35
Alò, Bondye te di a Jacob: “Leve ale Béthel e rete la. Fè yon lotèl la pou Bondye ki te parèt devan ou lè ou te sove ale sou frè ou a, Ésaü.”
Alò, Jacob te di moun lakay li yo, ak tout sa ki te avè l yo: “Mete deyò tout dye etranje yo ki pami nou, pirifye nou, e chanje rad nou. Annou leve monte Béthel. Mwen va fè yon lotèl la pou Bondye, ki te reponn mwen nan jou detrès mwen an, e ki te avèk mwen nan tout kote ke m te konn ale yo.” Alò, yo te bay Jacob tout dye etranje ke yo te genyen yo, ak zanno ki te nan zòrèy yo, e Jacob te antere kache yo anba chenn ki te toupre Sichem nan. Pandan yo t ap vwayaje, yon gwo laperèz te vin sou vil ki te ozanviwon yo, e yo pa t swiv fis a Jacob yo.
Alò, Jacob te vini Luz (sa vle di, Béthel), ki nan peyi Canaan an, li menm avèk tout moun ki te avèk li yo. Li te bati yon lotèl la, e li te rele plas la, El-Béthel, akoz ke se la Bondye te revele Li menm a li lè li te sove ale kite frè l la.
Alò, Débora, nouris Rebecca a, te mouri, e li te antere anba Béthel anba chenn nan. Bwa sa a te rele Allon-bacuth (ki vle di chenn k ap kriye a).
Alò, Bondye te vin parèt a Jacob ankò lè li te sòti Paddan-Aram, e Li te beni li. 10  Bondye te di li: “Non ou se Jacob. Yo p ap rele ou Jacob ankò, men Israël va non ou.” Konsa li te rele li Israël.
11 Bondye osi te di li: “Mwen se Bondye Toupwisan an. Fè fwi, e vin miltipliye. Yon nasyon ak yon gwo konpanyen nasyon va soti nan ou, e wa yo va sòti nan ou. 12  Peyi ke M te bay Abraham, ak Isaac la, Mwen va ba ou li, ak desandan apre ou yo.” 13 Konsa, Bondye te monte kite li nan plas kote Li te pale avèk li a.
14 Jacob te etabli yon pilye nan plas kote Li te pale avèk li a, yon pilye wòch. Li te vide yon bwason kòm ofrann sou li; epi osi li te vide yon lwil sou li. 15 Alò, Jacob te nonmen plas kote Bondye te pale avèk li a Béthel. 16 Yo te vwayaje sòti Béthel. Lè te toujou gen yon distans pou rive Éphrata, Rachel te kòmanse fè pitit li, e li te soufri yon doulè ki te difisil. 17 Lè li te nan doulè rèd konsa, fanm saj la te di l: “Pa pè koulye a, paske ou va gen yon lòt gason.”
18 Li te rive, ke pandan nanm li t ap pati (paske li t ap mouri), ke li te nonmen li Ben-Oni; men papa li te rele li Benjamin.
19  Rachel te mouri e li te antere nan wout pou ale Éphrata a (sa vle di, Bethléem). 20 Jacob te monte yon pilye sou tonm li an, e sa se pilye a tonm Rachel jiska jounen jodi a.
21 Israël te avanse e li te monte tant li an pi lwen tou Migdal-Éder a. 22 Konsa, li te rive ke pandan Israël t ap viv nan peyi a, Reuben te ale kouche avèk Bilha, youn nan fanm a papa li yo, e Israël te tande koze sa a. Alò, te gen douz fis fèt pa Jacob— 23  fis a Léa yo: Reuben, premye ne a Jacob la, ak Siméon, Lévi, Juda, Issacar avèk Zabulon, 24  fis a Rachel yo: Joseph avèk Benjamin; 25  fis a Bilha yo, sèvant Rachel la: Dan avèk Nephthali; 26  fis Zilpa yo, sèvant Léa a: Gad avèk Aser. Sa yo se fis Jacob yo ki te fèt a li menm nan Paddan-Aram.
27 Jacob te vini vè papa li, Isaac nan Mamré pou Kirjath-Arba (ki se Hébron), kote Abraham avèk Isaac te demere a.
28 Alò, jou Isaac yo te san-katre-ven ane. 29 Isaac te rann dènye souf li. Li te mouri, e li te rasanble vè moun li yo, yon granmoun anpil laj. Konsa, Ésaü avèk Jacob te antere li.
35:1 Jen 28:19 35:1 Jen 27:43 35:2 Jen 31:19-34 35:3 Sòm 107:6 35:3 Jen 28:15 35:5 Egz 15:16 35:6 Jen 28:19 35:7 Jen 35:3 35:9 Jen 32:29 35:10 Jen 17:5 35:11 Jen 9:1-7 35:11 Jen 48:4 35:12 Jen 12:7 35:13 Jen 17:22 35:14 Jen 28:18-19 35:15 Jen 28:19 35:16 Jen 35:19 35:17 Jen 30:24 35:19 Jen 48:7 35:20 I Sam 12:2 35:21 Mi 4:8 35:22 Jen 49:4 35:23 Jen 49:4 35:24 Jen 30:22-24 35:25 Jen 30:5-8 35:26 Jen 30:10-13 35:27 Jen 13:18 35:27 Jos 14:15 35:28 Jen 25:26 35:29 Jen 25:8