5
Se te pou libète ke Kris te fè nou lib. Konsa, kenbe fèm pou nou pa vin soumèt nou ankò a yon jouk esklavaj.
Gade, mwen menm, Paul, di nou ke si nou resevwa sikonsizyon, Kris p ap fè nou okenn benefis. Epi mwen temwaye ankò a tout moun ki resevwa sikonsizyon, ke li anba obligasyon pou kenbe tout Lalwa a. Nou gen tan vin sevre de Kris, nou menm k ap chache vin jistifye pa Lalwa. Nou tonbe kite lagras. Paske nou menm, atravè Lespri a, pa lafwa, n ap tann esperans ladwati a. Paske nan Kris Jésus ni sikonsizyon, ni ensikonsizyon pa vle di anyen, men lafwa k ap aji atravè lanmou a.
Nou t ap kouri byen! Kilès ki te vin jennen nou pou nou pa obeyi verite a? Enfliyans sa a pa t sòti nan Sila ki te fè apèl de nou an. Yon ti kras ledven fè tout boul pen an vin leve. 10 Mwen gen konfyans nan nou nan Senyè a, ke nou p ap adopte okenn lòt opinyon. Men sila k ap twouble nou an va pote pwòp jijman pa li, nenpòt moun li ye a.
11 Men mwen, frè m yo, si mwen toujou preche sikonsizyon, poukisa mwen toujou pèsekite? Alò, konsa blòk k ap fè moun bite a, ki se lakwa a, vin aboli. 12 Mwen swete ke sila k ap twouble nou yo ta menm chatre pwòp kò yo.
13 Paske nou te rele pou libète, frè m yo. Sèlman pa fè libète nou an vin tounen yon opòtinite pou lachè, men selon lanmou, pou nou sèvi youn lòt. 14 Paske tout Lalwa a akonpli nan yon pawòl, nan fraz la; “Ou va renmen pwochen ou tankou pwòp tèt ou.” 15 Men si nou mòde e devore youn lòt, fè atansyon pou nou pa fin manje youn lòt nèt.
16 Men mwen di nou mache pa Lespri a, e nou p ap akonpli dezi lachè yo. 17 Paske lachè mete dezi li yo kont Lespri a, e Lespri a kont lachè. Sila yo opoze a youn lòt, pou nou pa ta fè tout sa ke nou pito. 18 Men si nou mennen pa Lespri a, nou pa anba Lalwa. 19 Alò, zèv lachè yo klè: Imoralite, salte, sansyalite 20 idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.
22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa. 24 Alò, sila ki pou Kris Jésus yo gen tan krisifye lachè avèk tout pasyon ak dezi li yo.
25 Si nou viv pa Lespri a, annou osi mache pa Lespri a. 26 Pa kite nou vin gen ògèy, ni pwovoke youn lòt ni gen lanvi kont youn lòt.
5:1 Jn 8:32,36 5:2 Trav 15:1 5:3 Wo 2:25 5:4 Eb 12:15 5:5 Wo 8:23 5:6 I Kor 7:19 5:7 Gal 2:2 5:8 Wo 8:28 5:9 I Kor 5:6 5:10 Gal 1:7 5:11 Gal 6:12 5:12 Det 23:1 5:13 I Kor 8:9 5:14 Lev 19:18 5:15 Gal 5:20 5:16 Wo 8:4 5:17 Wo 8:5 5:17 Wo 7:15 5:18 Wo 8:14 5:19 I Kor 6:9,18 5:20 II Kor 12:20 5:21 I Kor 6:9 5:22 Mat 7:16 5:24 Wo 6:6 5:25 Gal 5:16 5:26 Fil 2:3