40
Alò, li te vin rive apre bagay sa yo ke chèf ki te responsab pran avan gou diven nan pou wa a, ansanm ak bòs boulanje a wa a te fè yon ofans kont mèt yo, Wa a Égypte la. Farawon te vin plen ak kòlè sou ofisye sa yo, chèf ki responsab pote tas la, avèk bòs boulanje a. Alò li te sere yo nan prizon lakay Kaptenn a kò gad la, menm kote ke Joseph te anprizone a. Kaptenn kò gad la te mete Joseph an chaj yo, pou li te okipe yo. Konsa, yo te nan prizon an pou kèk tan.
Epi pandan tan sa a, toude moun sa yo, chèf ki te responsab pran avan gou diven nan, ak bòs boulanje a wa a, te fè yon rèv nan menm nwit lan. Chak moun te fè pwòp rèv pa li, e chak rèv te gen pwòp entèpretasyon pa li.
Lè Joseph te vini kote yo nan maten, li te gade yo, e gade byen, yo te byen dekouraje. Li te mande ofisye Farawon an sila yo, ki te anprizone avèk li nan kay mèt li a: “Poukisa figi nou tris konsa jodi a?”
Epi yo te di li: “Nou te fè yon rèv, e nanpwen pèsòn pou entèprete li.” Alò, Joseph te di yo: “Èske entèpretasyon yo pa apatyen a Bondye? Di m istwa sa a, souple.”
Epi chèf responsab goute diven nan te pataje rèv li avèk Joseph, e li te di a li menm: “Nan rèv mwen an, gade byen, te gen yon pye rezen devan m, 10 epi sou pye rezen an, te gen twa branch. Konsa, pandan li t ap boujonnen, flè li yo te parèt, e touf flè yo te pwodwi pakèt rezen mi. 11 Alò, tas Farawon an te nan men m; epi mwen te pran rezen yo, mwen te peze yo nan tas Farawon an, e mwen te mete tas la nan men Farawon.”
12 Joseph te di l: “Men, sa se entèpretasyon sa a: twa branch sa yo se twa jou. 13 Nan yon tan twa jou, Farawon va leve tèt ou e reprann ou nan pozisyon ou. Ou va mete tas Farawon an nan men li menm jan ou te konn fè lè ou te nan sèvis responsab pote diven nan. 14 Sèlman, sonje mwen lè li ale byen avèk ou, e souple, fè m gras e nonmen non mwen a Farawon pou fè m soti nan kay sa a. 15 Paske mwen te kidnape nan peyi Ebre yo, e menm isit la mwen pa t fè anyen pou yo ta dwe mete m nan prizon.”
16 Lè bòs boulanje a te wè ke li te fè yon entèpretasyon favorab, li te di Joseph: “Mwen te wè nan rèv mwen an, e gade byen, te gen twa panyen pen blan sou tèt mwen. 17 Epi nan panyen pi wo a, te gen kèk nan tout kalite manje kwit pou Farawon, e zwazo yo te manje yo nan panyen sou tèt mwen an.”
18 Alò, Joseph te reponn e te di: “Sa se entèpretasyon an. Twa panyen yo se twa jou. 19 Pandan twa jou ankò, Farawon va leve tèt ou sou ou. Li va pann ou sou yon bwa, e zwazo va retire chè sou ou e manje ou.”
20 Alò, li te vin rive nan twazyèm jou, ki te fèt nesans a Farawon an, ke li te fè yon fèt pou tout sèvitè yo. Epi li te leve tèt a chèf responsab pote manje a ak chèf bòs boulanje a pami sèvitè li yo. 21 Li te reprann chèf responsab pote tas la nan pozisyon li, e li te ankò vin responsab mete tas la nan men Farawon. 22 Men li te pann chèf bòs boulanje a jis jan ke Joseph te entèprete pou yo.
23 Men, chèf responsab pote manje a pa t sonje Joseph. Li te bliye li.
40:1 Jen 40:11-13 40:2 Pwov 16:14 40:3 Jen 39:1-20 40:7 Né 2:2 40:8 Jen 41:15 40:8 Dan 2:27-28 40:12 Dan 2:36 40:14 Jos 2:12 40:15 Jen 37:26-28 40:20 Mat 14:6 40:20 II Wa 25:27 40:21 Jen 40:13 40:22 Jen 40:19 40:23 Job 19:14