EBRE YO
1
Bondye, nan tan lontan, nan plizyè epòk ak plizyè mwayen, te pale a zansèt nou yo pa pwofèt yo.
Nan dènye jou sa yo, Li pale ak nou pa Fis Li a, ke Li te chwazi kòm eritye de tout bagay, e pa sila a osi, ke Li te fè mond lan. Anplis, Li menm se refleksyon laglwa Li, ak reprezantasyon egzakt de nati Li. Se Li ki bay soutyen a tout bagay pa pawòl a pouvwa Li a.
Lè li te fin pirifye tout peche yo, Li te monte chita sou bò dwat a Majeste anwo a. Kòmsi li te devni bokou pi bon ke zanj yo, akoz Li eritye yon non pi ekselan ke yo menm.
Paske a kilès nan zanj yo, Li te janm di:
“Ou se Fis Mwen.
Jodi a Mwen fè Ou”?
E ankò:
“Mwen va yon Papa pou Li e
Li va yon Fis pou Mwen,”
E ankò, lè Li te pote premye ne a nan mond lan, Li di: “Kite tout zanj Bondye yo adore Li,” A zanj yo Li di:
“Li fè zanj Li yo tounen van, e
sèvitè Li yo yon flanm dife”
Men a Fis la, Li di:
“Twòn pa Ou a, O Bondye, se pou
Tout tan e pou tout tan.
E otorite san patipri a
se otorite wayòm Li an.
Ou renmen ladwati e
ou rayi linikite;
konsa, Bondye, Bondye pa w la
te onksyone ou avèk lwil lajwa a
pi plis ke parèy Ou yo.”
10 Epi,
“Ou menm, Senyè, nan kòmansman an
te poze fondasyon tè a.
Syèl yo se zèv lamen Ou.
11  Yo va peri, men Ou va reste toujou.
Yo tout va vin vye tankou vètman.
12 Epi tankou yon manto,
Ou va woule yo, fè woulo nèt.
Tankou vètman, yo va vin chanje,
men Ou rete menm jan an.
Lane pa Ou yo p ap fini.”
13 Men a kilès nan zanj yo, Li janm di:
“Chita sou men dwat Mwen,
jiskaske Mwen fè lènmi Ou yo vin
yon ti ban pou pye Ou”?
14 Èske tout zanj yo se pa lespri sèvitè, ki te voye eksprè pou rann sèvis pou koz a sila ki va eritye sali yo?
1:1 Nonb 12:6,8 1:2 Sòm 2:8 1:3 II Kor 4:4 1:3 Kol 1:17 1:4 Ef 1:21 1:5 Sòm 2:7 1:5 II Sam 7:14 1:6 Sòm 97:7 1:7 Sòm 104:4 1:8 Sòm 45:6 1:9 Sòm 45:7 1:9 És 61:1,3 1:11 Sòm 102:26 1:12 Sòm 102:26,27 1:13 Sòm 110:1 1:14 Sòm 103:20