10
“Nan tan sa a, SENYÈ a te di mwen: ‘Taye fòme pou kont ou de tab wòch tankou premye yo, monte kote Mwen sou mòn nan, e fè yon lach an bwa pou kont ou. Mwen va ekri sou tab yo pawòl ki te nan premye tab ke ou te kraze yo, e ou va mete yo nan lach la.’
“Konsa, mwen te fè yon lach avèk bwa akasya e mwen te taye de tab wòch tankou premye yo, e mwen te monte sou mòn nan avèk de tab yo nan men m. Li te ekri sou tab yo tankou premye ekriti a, Dis Kòmanman ke SENYÈ a te pale a nou menm sou mòn nan soti nan mitan dife a nan jou asanble a; epi SENYÈ a te ban mwen yo. Konsa, mwen te vire desann kite mòn nan. Mwen te mete tab yo nan lach ke mwen te fè a, epi se la yo ye, jan SENYÈ a te kòmande mwen an.”
(Alò, fis Israël yo te kite Beéroth-Bene-Jaakan pou rive Moséra. La Aaron te mouri, la li te antere, e fis li a, Éléazar te fè sèvis prèt nan plas li. Soti la, yo te pati pou Gudgoda e soti Gudgoda a Jothbatha, yon peyi avèk anpil ti flèv dlo. Nan moman sa a, SENYÈ a te mete apa tribi Lévi a pou pote lach akò SENYÈ a, pou kanpe devan Li, pou sèvi Li e pou beni nan non Li jiska jodi a. Akoz sa, Lévi pa gen pòsyon ni eritaj pami frè li yo; SENYÈ a se eritaj pa li, jis jan SENYÈ a, Bondye nou an, te pale a li a.
10  “Mwen anplis te rete sou mòn nan pandan karant jou ak karant nwit tankou premye fwa a; epi SENYÈ a te koute mwen fwa sa a tou. SENYÈ a pa t dakò detwi nou. 11 Alò, SENYÈ a te di mwen: ‘Leve, ale nan vwayaj ou devan pèp la, pou yo kapab antre ladann e posede peyi ke Mwen te sèmante a zansèt yo pou M bay yo a.’
12  “Alò, Israël, kisa SENYÈ a, Bondye nou an, mande a nou menm, sof ke krent SENYÈ a, mache nan tout chemen Li yo, renmen Li, e sèvi Li avèk tout kè nou ak tout nanm nou, 13 pou kenbe kòmandman SENYÈ a avèk lwa Li yo, ke mwen ap kòmande nou jodi a pou pwòp avantaj pa nou.
14 “Gade byen, syèl la avèk syèl piwo yo se pou SENYÈ a, Bondye nou an, ansanm ak tè a, avèk tout sa ki ladann. 15  Sèl SENYÈ a te gen plezi pou mete sou zansèt nou yo afeksyon Li. Li te renmen yo, e Li te chwazi desandan yo apre yo, nou menm devan tout lòt pèp yo, jan li ye jodi a menm. 16  Pou sa, se pou nou sikonsi kè nou, e pa kite kè nou di ankò.
17  “Paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Bondye a dye yo e SENYÈ a senyè yo. Li se Bondye ki gran an, pwisan e etonan an, ki pa montre favè a pèsòn, ni pa vann favè Li anba tab. 18 Li fè jistis pou òfelen ak vèv la, e Li montre amou Li pou etranje a lè Li ba li manje avèk rad. 19  Pou sa, montre amou pa nou vè etranje a, paske nou te etranje nan peyi Égypte la.
20 “Nou va krent SENYÈ a, Bondye nou an. Nou va sèvi Li. Kole kote Li, e nou va sèmante pa non pa Li. 21 Se Li menm ki lwanj nou, se Li menm ki Bondye nou, se Li menm ki te fè gran bagay etonan sa yo pou nou ke zye nou te wè. 22  Zansèt nou yo te desann an Égypte, swasann-dis pèsòn antou. Epi koulye a, SENYÈ a, Bondye nou an, te fè nou vin anpil tankou zetwal syèl yo.
10:1 Egz 34:1 10:1 Egz 25:10 10:2 Det 4:13 10:3 Egz 34:4 10:4 Egz 34:28 10:4 Egz 20:1 10:5 Egz 34:29 10:5 Egz 40:20 10:6 Nonb 20:25-28 10:7 Nonb 33:33-34 10:8 Nonb 3:6; Det 17:12 10:9 Nonb 18:20-24 10:10 Egz 34:28 10:12 Mi 6:8 10:12 Det 6:5 10:14 I Wa 8:27 10:14 Sòm 24:1 10:15 Det 4:37 10:16 Lev 26:41 10:16 Det 9:6 10:17 Jos 22:22 10:17 Rev 17:14 10:18 Egz 22:22-24 10:19 Lev 19:34 10:20 Det 11:22 10:20 Det 5:11 10:21 Sòm 109:1 10:22 Jen 46:27