5
Paske tout wo prèt ki pran pami moun se deziye pou moun, nan bagay ki apatyen a Bondye, pou l kapab ofri Bondye don ak sakrifis pou peche yo. Konsa,wo prèt la kapab aji ak konpasyon selon moun inyoran ak egare yo, paske li menm osi, li gen anpil feblès. Epi akoz de sa, li oblije ofri sakrifis pou peche pèp la, e pou pwòp tèt li tou. Okenn moun konsa p ap pran onè pou tèt li, men li rele pa Bondye, menm jan Aaron te rele a. Menmjan an, Kris pa t osi bay pwòp tèt Li glwa, pou L ta devni yon wo prèt, men Li menm, Bondye ki te di Li:
“Ou se Fis Mwen; jodi a Mwen vin Papa Ou.”;
Menmjan Li di osi nan yon lòt pasaj:
“Ou se yon prèt pou tou tan
selon modèl Melchisédek la.”
Nan jou lachè Li yo, Li te ofri priyè, siplikasyon avèk gwo kriye ak dlo nan zye a Sila sèl ki ta kapab sove Li soti nan lanmò a, e Li, Bondye, te tande akoz de sentete Li. Malgre Li te yon Fis, Li te aprann obeyisans nan bagay ke Li te soufri yo. Epi apre, lè L te vin pafè, Li te vin devni pou tout sila ki obeyi Li yo, sous sali etènèl la, 10 nonmen pa Bondye kòm wo prèt nan modèl a Melchisédek la.
11 Konsènan Li menm, nou gen anpil bagay pou di, e se difisil pou eksplike akoz ke nou vin mal pou tande. 12 Paske malgre lè sa a, nou ta dwe vin mèt, nou bezwen ankò yon moun pou enstwi nou prensip de baz revelasyon Bondye yo. Ou vin bezwen lèt olye manje solid.
13 Paske tout sila ki pran lèt sèlman yo, yo pa abitye avèk pawòl ladwati a, paske yo bebe toujou. 14 Men manje solid la, se pou granmoun yo, ki akoz de pratik yo, vin gen kapasite pou distenge sa ki byen ak sa ki mal.
5:1 Egz 28:1 5:2 Eb 2:18 5:3 Lev 9:7 5:4 Nonb 16:40 5:5 Sòm 2:7 5:6 Sòm 110:4 5:7 Mat 26:39,42,44 5:8 Eb 1:2 5:8 Fil 2:8 5:9 Eb 2:10 5:10 Eb 2:17 5:12 Eb 6:1 5:13 I Kor 3:1 5:14 I Kor 2:6