24
Alò, Li te di a Moïse: “Vin monte vè SENYÈ a, ou menm avèk Aaron, Nadab, Abihu avèk swasann-dis nan ansyen Israël yo, e nou va adore a yon distans. Men se sèl Moïse k ap vin toupre SENYÈ a, men yo menm p ap vin pre. Pèp la p ap monte avèk li.”
Alò Moïse te vin rakonte a pèp la tout pawòl a SENYÈ a yo, avèk tout òdonans yo; epi tout pèp la te reponn avèk yon sèl vwa. Yo te di: “Tout pawòl sa yo ke SENYÈ a pale, nou va fè yo!” Moïse te ekri tout pawòl SENYÈ a yo.
Konsa, li te leve granmmaten e li te bati yon lotèl nan pye mòn nan avèk douz pilye pou douz tribi Israël yo. Li te voye jèn mesye nan fis Israël yo, yo te ofri ofrann brile e yo te fè sakrifis jèn towo kòm ofrann lapè bay SENYÈ a.
Moïse te pran mwatye nan san an. Li te mete li nan basen yo, e lòt mwatye san an li te aspèje li sou lotèl la. Epi li te pran liv akò a, e li te li li nan zòrèy a tout pèp la. Epi yo te di: “Tout sa ke SENYÈ a pale, nou va fè yo, e nou va obeyi yo.”
Alò, Moïse te pran san an. Li te aspèje li sou pèp la. Li te di: “Gade byen san akò a, ke SENYÈ a te fè avèk nou selon tout pawòl sa yo.”
Alò, Moïse te pran Aaron, Nadab, Abihu, ak swasann-dis nan ansyen Israël yo pou monte. 10  Yo te wè Bondye Israël la. Anba pye li, te parèt yon choz tankou yon pave ki fèt an safì, klè tankou syèl la menm. 11 Malgre Li pa t lonje men Li kont prens Israël sa yo. Yo te wè Bondye, yo te manje e yo te bwè.
12 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Vin monte vè Mwen nan mòn nan e rete la, epi Mwen va bay ou tab wòch yo avèk lalwa ak kòmandman ke M te ekri pou enstwi yo.”
13 Alò, Moïse te leve avèk Josué, sèvitè li a, e Moïse te monte nan mòn Bondye a. 14 Men a ansyen yo li te di: “Tann isit la pou nou jis lè nou retounen kote nou. Epi gade byen, Aaron avèk Hur isit avèk nou. Nenpòt moun ki genyen yon pwosè lalwa kapab pwoche yo.”
15 Alò Moïse te monte nan mòn nan, e nwaj la te kouvri mòn nan.
16  Glwa SENYÈ a te rete sou Mòn Sinai a, e nwaj la te kouvri li pandan sis jou. Nan setyèm jou a, Li te rele Moïse soti nan mitan nwaj la.
17 Nan zye a fis Israël yo, aparans glwa SENYÈ a te tankou yon dife ki t ap ravaje sou tèt mòn nan.
18 Moïse te antre nan mitan nwaj la pandan li te monte sou mòn nan. Konsa, Moïse te rete sou mòn nan pandan karant jou ak karant nwit.
24:1 Egz 19:24 24:3 Egz 19:8 24:4 Egz 17:4 24:5 Egz 18:12 24:6 Eb 9:18 24:7 Egz 24:4 24:8 Eb 9:19,20 24:9 Egz 24:1 24:10 Egz 24:11 24:11 Jen 16:3 24:12 Egz 31:18 24:13 Egz 17:9-14 24:13 Egz 3:1 24:14 Egz 17:10,12 24:15 Egz 19:9 24:16 Egz 16:10 24:17 Det 4:24 24:18 Egz 34:28