3
Konsa, frè sen yo, patisipan a yon apèl selès yo, konsidere Jésus, Apot ak Wo prèt lafwa ke n ap konfese a. Li te fidèl a Sila ki te chwazi Li a, menmjan Moïse osi te fidèl nan tout kay Li a. Paske Li te konte dign de plis glwa ke Moïse, menmjan ke konstriktè kay la gen plis onè pase kay la li menm. Paske tout kay bati pa yon moun, men Sila ki bati tout bagay la, se Bondye. Alò, Moïse te fidèl nan tout kay Li a, kòm yon sèvitè pou yon temwayaj a bagay sila ki t ap vin pale pita yo; Men Kris te fidèl kòm yon Fis nan kay Li a. Se a kay pa Li nou ye a, si nou kenbe fèm nan konfyans nou an, ak fyète de fèm esperans ke nou gen jiska lafen an.
Konsa, jan Lespri Sen an di a:
“Jodi a, si nou tande vwa Li,
pa fè tèt nou di, jan lè yo te fè M fache a,
pandan jou tribilasyon yo nan dezè a,
kote Papa nou yo te fè eprèv mwen nan
tante Mwen, e te vin wè zèv Mwen yo
pandan karant ane.
10  Konsa, Mwen te fache avèk jenerasyon sila a,
e M te di:
‘Yo toujou vin egare nan kè yo;
e yo pa t konnen chemen Mwen yo’.
11  Jan Mwen te sèmante nan kòlè Mwen an,
‘Yo p ap antre nan repo Mwen’.
12  Fè atansyon, frè m yo, pou pa ta gen pami nou okenn mechan, kè enkredil ki tonbe lwen Bondye vivan an. 13 Men ankouraje youn lòt jou aprè jou, toutotan li rele “jodi a”, pouke okenn nan nou pa vin fè tèt di pa sediksyon peche a.
14 Paske nou gen tan devni patisipan an Kris si nou kenbe fèm a premye asirans nou an jiska lafen; 15 Pandan ke li di:
“Jodi a si nou tande vwal L,
pa andisi kè nou,
jan lè yo te fè nan rebelyon an.”
16 Paske kilès ki te fè rebelyon an? Èske, vrèman, se pa t tout sila ki te sòti an Égypte ki te mennen pa Moïse yo?
17 Epi avèk kilès Li te fache pandan karant ane yo? Èske se pa avèk sila ki te peche yo ke kò yo te tonbe nan dezè a?
18 Epi a kilès Li te sèmante ke yo pa t ap antre nan repo, sof ke a sila ki te dezobeyisan yo?
19 Donk, nou wè ke yo pa t kapab antre akoz enkwayans yo.
3:1 Fil 3:14 3:2 Egz 40:16 3:3 II Kor 3:7-11 3:5 Nonb 12:7 3:5 Det 18:18 3:6 I Kor 3:16 3:7 Sòm 95:8 3:9 Sòm 95:11 3:9 Trav 7:36 3:10 Sòm 95:10 3:11 Sòm 95:11 3:12 Kol 2:8 3:13 Eb 10:24 3:13 Ef 4:22 3:14 Eb 3:6 3:14 Eb 11:1 3:15 Sòm 95:7 3:16 Jr 32:29 3:17 Nonb 14:29 3:18 Nonb 14:23 3:19 Jn 3:18,36