7
SENYÈ a te di a Moïse: “Ou wè, Mwen fè ou vin tankou Bondye devan Farawon; epi frè ou a Aaron va pwofèt ou. Ou va pale tout sa ke mwen te kòmande ou yo. E frè ou a, Aaron va pale avèk Farawon pou li kite fis Israël yo ale sòti nan peyi li a.
“Mwen va fè kè Farawon vin di, e mwen va miltipliye sign ak mèvè mwen yo nan peyi Égypte la. Men Farawon an pa p koute ou, epi konsa Mwen va mete men M sou Égypte. Mwen va mennen lame Mwen yo, pèp Mwen an, fis Israël yo, pou soti deyò peyi Égypte la avèk gwo jijman yo.
“Ejipsyen yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a lè mwen lonje men M sou Égypte, e fè fis Israël yo sòti nan mitan yo.”
Alò, Moïse avèk Aaron te fè jan SENYÈ a te mande yo a; se te konsa yo te Fè l.
Moïse te gen katre-ven lane, e Aaron katre-ven-twa, lè yo te pale ak Farawon an.
Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse ak Aaron e te di: “Lè Farawon pale nou pou di: ‘Fè yon mirak,’ alò nou va di a Aaron: Pran baton nou an e jete li atè devan Farawon, pou li kapab vin fè yon sèpan.”
10 Alò, Moïse avèk Aaron te vin vè Farawon, epi konsa yo te fè jis jan ke SENYÈ a te kòmande yo a. Aaron te jete baton li an atè devan Farawon avèk sèvitè li yo, epi li te devni yon sèpan.
11 Farawon osi te rele nonm saj avèk sa ki fè maji yo. Konsa, yo menm te fè menm bagay la tou. Majisyen nan Égypte yo te fè menm bagay avèk metye sekrè ak wanga pa yo. 12 Paske yo chak te jete baton yo atè, e chak te vin fè yon sèpan. Men baton Aaron an te vale lòt baton yo nèt.
13 Men kè Farawon te vin di, e li pa t koute yo, jan SENYÈ a te di a.
14 SENYÈ a te di a Moïse: “Kè a Farawon di; li refize kite pèp la ale. 15 Ale kote Farawon nan maten. Gade byen, l ap antre nan dlo. Plase ou menm pou rankontre li arebò lariviyè Nil lan. Ou va pran nan men ou baton ki te vin tounen sèpan an. 16 Ou va di li: ‘SENYÈ a, Bondye a Ebre yo, te voye m kote ou. Li te di: Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen nan dezè a. Men, gade byen, ou pa koute jiska prezan.’ ”
17 Konsa pale SENYÈ a: “Konsa ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a: gade byen, Mwen va frape dlo ki nan Nil lan avèk baton ki nan men m nan, e li va tounen san. 18  Pwason ki nan Nil yo va mouri, Nil la va vin santi move, e Ejipsyen yo va twouve ke li difisil pou bwè dlo Nil lan.”
19 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Di Aaron: ‘Pran baton ou an, e lonje men ou sou dlo Égypte yo, sou rivyè yo, sou ti dlo ki koule yo, sou ti lak yo, sou rezèvwa pa yo, pou tout kapab vin tounen san. Va gen san toupatou nan tout peyi Égypte la, ni nan veso ki fèt an bwa, ak nan veso an wòch.’ ”
20 Moïse avèk Aaron te fè sa ke SENYÈ a te kòmande yo a. Li te leve baton an wo e li te frape dlo ki te nan Nil lan, devan zye a Farawon, devan zye a sèvitè li yo, e tout dlo ki te nan Nil lan te vin tounen san. 21 Pwason ki te nan Nil yo te mouri, e Nil lan te vin pouri jiskaske Ejipsyen yo pa t kapab bwè dlo Nil lan. Konsa, san an te toupatou nan peyi Égypte la.
22  Men majisyen an Égypte yo te fè menm bagay la avèk metye maji pa yo. Pou sa a, kè a Farawon te vin di, e li pa t koute yo, jan Bondye te di a.
23 Alò, Farawon te vire antre lakay li. Li pa t pran sa akè. 24 Tout Ejipsyen yo te fouye akote larivyè Nil lan pou jwenn dlo pou yo bwè, akoz ke yo pa t kab bwè dlo larivyè Nil lan.
25 Sèt Jou te pase apre SENYÈ a te frape Nil lan.
7:1 Egz 4:16 7:2 Egz 4:15 7:4 Egz 3:19,20 7:5 Egz 3:20 7:6 Jen 6:22 7:7 Det 29:5 7:9 Egz 4:2,17 7:10 Egz 4:3 7:11 Dan 2:2 7:13 Egz 4:21 7:15 Egz 2:5 7:17 Egz 4:9 7:18 Egz 7:21 7:18 Egz 7:24 7:19 Egz 8:5,6,16 7:20 Sòm 78:44 7:22 Egz 7:11