt mwen pou mwen pa t vin yon chaj pou nou menm, e m va kontinye fè menm bagay la. 10  Jan verite Kris la nan mwen an vante tèt mwen an p ap tèmine fèt nan zòn Achaïe yo. 11 Poukisa? Paske mwen pa renmen nou? Bondye konnen ke m renmen nou!
12 Men m ap kontinye fè sa ke m ap fè a pou m kapab rachte okazyon de sila yo ki vle twouve yon okazyon pou moun konsidere yo egal avèk nou nan bagay ke y ap vante tèt yo. 13 Paske moun konsa yo se fo apot yo ye, ouvriye twonpè k ap degize tèt yo tankou apot a Kris yo. 14 Sa pa yon gwo sipriz, paske menm Satan degize tèt li tankou yon zanj limyè. 15 Konsa, se pa yon sipriz si sèvitè li yo degize tèt yo tankou sèvitè ladwati Bondye yo, ki va tèmine menm jan kon pwòp zèv pa yo.
16  Ankò mwen di, ke pèsòn pa panse ke mwen fou. Men si nou panse sa, resevwa m menm tankou moun fou, pou mwen tou kapab vante tèt mwen tou piti. 17 Sa m ap di a, mwen p ap di li jan Senyè a ta pale, men yon jan fou, konsi, m ap vante tèt mwen an. 18 Akoz ke anpil moun vante tèt yo selon lachè, mwen va vante tèt mwen konsa tou. 19 Men nou menm ki tèlman saj, tolere foli a avèk kè kontan. 20 Paske nou tolere li si yon moun fè nou esklav, si yon moun devore nou, si yon moun pran avantaj de nou, si yon moun egzalte tèt li, menm si yon moun bannou kou nan figi. 21 Nan wont mwen, mwen oblije di ke nou te twò fèb pa konparezon. Men nan nenpòt bagay respekte nenpòt lòt moun se plen ak kouraj (mwen pale ak foli), mwen menm, mwen gen kouraj menm jan an. 22 Èske se Ebre yo ye? Mwen menm tou, mwen Ebre. Èske se Izrayelit yo ye? Mwen menm tou, mwen se Izrayelit. Èske se desandan Abraham yo ye? Mwen menm tou. 23 Èske se sèvitè a Kris yo ye? (Mwen pale tankou moun fou) Mwen menm tou, plis nan travay, bokou plis nan pran prizon. Mwen te bat depase mezi, mwen te souvan nan danje lanmò. 24 Senk fwa mwen te resevwa nan men Jwif yo trant-nèf kout fwèt. 25 Twa fwa mwen te bat avèk baton, yon fwa mwen te lapide avèk wòch, twa fwa mwen te nan bato ki kraze nan lanmè, yon jou ak yon nwit mwen te pase nan fon lanmè. 26 Souvan mwen te fè vwayaj, an danje nan rivyè, danje ak vòlè, danje ak pwòp moun peyi mwen, danje ak moun etranje yo danje nan vil yo, danje nan dezè, danje sou lanmè, e danje pami fo frè yo. 27 Mwen te nan travay, nan sikonstans difisil, nan anpil nwit san dòmi, nan grangou ak swaf, souvan san manje, nan fredi e san rad.
28 Apa kondisyon ekstèn sa yo, gen fòs opresyon chak jou sou mwen pou sousi mwen gen pou tout legliz yo. 29 Kilès ki vin fèb, san m pa fèb tou? Kilès ki lage nan peche, san gwo sousi mwen.
30 Si mwen dwe vante tèt mwen, m ap vante tèt mwen de sa ki apatyen a feblès mwen. 31 Bondye e Papa a Senyè a Jésus Li menm ki beni pou tout tan an, konnen ke m p ap bay manti. 32 Nan Damas gouvènè anba Arétas, wa a t ap veye vil moun Damas yo pou l te kapab sezi mwen. 33 Se konsa mwen te kite lòt moun desann mwen nan yon panyen pa fenèt nan mi an, e se konsa m te chape nan men li.
11:1 Mat 17:17 11:2 Os 2:19 11:4 I Kor 3:11 11:4 Gal 1:6 11:5 II Kor 12:11 11:6 I Kor 12:8 11:7 Trav 18:3 11:8 I Kor 4:12 11:9 II Kor 12:13,16 11:9 Trav 18:5 11:10 Wo 9:1 11:10 I Kor 9:15 11:11 II Kor 12:15 11:11 II Kor 11:31 11:12 I Kor 9:12 11:13 Fil 3:2 11:14 Mat 4:10 11:15 Wo 2:6 11:16 II Kor 11:1 11:17 I Kwo 7:12,25 11:18 Fil 3:3 11:19 I Kor 4:10 11:20 Gal 2:4 11:21 II Kor 10:10 11:22 Fil 3:5 11:22 Wo 11:1 11:23 I Kor 15:10 11:23 II Kor 6:5 11:24 Det 25:3 11:25 Trav 16:22 11:25 Trav 14:19 11:26 Trav 21:31 11:26 Gal 2:4 11:27 II Kor 6:5 11:27 I Kor 4:11 11:28 I Kor 7:17 11:29 I Kor 8:9,13 11:30 I Kor 2:3 11:31 Wo 1:25 11:33 Trav 9:25