40
Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: Nan premye jou mwa a ou va monte tabènak tant reyinyon an. Ou va plase lach temwayaj la, e ou va kouvri lach la avèk vwal la. Ou va mennen tab la antre, e ou va ranje li avèk sa ki dwe sou li. Konsa, ou va mennen fè lantre chandelye a, e lime lanp li yo.
“Anplis, ou va plase lotèl lò a pou lansan devan lach temwayaj la, e ou va monte vwal la pou pòtay tabènak tant reyinyon an.
“Ou va plase lotèl ofrann brile a devan pòtay a tabènak tant reyinyon an. Ou va plase basen lave a antre tant reyinyon an ak lotèl la e ou va mete dlo nan li. Ou va monte galeri a toutotou e ou va pann vwal la pou pòtay galeri a.
“Epi ou va pran lwil onksyon an e ou va onksyone tabènak la ak tout sa ki ladann. Konsa, ou va konsakre li avèk tout afè li yo, epi li va sen. 10 Ou va onksyone lotèl ofrann brile a ak tout bagay itil li yo, epi ou va konsakre lotèl la. Konsa, lotèl la va vin sen pase tout bagay. 11 Ou va onksyone basen lave a ak baz li, e ou va konsakre li.
12 “Konsa, ou va mennen Aaron ak fis li yo vè pòtay tant reyinyon an, e ou va lave yo avèk dlo. 13  Ou va mete vètman sen yo sou Aaron. Ou va onksyone Aaron, e konsakre li, pou li kapab vin sèvi kòm prèt Mwen. 14 Ou va mennen fis li yo pou mete tinik sou yo. 15 Konsa, ou va onksyone yo jis jan ke ou te onksyone papa yo, pou yo kapab vin sèvi kòm prèt pou Mwen. Onksyon pa yo va kalifye yo kòm prèt pou tout tan atravè tout jenerasyon pa yo.”
16 Se konsa Moïse te fè. Selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande li yo, konsa li te fè.
17 Alò, nan premye mwa nan dezyèm ane a, nan premye jou mwa a, tabènak la te monte. 18 Moïse te monte tabènak la. Li te poze baz reseptikal li yo, li te monte planch li yo, li te pozisyone travès li yo, e li monte pilye li yo. 19 Li te louvri tant lan sou tabènak la e li te mete kouvèti tant lan anwo li, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
20 Konsa, li te pran temwayaj la pou fè l antre nan lach la. Li te tache poto yo nan lach la, e li te mete chèz pwopyatwa a sou lach la. 21 Li te mennen lach la nan tabènak la, e li te monte yon vwal pou separe l. Li te separe lach temwayaj la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
22 Anplis li te mete tab la nan tant reyinyon an sou kote nò tabènak la, deyò vwal la. 23 Li te plase pen, byen ranje an lòd devan SENYÈ a jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
24 Alò, li te mete chandelye a nan tant reyinyon an, sou kote sid tabènak la. 25 Li te limen lap yo devan SENYÈ a, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
26 Epi li te plase lotèl lò a nan tant reyinyon an pa devan vwal la. 27 Li te brile lansan santi bon an sou li, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
28 Alò, li te monte vwal pòtay tabènak la. 29 Li te plase lotèl ofrann brile a devan pòtay tabènak tant reyinyon an, e li te ofri sou li ofrann brile a ak ofrann sereyal la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
30 Li te plase basen lave a antre tant reyinyon an ak lotèl la, e li te mete dlo ladann pou lave. 31  Nan li, Moïse avèk Aaron avèk fis li yo te lave men yo avèk pye yo. 32 Lè yo te antre nan tant reyinyon an, e lè yo te apwoche lotèl la, yo te lave, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
33 Li te monte galeri a toutotou tabènak la ak lotèl la, e li te pandye vwal la pou pòtay galeri a. Konsa, Moïse te fin fè travay la.
34  Alò, nyaj la te kouvri tant reyinyon an, e laglwa SENYÈ a te ranpli tabènak la. 35 Moïse pa t kapab antre nan tant reyinyon an, paske nyaj la te poze sou li, e laglwa SENYÈ a te ranpli tabènak la.
36 Pandan tout vwayaj pa yo, nenpòt lè ke nyaj la te leve anwo sou tabènak la, fis Israël yo te leve sòti pou fè vwayaj; 37 men si nyaj la pa t leve, alò, yo pa t vwayaje jis rive jou ke li te leve a. 38 Paske pandan tout vwayaj yo, nyaj SENYÈ a te sou tabènak la nan lajounen, e li te gen dife ladann lannwit, devan zye a tout kay Israël la.
40:2 Egz 19:1 40:3 Egz 26:33 40:4 Egz 26:35 40:5 Egz 40:26 40:7 Egz 30:18 40:9 Egz 30:26 40:10 Egz 29:37 40:12 Lev 8:1-6 40:13 Egz 28:41 40:15 Egz 29:9 40:17 Egz 40:2 40:20 II Kwo 5:10 40:21 Egz 26:33 40:22 Egz 26:35 40:23 Egz 25:30 40:25 Egz 25:37 40:26 Egz 30:6 40:27 Egz 30:7 40:29 Egz 40:6 40:29 Egz 29:38-42 40:31 Egz 30:19-20 40:33 Egz 27:9-18 40:34 Nonb 9:15-23 40:35 I Wa 8:11 40:36 Nonb 9:17 40:37 Nonb 9:19-22 40:38 Sòm 78:14