12
1 Anplis, sonje Kreyatè ou a nan jou jenès ou yo,
avan move jou yo rive e ane yo pwoche lè ou va di:
“Mwen pa pran plezi nan yo;”
2 Avan solèy la ak limyè a, lalin nan ak zetwal yo vin tounwa,
e nwaj yo retounen apre lapli yo;
3 nan jou ke gadyen kay la tranble a,
e mesye pwisan yo vin koube a.
Lè sa yo k ap moule a rete san travay
akoz anpil nan yo ki manke,
e sila k ap gade nan fenèt yo vin mal pou wè.
4 Lè pòt vè lari yo vin fèmen akoz bri moulen an vin ba,
e yon moun va leve ak son zwazo a,
epi tout fi chanson yo va rete ba.
5 Anplis mesye yo va vin pè yon wo plas
ak gwo danje k ap vini a.
Lè pye zanmann nan fleri, krikèt volan rale kò l olon wout la,
e dezi gason an pa ka.
Paske lòm nan ap prale nan kay etènèl li a,
pandan sila k ap fè dèy yo vire toupatou nan wout la.
6 Sonje Li avan kòd ajan an kase,
e bòl an lò a kraze kivèt dlo la kote pwi a vin fann,
e wou sitèn nan vin kraze.
7 Paske konsa pousyè la va retounen nan tè a jan li te ye a,
e lespri a va retounen kote Bondye ki te bay li a.
8 “Vanite sou vanite”, predikatè a di: “tout se vanite!”
9 Anplis akoz li te yon nonm saj, predikatè a te enstwi pèp la ak konesans. Wi, li te reflechi, chache twouve, e te aranje anpil pwovèb.
10 Predikatè a te chache jwenn bèl mò pou ekri pawòl verite yo byen kòrèk.
11 Pawòl a moun saj yo tankou pwent pike bèt yo ye; tankou klou ki kloure nèt, se konsa ansanm a pawòl sila yo ye. Se yon sèl Bèje ki bay yo tout.
12 Men anplis ke sa, fis mwen, veye byen: ekri anpil liv se yon bagay san rete, e anpil devosyon a liv yo va fatige kò ou.
13 Konklizyon lè tout bagay fin tande se: Gen lakrent Bondye e kenbe kòmandman li yo, akoz se sa ki aplike a tout moun.
14 Paske Bondye va pote tout zèv nan jijman; tout sa ki kache, kit li bon kit li mal.