13
Kite lanmou pou frè yo kontinye.
Pa neglije byen resevwa etranje yo, paske pa fason sa a, kèk nan nou bay lojman menm a zanj, san nou pa konnen.
Sonje prizonye yo, kòmsi nou ta nan prizon avèk yo, e sila ki maltrete yo, akoz ke nou menm, nou osi nan kò a.
Maryaj dwe kenbe ak gwo respè pami tout moun, e kabann maryaj la dwe rete san souye; paske Bondye ap jije fònikatè ak adiltè yo.
Fè si ke karaktè nou lib de lanmou lajan, e nou rete kontan avèk sa ke nou genyen, paske Li menm te di: “Mwen p ap janm kite nou, ni abandone nou,” pou nou di avèk konfyans:
“Senyè a se soutyen mwen.
Mwen p ap pè.
Sa lòm ka fè m?”
Sonje sila ki te dirije nou yo, ki te pale pawòl Bondye ak nou. Konsidere rezilta a zèv pa yo, e imite lafwa yo.
Jésus Kri se menm lan ayè, jodi a, e pou tout tan.
Pa vin pote ale pa doktrin varye e dwòl, paske li bon pou kè a ranfòse pa lagras, men pa ak kalite manje ki pa t bay benefis a sila ki te swiv yo.
10 Nou gen yon lotèl kote sila ki fè sèvis nan tabènak yo pa gen dwa manje. 11 Paske kò a bèt sila yo ki gen san yo, ke Wo Prèt la pote nan lye sen an kòm yon ofrann pou peche yo, dwe brile deyò kan an. 12 Menm jan an, Jésus osi, pou Li te kapab sanktifye pèp la ak pwòp san Li, te soufri deyò pòtay la. 13 Donk, annou ale jwenn Li deyò kan an pou pote repwòch Li yo.
14 Paske isit la, nou pa gen yon vil k ap dire, men n ap chache vil ki gen pou vini an.
15 Alò, atravè Li menm, annou ofri yon sakrifis lwanj pou Bondye san rete, ki se fwi a lèv ki bay remèsiman a non Li yo.
16 Epi pa neglije fè sa ki bon e pataje youn avèk lòt. Paske nan sakrifis konsa yo, Bondye pran plezi.
17 Obeyi lidè nou yo e soumèt nou a yo. Paske yo kontinye ap gade sou nanm nou, kòm sila ki oblije rann kont. Kite yo fè sa avèk jwa, olye chagren, paske sa pa t ap gen pwofi pou nou. 18 Priye pou nou, paske nou asire ke nou gen yon bon konsyans, nan dezire kondwi tèt nou avèk lonè nan tout bagay. 19 Mwen ankouraje nou menm plis pou fè sa pou mwen kapab vin restore a nou menm pi vit menm.
20 Koulye a, ke Bondye lapè a, ki te fè leve nan lanmò a gran Pastè a brebi yo pa san akò etènèl la, menm Jésus, Senyè nou an, 21  ekipe nou nan tout bon zèv, pou fè volonte Li, nan travay nan nou sa k ap fè plezi devan zye Li, nan Jésus Kri, a Li menm, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.
22 Men mwen ankouraje nou frè m yo, pou sipòte pawòl egzòtasyon sila a, paske mwen ekri nou brèvman. 23 Byen aprann ke frè nou Timothée lage, e mwen va wè nou avèk li menm, si li vini vit. 24 Salye tout lidè nou yo ak tout sen yo. Sila an Italie yo salye nou. 25 Ke lagras rete avèk nou tout.
13:1 Wo 12:10 13:2 Jen 18:1 13:3 Kol 4:18 13:4 I Kor 6:9 13:5 Det 31:6,8 13:6 Sòm 118:6 13:7 Eb 13:17,24 13:8 Eb 8:12 13:9 Ef 4:14 13:9 Eb 9:10 13:10 I Kor 10:18 13:11 Egz 29:14 13:12 Eb 9:12 13:13 Luc 9:23 13:15 És 57:19 13:16 Wo 12:13 13:16 Fil 4:18 13:17 Éz 3:17 13:18 Trav 24:16 13:19 Phm 22 13:20 Wo 15:33 13:20 Jn 10:11 13:21 I Pi 5:10 13:21 Fil 2:13 13:22 Eb 3:1 13:22 I Pi 5:12 13:23 Trav 16:1 13:24 I Kor 16:16