2
“Epi nou te vire pati vè dezè a pa chemen Lamè Wouj la, jan SENYÈ a te pale mwen an, e nou te ansèkle Mòn Séir pandan anpil jou.
“Epi SENYÈ a te pale avèk mwen. Li te di: ‘Nou gen tan fin ansèkle mòn sa a pandan ase de tan. Vire bò kote nò a. Kòmande pèp la e di yo: “Nou va pase nan teritwa frè nou yo, fis a Ésaü yo ki rete Séir, eyo va pè nou. Pou sa, fè atansyon. Pa bourade yo, paske Mwen p ap bannou okenn nan tè pa yo, menm yon ti mòso, paske Mwen te bay Ésaü Mòn Séir pou posede l. Nou va achte manje nan men yo avèk lajan pou nou kapab manje. Epi nou va, osi, achte dlo pou bwè nan men yo avèk lajan nou.” ’ ”
“Paske SENYÈ a te beni nou nan tout sa nou te fè. Li te konnen tout vwayaj nou yo nan gran dezè sila a. Pandan karantan sa yo, SENYÈ a, Bondye nou an, te avèk nou. Nou pa t manke anyen.”
“Pou sa, nou te pase devan kite frè nou yo, fis a Esaü ki rete Séir yo, lwen wout Araba a, lwen Élath ak Etsjon-Guéber. Konsa, nou te vire pase nan chemen dezè Moab la.
“Alò, SENYÈ a te di mwen, ‘Pa menase Moab, ni pa fè pwovokasyon lagè, paske Mwen p ap bannou okenn nan peyi pa yo pou posede. Paske Mwen te bay Ar a fis a Lot yo kòm posesyon.’
10 “(Avan, se te pèp Émim ki te rete la; yon gwo pèp, gran an kantite, e wo menm jan ak Anakim (jeyan yo). 11 Tankou Anakim yo, yo konnen kòm Rephaïm; men Moabit yo, te rele yo Émim. 12 Otrefwa, se te Oriyen yo ki te rete Séir, men fis a Esaü yo te deplase yo, te detwi yo devan yo, e yo te vin rete nan plas yo, jis jan ke Israël te fè lè yo te vin posede peyi pa yo ke SENYÈ a te bay yo.)
13 “ ‘Koulye a, leve travèse ravin Zéred la, nou menm.’ Konsa, nou te travèse ravin Zéred la.
14 “Alò, tan ke nou te pran pou sòti Kadès-Barnéa pou vin travèse ravin Zéred la se te trann-tuit ane, jiskaske tout jenerasyon moun lagè yo te mouri soti anndan kan an, jan SENYÈ a te sèmante a yo menm nan. 15  Anplis, men a SENYÈ a te kont yo, pou detwi yo soti anndan kan an jiskaske yo tout te mouri.
16 “Epi li te vin rive ke lè tout moun lagè yo te fin mouri pami pèp la, 17 ke SENYÈ a te pale avè m e te di: 18 ‘Jodi a, ou va travèse sou Ar, lizyè a Moab la. 19 Lè ou vin anfas fis Ammon yo, pa menase yo ni pwovoke yo, paske Mwen p ap bay ou okenn nan peyi ki pou fis Ammon yo kòm posesyon pa w, paske Mwen te bay li a fis a Lot yo kòm posesyon.’
20 “(Li rele osi peyi a, Rephaïm, akoz Rephaïm yo te viv la avan sa, men Amonit yo rele yo Zamzumminim, 21 yon pèp tèlman gran e anpil, wo tankou Anakim, men SENYÈ a te detwi yo devan yo. Epi yo te chase yo sòti pou te vin rete nan plas yo, 22 jis jan ke li te fè pou fis Esaü yo, ki te rete Séir, lè Li te detwi Oriyen yo soti devan yo; yo te chase yo e yo te vin rete nan plas yo menm jiska jodi a. 23 Epi Avyen ki te rete nan vil yo jis rive kote Gaza, Kaftorim yo ki te sòti nan Caphtor, te detwi yo, e te vin viv nan plas yo.)
24 “Leve, pati, e pase nan vale Arnon an. Gade! Mwen te bay Sihon, Amoreyen an, wa a Hesbon avèk peyi pa l nan men nou. Kòmanse pran posesyon an e atake li pou fè lagè. 25 Nan jou sila a, Mwen va kòmanse mete lakrent ak laperèz ou sou pèp toupatou anba syèl yo, ki, lè yo tande rapò a ou menm, yo va tranble e soufri nan laperèz akoz de ou.”
26  “Konsa, Mwen te voye mesaje soti nan dezè a Kedémoth vè Sihon, wa Hesbon an avèk pawòl lapè. Mwen te di: 27 ‘Kite mwen pase nan peyi ou a, Mwen va vwayaje sèlman sou gran chemen an; mwen p ap vire akote ni adwat ni agoch. 28 Ou va vann mwen manje pou lajan pou m kab manje; epi ban mwen dlo pou lajan pou m kab bwè. Sèlman, kite mwen pase ladann a pye, 29 jis jan ke fis a Esaü ki rete Séir yo ak Moabit ki rete Ar yo te fè pou mwen, jiskaske mwen travèse Jourdain an pou antre nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou an.’
30 “Men Sihon, wa Hesbon an, pa t dakò kite nou pase nan peyi pa li a; paske SENYÈ a te fè lespri li rèd e kè li di, pou l ta kapab livre li nan men nou, jan ke li ye la jodi a.
31 “Senyè a te di mwen: ‘Ou wè, Mwen te deja kòmanse livre Sihon avèk peyi li a nan men ou. Kòmanse okipe ou, pou nou kapab genyen peyi li a.’
32 “Epi Sihon avèk tout pèp li a te parèt pou rankontre nou nan batay nan Jahats la. 33 SENYÈ a, Bondye nou an, te livre li bannou, e nou te bat li avèk fis li yo ak tout pèp li a. 34 Konsa, nou te pran an kaptif tout vil li yo nan tan sa a, e nou te konplètman detwi mesye yo, fanm yo, avèk pitit nan chak vil yo. Nou pa t menm kite youn vivan. 35 Se sèl bèt nou te pran kòm piyaj nou, ak piyaj a vil ke nou te pran an kaptif.
36 “Soti nan Aroër ki nan arebò vale Arnon an, epi soti nan vil ki nan vale a, menm pou rive Galaad, pa t gen vil ki te twò wo pou nou. SENYÈ a, Bondye nou an, te livre yo bannou tout. 37  Sèlman, nou pa t pwoche teritwa fis a Ammon yo, toupatou akote rivyè Jabbok la ak vil peyi mòn yo, ak nenpòt kote ke SENYÈ a, Bondye nou an, te enpeche nou antre.”
2:1 Nonb 21:4 2:4 Jen 36:8 2:4 Egz 15:15-16 2:5 Jen 36:8 2:7 Nonb 14:33 2:8 Nonb 33:35 2:9 Jen 19:36-37 2:10 Jen 14:5 2:11 Jen 14:5 2:12 Jen 36:20 2:14 Nonb 14:29-35 2:15 Jd 5 2:16 Det 2:14 2:18 Det 2:9 2:19 Jen 19:38 2:19 Det 2:9 2:20 Det 2:11 2:22 Det 2:12 2:23 Jos 13:3 2:24 Nonb 21:13-14 2:25 Egz 23:27 2:26 Nonb 21:21-32 2:28 Nonb 20:19 2:29 Det 2:9 2:30 Nonb 21:23 2:33 Det 29:7 2:34 Det 3:6 2:35 Det 3:7 2:36 Det 3:12 2:37 Det 2:19