2
Se te konsa syèl yo avèk tè a te fin fèt, avèk tout lanmè yo.
Nan setyèm jou a, Bondye te fin fè travay ke Li te fè yo. Konsa, Li te repoze nan setyèm jou a sou tout travay ke Li te fè yo. Epi Bondye te beni setyèm jou a. Li te fè li sen, akoz nan li, Li te repoze de tout travay kreyasyon an, ke Li te fè a.
Sa se listwa syèl yo avèk tè a lè yo te kreye, nan jou ke SENYÈ Bondye a e fè tè a avèk syèl la. Alò potko gen ti bwa chan ki te parèt nan tè a, ni plant chan ki te boujonnen, paske Senyè Bondye a potko voye lapli sou tè a, e pa t gen moun pou kiltive tè a. Men yon vapè te konn leve sòti nan tè a pou wouze tout sifas li. Alò Senyè Bondye a te fòme lòm sòti nan pousyè tè a. Li te respire souf lavi fè l vin antre nan nen l, e lòm te devni yon nanm vivan.
Senyè Bondye a te plante yon jaden nan pati lès Eden, e se la Li te mete lòm ke Li te fòme a. Soti nan tè a, SENYÈ Bondye a te fè grandi chak ab ki bèl pou gade e ki bon pou manje. Avèk yo nan mitan jaden a te gen ab lavi a, ak ab konesans a sa ki bon ak sa ki mal la.
10 Alò, yon rivyè te sòti nan Eden pou wouze jaden an. Epi soti la, li te divize ou fè kat rivyè. 11 Premye rivyè a rele Pischon; li pase antoure tout peyi Havila, kote ki gen lò a. 12 Lò peyi sa a bon; wòch bdelyèm avèk onyx konn twouve la. 13 Dezyèm rivyè a rele Guihon; li kouri antoure peyi Cush la. 14 Yo rele twazyèm rivyè Tigrès; li koule nan lès Assyrie. Epi katriyèm rivyè a se Euphrate.
15 Alò, Senyè Bondye a te pran lòm nan; Li te mete l nan jaden Eden pou kiltive li e pran swen li.
16 Senyè Bondye a te kòmande lòm nan. Li te di l: “Nan nenpòt sa nan jaden an, ou kapab manje, 17 men sou ab konesans bon avèk mal la, ou pa pou manje li, paske nan jou ke ou manje li, ou va mouri.”
18 Alò, Senyè Bondye a te di: “Sa pa bon pou lòm nan rete sèl. Mwen va fè yon asistan jan li dwe genyen”.
19  Sòti nan tè a, Senyè Bondye a te fòme chak bèt chan ak chak zwazo syèl la, e Li te mennen yo kote lòm po wè kòman li ta rele yo. Nenpòt jan li te rele yon kreyati vivan, sa te vin non li. 20 Lòm nan te bay non a tout bèt domestik yo, a tout zwazo syèl yo, e a chak bèt chan, men pou lòm nan, pa t gen yon asistan sanblab ak li.
21 Alò, Senyè Bondye a te fè yon Pwofon somèy pran lòm nan, e li te dòmi. Konsa, li te pran youn nan zo kòt li yo, e te fèmen chè a nan plas li. 22 Senyè Bondye a te fòme yon fanm avèk kòt ke Li te pran nan lòm nan, e Li te pote li bay li.
23 Lòm nan te di: “Koulye a sa se zo a zo mwen, e chè a chè mwen. Li va rele fanm akoz li te retire nan lòm.
24  “Pou rezon sila a, yon nonm va kite papa li avèk manman li, pou vin jwenn avèk madanm li, epi yo va vin tounen yon sèl chè.” 25  Epi lòm nan avèk fanm nan te toutouni, e yo pa t wont.
2:1 Det 4:19 2:2 Egz 20:8-11 2:4 Job 38:4-11 2:5 Jen 1:11 2:7 Jen 3:19 2:7 I Kor 15:45 2:8 Jen 13:10 2:9 Jen 3:22 2:10 Sòm 46:4 2:11 Jen 25:18 2:14 Dan 10:4 2:14 Jen 15:18 2:16 Jen 3:2-3 2:17 Det 30:15-20 2:18 I Kor 11:9 2:19 Jen 1:24 2:20 Jen 2:18 2:21 Jen 15:2 2:22 I Kor 11:8-9 2:23 Jen 29:14 2:24 Mat 19:5 2:25 Jen 3:7,10,11