5
Konsa, Moïse te rele tout Israël e te di yo: “Koute, O Israël, lwa avèk règleman ke mwen va pale jodi a yo nan tande pa nou, pou nou kapab aprann yo e swiv yo avèk atansyon. SENYÈ a, Bondye nou an, te fè yon akò avèk nou nan Horeb. SENYÈ a pa t fè akò sa a avèk zansèt nou yo, men avèk nou, nou tout ki vivan isit la jodi a.
“SENYÈ a te pale fasafas avèk nou nan mòn nan soti nan mitan dife a, pandan mwen te kanpe devan SENYÈ a ak nou menm, nan tan sa a, pou deklare a nou pawòl a SENYÈ a. Paske nou te pè akoz dife a, e nou pa t monte nan mòn nan. Li te di:
‘Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, andeyò kay esklavaj la.
‘Nou pa pou gen lòt dye devan Mwen.
‘Nou pa pou fè pou nou menm okenn zidòl, ni okenn imaj a sila ki anwo nan syèl la, ni anba sou tè a, ni nan dlo anba tè a. Nou pa pou adore yo ni sèvi yo; paske Mwen, SENYÈ a, Bondye nou an, se yon Dye jalou, ki vizite inikite a papa yo sou pitit yo, jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon a sila ki rayi Mwen yo, 10 men ki montre lanmou dous a anpil milye, a sila ki renmen Mwen yo e ki kenbe kòmandman Mwen yo.
11  ‘Nou pa pou pran non SENYÈ a an ven, paske SENYÈ a p ap kite sila a ki pran non li an ven an san pinisyon.
12  ‘Obsève jou Saba a pou kenbe l sen, jan SENYÈ a Bondye nou an te kòmande nou an. 13 ‘Pandan sis jou, nou va travay pou fè tout zèv nou yo, 14 men setyèm jou a, se yon Saba a SENYÈ Bondye nou an. Nou pa pou fè okenn travay, ni nou menm ni fis nou, ni fi nou, ni sèvitè nou, ni sèvant nou, ni bèf kabwèt nou, ni bourik nou, ni okenn nan bèf nou yo, ni etranje ki vin demere pami nou, pou sèvitè avèk sèvant lan kapab pran repo menm jan ak nou. 15  Nou va sonje ke nou te esklav nan peyi Égypte la, e ke SENYÈ a, Bondye nou an, te mennen nou sòti la avèk yon men pwisan, e ak bra Li ki lonje. Pou sa, SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou pou obsève jou Saba a.
16  ‘Onore papa nou avèk manman nou, jan SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an, pou jou nou yo kapab pwolonje, e pou sa kapab ale byen avèk nou nan peyi ke SENYÈ a bannou an. 17  Nou pa pou touye moun. 18  Nou pa pou fè adiltè. 19  Nou pa pou vòlè. 20 Nou pa pou fè fo temwayaj kont vwazen nou. 21 Nou pa pou anvi madanm vwazen nou, e nou pa pou anvi kay vwazen nou, chan li, oswa sèvitè li oswa sèvant li, bèf li, bourik li, ni okenn bagay ki pou vwazen nou.’ ”
22 “Pawòl sa yo SENYÈ a te pale avèk tout asanble nou yo nan mòn nan soti nan mitan dife a, nan nwaj la nan gwo fènwa a, avèk yon gwo vwa. Li pa t mete anyen anplis. Li te ekri yo sou de tablo wòch e Li te ban mwen yo.
23 “Konsa, lè nou te tande vwa a soti nan mitan fènwa a, pandan mòn nan te brile avèk dife a, nou te pwoche vè mwen, tout chèf tribi nou ak ansyen nou yo. 24 Nou te di: “Gade byen, SENYÈ a, Bondye nou an, te montre nou glwa Li avèk grandè Li, e nou te tande vwa Li soti nan mitan dife a. Nou te wè jodi a ke Bondye pale avèk lòm, malgre sa, li rete vivan.
25  “Alò, poukisa nou ta dwe mouri? Paske gran dife sila a va brile nou. Si nou tande vwa SENYÈ a toujou, alò, nou va mouri. 26 Paske se kilès ki fèt avèk chè ki tande vwa a Bondye vivan an k ap pale nan mitan dife a, tankou nou, e ki viv? 27 Ou menm ale touprè Li pou tande tout sa ke SENYÈ a, Bondye nou an pale nou, e nou va tande sa pou nou fè.”
28 “SENYÈ a te tande vwa a pawòl nou yo lè nou te pale avèk mwen, epi SENYÈ a te di mwen: ‘Mwen te tande vwa a pawòl a pèp sa a, ke yo te pale ak ou yo. Yo te fè byen nan sa ke yo te pale yo. 29  O ke yo ta tèlman gen yon kè nan yo pou yo ta krent Mwen e kenbe tout kòmandman Mwen yo tout tan, pou li ta kapab byen pou yo ak tout fis yo pou tout tan. 30 Ale di yo: “Retounen nan tant nou”. 31 Men pou ou menm, kanpe isit la akote Mwen, pou Mwen kapab pale avèk ou tout kòmandman yo, lwa yo avèk jijman ke nou va montre yo pou yo kapab swiv yo nan peyi ke Mwen bay yo pou posede a.’
32 “Pou sa, nou va swiv e fè ojis jan SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an. Nou pa pou vire ni adwat, ni agoch. 33  Nou va mache nan tout chemen ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an, pou nou kapab viv e pou sa kapab ale byen pou nou, pou jou nou yo kapab pwolonje nan peyi ke nou va posede a.
5:2 Egz 19:5 5:3 Jr 31:32 5:4 Det 4:33 5:5 Gal 3:19 5:6 Egz 20:2-17 5:7 Egz 20:3 5:8 Egz 20:4-6 5:9 Egz 34:7 5:10 Nonb 14:18 5:11 Egz 20:7 5:12 Egz 16:23-30 5:14 Jen 2:2 5:15 Egz 20:11 5:16 Egz 20:12 5:16 Det 4:40 5:17 Jen 9:6 5:18 Egz 20:14 5:19 Egz 20:15 5:21 Egz 20:17 5:22 Egz 24:12 5:25 Egz 20:18-19 5:26 Det 4:33 5:28 Det 18:17 5:29 Sòm 81:13 5:32 Det 17:20 5:33 Det 10:12