7
Konsa, SENYÈ a te di a Noé: “Antre nan lach la, ou avèk tout lakay ou, paske se ou sèl mwen te wè ki dwat devan mwen nan jenerasyon sila a. Ou va pran avèk ou sèt nan chak bèt ki pwòp, yon mal avèk yon femèl parèy li. Nan bèt ki pa pwòp yo, yon mal avèk yon femèl parèy li. Anplis, nan zwazo nan syèl la pa sèt, mal avèk femèl, pou kenbe pòtre yo vivan sou tout sifas tè a. Paske, apre sèt jou ankò, Mwen va voye lapli sou latè pandan karant jou ak karant nwit. Konsa, Mwen va efase sou fas tè a chak èt vivan ke Mwen te fè.”
Noé te fè tout bagay jan ke Bondye te mande l la. Alò, Noé te gen laj sis-san ane lè delij la te vini sou latè.
Noé avèk fis li yo, avèk madanm li, avèk madanm a fis li yo, avèk li menm te antre nan lach la akoz dlo delij la. Nan bèt ki te pwòp yo, avèk bèt ki pa pwòp yo, zwazo avèk tout sa ki kouri atè yo, tout te antre nan lach la ak Noé, de pa de, mal avèk femèl, jan Bondye te kòmande Noé a. 10 Li te rive apre sèt jou ke dlo delij la te vini sou latè.
11 Nan sis-santyèm ane nan lavi Noé, nan dezyèm mwa, nan di-setyèm jou nan mwa a, nan menm jou a, tout sous nan gran fon an te vin pete, e pòt delij yo nan syèl la te vin louvri. 12  Lapli te tonbe sou latè pandan karant jou, ak karant nwit.
13 O jis nan menm jou sa a, Noé avèk Sem, Cham, avèk Japhet, fis a Noé yo, madanm a Noé, ak twa madanm a fis li yo, te antre nan lach la, 14 yo menm avèk chak bèt selon espès yo, tout bèt domestik selon espès pa yo, tout reptil ki kouri atè selon espès pa yo, ak tout kalite zwazo. 15 Epi yo te antre nan lach la vè Noé, pa de nan tout chè ki te gen souf lavi. 16 Sila ki te antre yo, mal avèk femèl nan tout chè, te antre jan Bondye te kòmande li a; epi SENYÈ a te fèmen lach la dèyè li.
17 Konsa delij la te vini sou latè a pandan karant jou. Dlo a te vin ogmante e te leve lach la jis li rive anwo tè a. 18 Dlo a te monte. Li te ogmante anpil sou tè a, e lach la te monte sou dlo a. 19 Dlo a te vin monte plis toujou sou tè a, jis tout mòn toupatou anba syèl la te vin kouvri. 20 Dlo a te vin monte pou kenz koude anplis, e mòn yo te vin kouvri.
21  Tout chè ki t ap fè mouvman sou tè a te vin peri, zwazo avèk bèt domestik avèk bèt sovaj, e chak ensèk ki vole ansanm sou latè, ak tout moun. 22 Tout sa ki te sou tè sèk la, ki te gen souf lavi nan nen yo te vin mouri. 23 Konsa Li te efase chak bagay ki t ap viv sou fas tè a, soti nan lòm jis rive nan tout bèt, sou sa ki te kouri atè, ak zwazo latè yo. Konsa yo te efase soti sou tè la nèt, e se sèl Noé ki te rete ansanm avèk sila ki te avèk li nan lach la.
24 Dlo a te monte kouvri tout tè a pandan san-senkant jou.
7:4 Jen 6:7-13 7:5 Jen 6:22 7:6 Jen 5:32 7:7 Jen 6:18 7:8 Jen 6:19-20 7:10 Jen 7:4 7:11 Jen 8:2 7:12 Jen 7:4-17 7:13 Jen 6:18 7:15 Jen 6:19 7:17 Jen 7:4 7:20 Jen 8:4 7:21 Jen 6:7 7:22 Jen 2:7 7:23 Mat 24:38-39