9
Konsa, Bondye te beni Noé avèk fis li yo. Li te di yo: “Se pou nou vin fekon, miltipliye, e ranpli latè. Lakrent nou, ak laperèz nou va vini sou chak bèt latè, ak chak zwazo syèl la. Tout bagay ki kouri atè, ak tout pwason lanmè, tout livre nan men nou. Chak bagay ki fè mouvman e ki vivan va sèvi kòm manje pou nou. Mwen bannou tout, jan Mwen te bay plant vèt la.
“Sèlman, nou pa pou manje chè avèk lavi li, sa vle di san li. Anverite, Mwen va egzije san lavi a paske se pa m. Menm soti nan chak bèt Mwen va egzije li. Epi sou chak òm, sou frè a chak òm, Mwen va egzije lavi a yon moun.
“Nenpòt moun ki vèse san lòm, pa lòm san pa l va vèse, paske nan imaj a Bondye, Li te fè lòm. Epi pou nou, se pou nou vin fekon, e miltipliye. Peple tè a anpil, e miltipliye ladann.”
Alò, Bondye te pale avèk Noé ak fis li yo avè l. Li te di: “Gade byen, Mwen menm, Mwen vin etabli akò Mwen avèk nou, e avèk desandan aprè nou yo, 10 epi avèk chak kreyati vivan ki avè w: zwazo, bèt kay yo, ak chak bèt ki sou latè avèk nou, tout sa ki sòti nan lach la, menm chak bèt sou tè a.
11 “Mwen etabli akò Mwen avèk nou: Tout chè p ap janm koupe ankò pa dlo delij, ni p ap gen delij ankò pou detwi tè a.”
12 Bondye te di: “Sa se sign akò ke m ap fè antre Mwen avèk nou, e avèk chak kreyati vivan ki la avèk nou, jis rive pou tout jenerasyon k ap vini yo. 13 Mwen mete lakansyèl Mwen nan nwaj la, epi l ap sèvi kòm yon sign pou akò antre Mwen menm avèk latè a. 14 Li va rive ke lè m mennen yon nwaj sou latè, ke lakansyèl la ap vizib nan nwaj la, 15 epi Mwen va sonje akò ki antre Mwen menm avèk nou an, avèk chak kreyati vivan de tout chè. Epi janmen ankò dlo p ap vin yon delij pou detwi tout chè.
16 “Lè lakansyèl la nan nwaj la, Mwen va gade sou li, pou m sonje akò ki jis pou tout tan antre Bondye ak tout kreyati vivan pou tout chè ki sou latè yo.”
17 Epi Bondye te di a Noé: “Sa se sign akò ke Mwen te etabli antre Mwen ak tout chè ki rete sou tè a.”
18 Alò, fis Noé yo ki te soti nan lach la se te Sem, Cham, ak Japhet. Epi Cham te papa Canaan. 19 Twa sila yo se te fis Noé yo, e nan twa sila yo tout tè a te vin peple.
20 Alò, Noé te kòmanse kiltive tè a. Li te plante yon chan rezen. 21 Li te bwè diven, e li te vin sou. Konsa li te dekouvri kò li anndan tant li an.
22 Cham, papa Canaan nan, te wè papa li toutouni, e li te pale sa a frè l yo deyò a.
23 Men Sem avèk Japhet te pran yon abiman, yo te mete li sou chak zepòl li, e yo te mache an aryè pou kouvri nidite papa yo. Figi yo te vire akote pou yo pa wè nidite li.
24 Lè Noé te leve nan dòmi aprè diven an, li te konnen sa ke pi jenn fis li a te fè l la. 25 Konsa li te di:
“ Canaan se modi.
Se sèvitè l ap ye anvè frè li yo.”
26 Li te di osi:
“Beni se SENYÈ a, Bondye a Cham nan.
Canaan va sèvitè li.
27  Ke Bondye agrandi Japhet.
Kite li viv nan tant Sem yo.
Kite Canaan vin sèvitè li.”
28 Noé te viv twa-san-senkant ane aprè delij la. 29 Alò, tout jou a Noé yo te nèf-san-senkant ane, e li te mouri.
9:1 Jen 1:28 9:4 Lev 7:26 9:5 Egz 21:28-29 9:6 Egz 21:12-14 9:7 Jen 9:1 9:9 Jen 6:18 9:11 Jen 8:21; És 54:9 9:12 Jen 9:13-17 9:15 Lev 26:42-45 9:16 Jen 17:13-19 9:18 Jen 9:25-27 9:19 Jen 9:1-7 9:21 Pwov 20:1 9:22 Hab 2:15 9:25 Det 27:16 9:25 Jos 9:23 9:26 Jen 14:20 9:27 Jen 10:2-5