15
Alò Moïse avèk fis Israël yo te chante chan sila a a SENYÈ a. Yo te di:
“Mwen va chante a SENYÈ a paske viktwa Li etonnan.
Cheval la avèk moun ki monte l la,
Li te voye yo nan lanmè.
“SENYÈ a se fòs mwen ak chanson mwen
epi konsa, Li gen tan vin delivrans mwen.
Sa se Bondye pa m,
e mwen va louwe Li;
Bondye a papa m nan,
e mwen va leve Li wo.
SENYÈ a se yon gèrye;
Se SENYÈ yo rele L.
Cha Farawon yo avèk lame l lan,
Li te voye yo nan lanmè.
Pi bon pami chèf li yo te plonje
mouri nan Lanmè Wouj.
Fon yo kouvri yo.
Yo plonje ba nan fon yo tankou wòch.
Men dwat Ou, SENYÈ,
ranpli ak majeste avèk pwisans.
Men dwat Ou, O SENYÈ,
vin dechire lènmi an nèt.
Ak tout grandè Ou,
Ou te ranvoye tout sa yo
ki leve kontra Ou.
Ou te voye lakolè ou deyò.
Li te brile yo nèt kon pay.
Avèk gwo souf ki sòti nan nen ou
kouran dlo yo vin kanpe fè gwo pil.
Dlo k ap koule a te vin kanpe tankou yon miray.
Fon yo te vin koule nan kè lanmè a.
Lènmi an te di: “Mwen va pouswiv yo; mwen va pran yo.
Mwen va divize richès yo.
Volonte m kont yo va satisfè.
Mwen va rale nepe mwen.
Se men m k ap detwi yo.”
10 Ou te soufle avèk van Ou.
Lanmè a te vin kouvri yo.
Yo te plonje tankou plon nan dlo pwisan yo
11 Kilès ki tankou Ou pami dye yo, O SENYÈ?
Kilès ki tankou Ou?
Kilès ki tankou ou
nan majeste ak sentete,
etonan nan lwanj,
k ap fè mèvèy yo?
12  Ou te lonje men dwat Ou;
Lanmè a te vale yo.
13 Nan lanmou ak mizerikòd Ou,
Ou te mennen pèp ke Ou te ransone.
Nan pwisans Ou an,
Ou te gide yo rive nan abitasyon sen pa Ou a.
14  Lòt nasyon pèp yo te tande.
Y ap tranble.
Gwo lakrent vin sezi abitan Philistine yo.
15 Epi chèf Édom yo vin sezi.
Gèrye nan Moab yo pran tranble.
Tout abitan Canaan yo te fonn e vin disparèt.
16 Sezisman avèk laperèz vin tonbe sou yo.
Pa pwisans bra Ou, yo vin san fòs tankou wòch;
jis lè pèp Ou a vin janbe, O SENYÈ,
Jis lè pèp ke Ou te ransone a vin janbe.
17 Ou va mennen yo antre,
e plante yo nan gwo mòn eritaj pa Ou a,
plas la, O SENYÈ, ke Ou te fè tankou abitasyon pa Ou a,
lye sen an, O SENYÈ, ke men Ou te etabli a.
18 SENYÈ a va renye pou tout tan, e pou tout tan.”
19 Paske cheval Farawon yo avèk cha li yo avèk mèt cheval li yo te antre nan lanmè a, e SENYÈ a te fè dlo lanmè a retounen sou yo. Men fis Israël yo te mache nan tè sèch nan mitan lanmè a.
20  Marie, pwofetès ak sè Aaron an te pran tanbouren an nan men l. Tout fanm yo te sòti dèyè li avèk tanbouren yo. Yo t ap danse. 21 Marie te reponn yo:
“Chante a SENYÈ a, paske Li egzalte byen wo.
Cheval la avèk Mèt Cheval la Li te voye yo nan lanmè.”
22 Alò, Moïse te mennen Israël soti kite Lanmè Wouj la. Yo te ale nan dezè Schur a, epi yo te vwayaje twa jou nan dezè a. Men yo pa t jwenn dlo. 23 Lè yo rive nan Mara, yo pa t kab bwè dlo Mara a, paske li te anmè. Se pou sa yo te rele l Mara. 24 Alò, pèp la te plenyen kont Moïse. Yo te di: “Kisa n ap bwè?”
25 Konsa, li te kriye a SENYÈ a, epi SENYÈ a te montre li yon pyebwa. Lè li te jete li nan dlo a, e dlo a te vin dous.
La menm, Li te fè pou yo yon lòd avèk yon règleman, epi la, Li te fè yo pase a leprèv. 26 Li te di: “Si nou okipe byen vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, si nou fè sa ki bon nan zye Li, si nou bay zòrèy nou a kòmandman Li yo, e kenbe lwa Li yo, Mwen p ap mete sou nou, okenn nan maladi ke M te mete sou Ejipsyen yo; paske se Mwen, SENYÈ ki geri nou an.”
27 Alò, yo te rive nan Élim kote ki te gen douz sous dlo ak swasann-dis palmye dat yo, e yo te fè kan akote dlo a.
15:1 Sòm 106:12 15:2 Hab 3:18 15:2 És 25:1 15:3 Egz 3:15 15:4 Egz 14:6,7,17,28; Rev 19:11 15:5 Egz 15:10 15:6 Sòm 118:15,16 15:8 Sòm 78:13 15:9 Egz 14:5,8,9 15:10 Egz 15:5 15:11 Sòm 72:18 15:12 Egz 15:6 15:13 Sòm 77:20 15:13 Egz 15:16 15:14 Det 2:25 15:15 Nonb 22:3,4 15:15 Jos 2:9,11,24 15:16 Egz 15:5,6 15:16 Sòm 74:2 15:17 Sòm 2:6 15:17 Sòm 78:69 15:19 Egz 14:22,29 15:20 Egz 2:4 15:21 Egz 15:1 15:22 Nonb 33:8 15:22 Jen 16:7 15:23 Nonb 33:8 15:24 Egz 14:11 15:25 Jos 24:25 15:25 Egz 16:4 15:26 Det 7:12 15:26 Egz 20:2-7 15:27 Nonb 33:9