26
Alò, te gen yon gwo grangou nan peyi a, ki te fèt apre gwo grangou ki te fèt nan jou Abraham yo. Isaac te ale Guérar vè Abimélec, wa Filisten yo.
Senyè a te parèt a li menm e te di: “Pa desann an Égypte. Rete nan peyi ke Mwen va montre ou a. Rete pou yon tan nan peyi sa a, Mwen va avèk ou, e Mwen va beni ou, paske a ou menm ak desandan ou yo, Mwen va bay tout peyi sa yo, e Mwen va etabli sèman ke Mwen te sèmante a papa ou a, Abraham.
“Mwen va miltipliye desandan ou yo tankou zetwal nan syèl la, e va bay tout tè sa yo a desandan ou yo. E nan desandan ou yo, tout nasyon latè yo va beni, akoz Abraham te obeyi Mwen, e kenbe chaj Mwen, Kòmandman Mwen yo, règleman Mwen yo, avèk lwa Mwen yo.” Konsa, Isaac te viv Guérar.
Lè mesye yo nan plas la te mande li de madanm li, li te di: “Li se sè mwen,” paske li te pè pou di “madanm mwen” akoz li te panse: “mesye yo nan zòn sa a ta kapab touye mwen pou Rebecca, paske li bèl.”
Li te rive lè li te rete la pandan anpil tan, ke Abimélec, wa Filisten yo t ap gade nan yon fenèt, e gade, li te wè Isaac ki t ap karese madanm li, Rebecca. Alò, Abimélec te rele Isaac e te di: “Gade sa, vrèman li se madanm ou! Kòman ou te fè di mwen: ‘Li se sè mwen’ ”?
Isaac te di li: “Akoz ke mwen te di: ‘Mwen ta kapab mouri akoz li.’ ”
10  Abimélec te di: “Kisa ke ou te fè nou la a? Yon moun nan pèp la ta kapab fasilman vin kouche avèk madanm ou, e ou t ap fè nou vin koupab pou peche sa a.”
11 Konsa, Abimélec te bay tout pèp la lòd, e te di: “Moun ki touche mesye sa a, oswa madanm li, asireman va mete a lanmò.”
12 Alò, Isaac te simen nan peyi sa a, e li te rekòlte nan menm ane a san fwa. Senyè a te beni li. 13 Mesye a te vin rich e li te kontinye vin pi rich jiskaske li te vin ranmase anpil gwo richès. 14  Li te posede anpil bann mouton, twoupo avèk anpil chan bèt, jiskaske Filisten yo te vin anvi li. 15 Alò, tout pwi ke sèvitè a papa li yo te fouye nan jou Abraham yo, papa li, Filisten yo te bouche lè yo te ranpli yo avèk tè.
16 Alò, Abimélec te di a Isaac: “Kite nou, paske ou twò fò pou nou.”
17 Konsa, Isaac te pati la. Li te vin rete nan vale Guérar a, e li te fè anplasman la. 18 Isaac te fouye pwi yo ankò, pwi ki te fouye nan jou papa li yo, Abraham, paske Filisten yo te bouche yo apre mò Abraham nan. Epi li te bay yo menm non ke papa li te bay yo.
19 Men lè sèvitè Isaac yo te fouye nan vale a, e te twouve la yon pwi dlo ki t ap boujonnen, 20 bèje Guérar yo te goumen avèk bèje Isaac yo e te di: “Dlo a se pa nou!” Alò, li te nonmen pwi a Ések akoz ke yo te fè kont ak li. 21 Yo te fouye yon lòt pwi, yo te goumen sou sila a tou e li te nonmen li Sitna. 22 Li te deplase la, li te fouye yon lòt pwi, e yo pa t goumen sou li. Li te bay li non a Rehoboth, paske li te di: “Koulye a, Bondye vin bannou plas, e nou va rekòlte anpil fwi nan peyi a.”
23 Alò, li te kite la pou monte Beer-Schéba. 24 SENYÈ a te parèt a li menm nan nwit lan, e te di: “Mwen se Bondye a papa ou, Abraham. Pa pè, paske Mwen avè w. Mwen va beni ou, e Mwen va fè desandan ou yo miltipliye pou koz a sèvitè Mwen an, Abraham.”
25 Konsa, li te bati yon lotèl la, li te rele non SENYÈ a, e te monte tant li la. La sèvitè Isaac yo te fouye yon pwi.
26 Alò, Abimélec te vin kote li soti Guérar, avèk konseye li, Ahuzath, avèk Picol, kòmandan lame a. 27 Isaac te di yo: “Poukisa nou vin kote m, kòmsi nou rayi mwen, e te pouse mwen lwen nou?”
28 Yo te di: “Nou wè byen klè ke SENYÈ a te avèk ou. Alò, nou te di: ‘Annou fè yon sèman antre nou menm, e kite nou fè yon akò avèk ou, 29 ke ou p ap fè nou okenn mal, menm jan ke nou pa t touche ou, nou pa t fè ou anyen sof ke byen, e w ap voye nou ale anpè.’ Koulye a, ou se beni a SENYÈ a.”
30 Alò, li te fè yon gwo fèt manje pou yo, yo te manje e bwè.
31 Nan maten, yo te leve bonè. Yo te sèmante a youn lòt, epi Isaac te voye yo ale kite li anpè.
32 Li te vin rive nan menm jou a, ke sèvitè Isaac yo te antre e te avèti li de yon pwi ke yo te fouye. Yo te di li: “Nou gen tan twouve dlo.” 33 Konsa, li te rele li Schiba, akoz sa yo rele vil la Beer-Schéba jis rive jodi a.
34 Lè Ésaü te gen karant ane, li te marye avèk Judith, fi Béeri a, Etyen an, e Basmath, fi a Elon an, Etyen an. 35  Yo te mennen traka pou twouble Isaac avèk Rebecca.
26:1 Jen 12:10 26:1 Jen 20:1-2 26:2 Jen 12:7 26:3 Jen 22:16-18 26:4 Jen 15:5 26:4 Jen 22:18 26:5 Jen 22:16 26:7 Jen 12:13 26:10 Jen 20:9 26:11 Sòm 105:15 26:12 Jen 24:1 26:13 Pwov 10:22 26:14 Jen 24:35 26:15 Jen 21:25-30 26:16 Egz 1:9 26:20 Jen 21:25 26:22 Jen 17:6 26:23 Jen 22:19 26:24 Jen 26:2 26:24 Jen 22:17 26:25 Jen 12:7-8 26:26 Jen 21:22 26:27 Jij 11:7 26:28 Jen 21:22-23 26:29 Jen 24:31 26:30 Jen 19:3 26:31 Jen 21:31 26:33 Jen 21:31 26:34 Jen 28:8 26:35 Jen 27:46