28
Alò, Isaac te rele Jacob, li te beni li, li te kòmande li, e li te di: “Ou p ap pran yon fanm nan fi Canaan yo.” “Leve ale Paddan-Aram, lakay Bethuel, papa a manman ou. De la, pran yon madanm pami fi a Laban yo, frè manman ou an.
“Ke Bondye Toupwisan an kapab beni ou, bay ou anpil fwi, e fè ou miltipliye pou yo kapab devni yon gran fòs kantite moun. Ke li kapab osi bay ou benediksyon Abraham nan, pou ou menm, ak pou desandan ou yo osi, ke ou kapab posede peyi kote w ap demere a, ke Bondye te bay a Abraham nan.”
Alò, Isaac te voye Jacob ale. Li te ale Paddan-Aram a Laban, fis a Bethuel la, Arameyen an, frè Rebecca, manman a Jacob ak Ésaü.
Epi Ésaü te wè ke Isaac te beni Jacob e te voye li ale Paddan-Aram pou pran pou li menm yon madanm, e ke lè li te beni li, li te bay li lòd, e te di: “Ou pa pou pran yon madanm nan fi a Canaan yo,” epi ke Jacob te obeyi papa li, ak manman li, li te ale Paddan-Aram.
Konsa Ésaü te wè ke fi Canaan yo pa t plè papa li Isaac. Konsa, Ésaü te ale kote Ismaël, e li te marye, anplis ke madanm yo li te gen deja, Mahalath, fi Ismaël la, fis Abraham nan, sè Nebajoth la.
10 Konsa, Jacob te kite Beer-Schéba e te ale vè Charan. 11 Li te vini nan yon sèten kote pou te pase nwit lan la, akoz solèy la te gen tan fin kouche. Li te pran youn nan wòch yo, li te mete l anba tèt li, e li te kouche la nan plas sila a.
12 Li te fè yon rèv, e li te gade yon nechèl yo te mete sou latè, tèt li te rive nan syèl la. Epi gade, zanj Bondye yo t ap monte desann sou li. 13 Epi, gade byen, SENYÈ a te kanpe anwo li. Li te di: “Mwen se SENYÈ a, Bondye papa Abraham nan ak Bondye Isaac la. Tè sa kote ou kouche a, Mwen va bay ou li pou ou menm ak desandan ou yo. 14 Desandan ou yo va tankou pousyè latè, e ou va gaye nan lwès, nan lès, nan nò, ak nan sid. Konsa, nan ou avèk desandan ou yo, tout fanmi sou latè yo va beni.
15 “Gade byen, Mwen avèk ou. Mwen va kenbe ou nenpòt kote ou ale, e Mwen va fè ou retounen nan peyi sa a. Paske Mwen p ap kite ou jiskaske Mwen fin fè tout sa ke M te pwomèt nou an.”
16 Alò, Jacob te leve nan dòmi an, e li te di: “Anverite SENYÈ a nan plas sila a, e mwen pa t konnen.” 17 Li te pè, e li te di: “Alò, A la etonnan plas sa a etonnan! Sila a pa lòt ke lakay Bondye, e sa se pòtay Syèl la.”
18 Konsa, Jacob te leve bonè nan maten. Li te pran wòch ke li te plase anba tèt li a, e li te etabli li tankou yon pilye. Li te vide lwil sou tèt pilye a. 19 Li te rele plas sa a Béthel, men oparavan non a vil sa a se te Luz.
20 Epi Jacob te fè yon sèman. Li te di: “Si Bondye ale avèk mwen, si Li va kenbe mwen nan vwayaj sila ke m ap fè a, e Li va ban mwen manje pou m manje, ak rad pou m mete, 21 pou m ka retounen lakay papa m anpè, pou SENYÈ a va Bondye pa m, 22 alò, wòch sila a, ke m etabli tankou pilye a, va devni Lakay Bondye. Nan tout sa ke ou ban mwen, mwen va anverite bay yon dim a Ou menm.”
28:1 Jen 24:3-4 28:2 Jen 24:3-4 28:4 Jen 12:2 28:5 Jen 27:43 28:6 Jen 28:1 28:8 Jen 24:3 28:9 Jen 26:34 28:10 Jen 26:23 28:10 Jen 12:4-5 28:11 Jen 28:19 28:13 Jen 26:3 28:13 Jen 12:7 28:14 Jen 13:14-15 28:15 Jen 48:21 28:16 I Wa 3:15 28:17 Sòm 68:35 28:18 Jen 28:11 28:19 Jij 1:23 28:19 Jen 35:6 28:20 Jen 28:15 28:20 I Tim 6:8 28:21 Det 26:17 28:22 Lev 27:30