13
Alò, Abram te monte kite Égypte vè Negev, li menm avèk madanm li, ak tout bagay ki te pou li, e Lot te avèk li. Epi Abram te trè rich nan bèt, lajan ak nan lò.
Li te fè vwayaj li yo ki sòti Negev pou rive jis Béthel, nan plas kote tant li a te ye nan kòmansman an, antre Béthel avèk Ai, jis rive nan plas lotèl ke li te fè la oparavan an. Epi la Abram te rele non SENYÈ a.
Alò, Lot, ki te ale avèk Abram, osi te gen bann mouton, twoupo, avèk tant.
Epi tè a pa t kapab sipòte yo toude pou rete ansanm, paske byen yo te tèlman gran ke yo pa t kab rete ansanm. Epi te gen konfli antre bèje bèt Abram, ak bèje bèt Lot yo. Epi te gen Kanaaneyen yo avèk Ferezyen yo ki te rete nan peyi a.
Alò, Abram te di a Lot: “Silvouplè, pa kite gen konfli antre ou avèk mwen, ni antre bèje pa m ak bèje pa w, paske se frè nou ye. Èske se pa tout tè a ki pou ou? Silvouplè, annou separe. Si se vè agoch, mwen menm, mwen va ale adwat. Oswa si se adwat, mwen menm, mwen va ale agoch.”
10 Lot te leve zye li, e li te wè tout vale Jourdain an ke li te byen wouze. Sa se te avan SENYÈ a te detwi Sodome avèk Gomorrhe. Li te tankou jaden SENYÈ a, tankou peyi Égypte la lè ou ale vè Zoar. 11 Konsa, Lot te chwazi pou li menm tout vale Jourdain an, e Lot te vwayaje vè lès. Konsa yo te separe youn ak lòt.
12 Abram te vin rete nan tè Canaan an, pandan Lot te vin rete nan gran vil yo nan vale a, e li te deplase tant li yo jis rive Sodome.
13 Alò, mesye Sodome yo te mechan anpil, e yo te fè peche depase kont SENYÈ a.
14 SENYÈ a te di a Abram lè Lot fin kite l la: “Koulye a leve ze ou pou gade depi plas la kote ou ye a; vè nò, vè sid, vè lès ak lwès. 15  Paske tout peyi ke ou wè a, Mwen va ba ou li, ak desandan ou yo pou tout tan.
16 “Mwen va fè desandan ou yo peple tankou pousyè tè, pou si okenn moun pa kapab kontwole pousyè tè a, konsa yo p ap kapab osi kontwole desandan ou yo. 17 Leve, mache toupatou nan peyi a nan longè li avèk lajè li; paske Mwen va ba ou li”.
18 Epi Abram te deplase tant li an, li te vin rete akote bwatchenn Mamré yo ki an Hébron, e la li te bati yon lotèl bay SENYÈ a.
13:1 Jen 12:9 13:2 Jen 24:35 13:3 Jen 12:8 13:4 Jen 12:7-8 13:5 Jen 12:5 13:6 Jen 36:7 13:8 Pwov 15:18 13:10 Det 34:3 13:10 Jen 19:24 13:12 Jen 14:2 13:13 Jen 18:20 13:14 Jen 28:14 13:15 Jen 12:7 13:16 Jen 16:10 13:17 Nonb 13:17-24 13:18 Jen 14:13