4
Konsa, mwen menm, prizonye a Senyè a, mwen priye nou pou nou mache nan yon manyè dign de apèl avèk sila yo te rele nou an, avèk tout imilite ak dousè, avèk pasyans, nan montre tolerans pou youn lòt nan lanmou, nan rete dilijan pou konsève linite Lespri a, e nan lyen lapè. Gen yon kò ak yon Lespri, menm jan ke nou te rele nan yon sèl espwa de apèl nou an; yon sèl Senyè, yon sèl lafwa, yon sèl batèm, yon sèl Bondye e Papa tout moun ki, sou tout bagay, pami tout bagay e nan tout bagay. Men a nou chak, gras te vin bay selon mezi don a Kris la.
Konsa sa ekri:
“Lè Li te monte anlè,
Li te mennen kon kaptif,
kaptivite a menm,
e Li te bay don a lèzòm.”
Alò, fraz sila a, “Li te monte”, kisa sa vle di eksepte ke Li osi te desann anba nan pati ki pi fon nan latè a? 10 Sila ki te desann nan se Li menm tou ki te monte bokou pi wo pase tout syèl yo, pou Li ta kapab akonpli tout bagay.
11 Konsa, Li te bay kèk kòm apot, kèk kòm pwofèt, kèk kòm evanjelis, e kèk kòm pastè ak enstriktè, 12  pou preparasyon a fidèl yo pou zèv sèvis la, pou l ranfòse kò a Kris la, 13 jiskaske nou tout vin rive nan linite lafwa a, ak konesans a Fis Bondye a, yon moun ki gen matirite, jiska mezi a wotè ki apatyen a Kris la. 14 Kòm rezilta, nou pa dwe timoun ankò, ki vannen toupatou pa chak vag lanmè a, e ki vin pote pa chak van doktrin ki fèt pa twonpri a lòm, avèk tout koken ak manèv desepsyon; 15 men pandan n ap pale verite a nan lanmou, nou dwe grandi nan tout aspè nan Sila, ki se tèt la, Kris Li menm. 16 Nan Li menm tout kò a, ki fòme e ki kenbe ansanm pa sa ke chak jwenn founi, selon pwòp fonksyon a chak grenn pati, ki fè kò a grandi pou l byen bati pou kont li nan lanmou.
17 Donk, mwen di sa e konfime ansanm avèk Senyè a pou nou pa mache ankò kòm pèp etranje yo mache, nan vanite a panse yo, 18 avèk yon konprann ki byen fonse andeyò de lavi Bondye a, akoz de inyorans ki nan yo, akoz kè yo ki di. 19 Konsa yo menm, ki te vin ensansib, te livre tèt yo a tout sansyalite, pou pratike tout kalite salte, e yo te vin voras. 20 Men nou pa t aprann Kris nan fason sa a, 21 si vrèman nou te menm tande Li e te enstwi nan Li, jis nou konnen verite a se nan Jésus. 22 Sa vle di ke nan referans a jan nou te konn viv la, nou mete sou kote ansyen moun nan, ki konwonpi an akò avèk pasyon twonpri yo, 23 epi pou nou vin tounèf nan lespri a panse nou, 24 pou nou kapab mete sou nou nouvo moun nan, ki fèt nan limaj Bondye, e ki te kreye nan ladwati, ak sentete de verite a.
25 Pou sa, mete akote sa ki fo, e “pale verite a, nou chak avèk vwazen nou”, paske nou se manm a youn lòt. 26  “Fè fache, e malgre sa pa peche”; pa kite solèy la kouche pandan nou fache a, 27 epi pa bay Dyab la opòtinite. 28 Sila ki vòlè a pa dwe vòlè ankò, men pito, fòk li travay, pou fè avèk pwòp men li sa ki bon, pou li kapab gen yon bagay pou pataje avèk sila ki gen bezwen yo. 29 Pa kite okenn vye mo sal sòti nan bouch nou, men sèlman kalite mo ki bon pou edifikasyon selon bezwen moman an, pou li kapab bay gras a sila ki tande l yo. 30 Pa atriste Lespri Sen Bondye ki te sele nou pou jou redanmsyon an. 31  Ke tout rankin nan kè, san wo, kòlè, zen, ak kout lang vin retire pami nou, ansanm ak tout malveyans. 32 Sèvi dousè a youn lòt, avèk bon kè, k ap padone youn lòt jis jan ke Bondye nan Kris la te osi padone nou an.
4:1 Ef 2:10 4:2 Kol 3:12 4:3 Kol 3:14 4:4 I Kor 12:4; Ef 1:18 4:5 I Kor 8:6 4:6 Wo 11:36 4:7 Wo 12:3 4:8 Sòm 68:18 4:9 Jn 3:13 4:10 Eb 7:6 4:10 Ef 1:23 4:11 Trav 13:1 4:12 II Kwo 13:9 4:13 Ef 1:17 4:13 Eb 5:14 4:14 I Kor 14:20 4:15 Ef 2:21 4:16 Wo 12:4 4:17 Ef 2:2 4:18 Wo 1:21 4:18 Ef 2:12 4:19 Wo 1:24 4:19 Kol 3:5 4:20 Mat 11:29 4:21 Wo 10:14 4:21 Kol 2:7 4:22 Eb 12:1 4:22 Wo 6:6 4:23 Wo 12:2 4:24 Kol 3:10 4:25 Za 8:16 4:26 Sòm 4:4 4:27 Wo 12:19 4:28 I Tes 4:11 4:29 Wo 14:19 4:30 Jn 3:33 4:31 Wo 3:14 4:32 Mat 6:14