20
Bondye te pale tout pawòl sa yo e te di: “Mwen menm se SENYÈ a Bondye ou a, ki te mennen ou sòti deyò nan peyi Égypte la, deyò kay esklavaj la.
“Ou pa pou gen lòt dye devan M.
“Ou pa pou fè pou kont ou, yon zidòl, ni okenn imaj sou sa ki nan syèl la anwo, ni sou latè anba, ni nan dlo anba tè a.
“Ou pa pou adore yo ni sèvi yo. Paske Mwen, SENYÈ a, Bondye pa w la. Mwen se yon Bondye jalou, k ap vizite inikite a papa yo sou pitit yo, jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon a sila ki rayi Mwen yo, men k ap montre lanmou dous ak mizerikòd pami dè milye a sila ki renmen M, e ki kenbe kòmandman Mwen yo.
“Ou pa pou pran non SENYÈ a an ven, paske SENYÈ a p ap kite sila a ki mal sèvi ak non Li an san pinisyon.”
Sonje jou Saba a pou kenbe l sen.
Si jou nou va travay e nou va fè tout travay nou yo, 10 men setyèm jou a se yon jou Saba a SENYÈ a Bondye nou an. Ladann l ou pa pou fè okenn travay; ni ou menm, ni fis ou, ni fi ou, ni sèvitè ou, ni sèvant ou, ni bèf ou, ni etranje ki demere avèk ou.
11  Paske nan si jou, SENYÈ a te fè syèl la avèk tè a, lanmè a, ak tout sa ki gen ladann, e Li te repoze nan setyèm jou a. Konsa, SENYÈ a te beni jou Saba a, e te fè l sen.
12  Onore papa ou avèk manman ou, pou jou lavi ou yo kapab anpil nan peyi ke SENYÈ a, Bondye ou a te bay ou.
13  Ou pa pou touye moun. 14  Ou pa pou fè adiltè.
15  Ou pa pou vòlè.
16  Ou pa pou fè fo temwayaj kont vwazen ou.
17 Ou pa pou fè anvi sou lakay vwazen ou; ou pa pou fè anvi sou madanm vwazen ou, ni sèvant li, ni sèvitè li, ni bèf li, ni bourik li, ni okenn bagay ki pou vwazen ou.
18  Tout pèp la te tande gwonde tonnè avèk kout loray ak son a twonpèt la, ak mòn nan ki t ap fè lafimen. Lè pèp la te wè li, yo te tranble e te kanpe a yon distans. 19  Konsa, yo te di Moïse: “Pale avèk nou ou menm, e nou va koute; men pa kite Bondye pale avèk nou, oswa nou va mouri.”
20 Moïse te di a pèp la: “Pa pè, paske Bondye vini pou pase nou a leprèv, e pou lakrent Li kapab rete avèk nou, pou nou pa peche.”
21 Alò, pèp la te kanpe a yon distans, pandan Moïse te pwoche gwo nwaj la kote Bondye.
22 Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Konsa ou va pale avèk fis Israël yo: ‘Nou menm, nou gen tan wè ke Mwen te pale avèk nou depi nan syèl la. 23 Nou pa pou fè lòt dye apati de Mwen menm; dye an ajan, ni dye an lò, nou pa pou fè yo pou nou menm.
24 “ ‘Nou va fè yon lotèl avèk tè pou Mwen, e nou va fè sakrifis sou li nan ofrann brile, ak ofrann lapè, mouton nou yo, avèk bèf nou yo. Nan chak plas kote Mwen fè non Mwen sonje, Mwen va vin kote nou, e Mwen va beni nou.
25 “ ‘Si nou fè yon lotèl avèk wòch pou mwen, nou pa pou fè l avèk wòch taye, paske si ou itilize zouti ou sou li, li vin pa sen ankò. 26 Epi nou pa pou monte nan eskalye vè lotèl Mwen, pou nidite nou pa parèt a li.’ ”
20:2 Egz 13:3 20:3 Egz 15:11 20:4 Lev 19:4 20:5 Egz 23:24 20:5 Na 1:2 20:6 Det 7:9 20:7 Lev 19:12 20:8 Lev 26:2 20:9 Det 5:13 20:10 Né 13:16-19 20:11 Jen 2:2,3 20:12 Lev 19:3 20:12 Jr 35:7 20:13 Luc 18:20 20:14 Lev 20:10 20:15 Egz 21:16 20:16 Det 5:20 20:17 Pwov 6:29 20:18 Egz 19:16,18 20:19 Gal 3:19 20:20 Det 13:3 20:20 És 8:13 20:21 Egz 19:16 20:22 Det 4:36 20:23 Egz 32:1,2,4 20:24 Egz 20:25 20:26 Egz 28:42,43