OSÉE
1
Pawòl SENYÈ a ki te vini a Osée, fis a Béeri a, pandan jou Ozias yo, Jotham, Achaz, ak Ézéchias, wa a Juda a, e nan tan Jéroboam, fis a Joas la, wa Israël la.
Lè SENYÈ a te pale an premye pa Osée, SENYÈ a te di a Osée: “Ale, pran pou ou menm, yon madanm pwostitiye, ak pitit enfidèl yo. Paske peyi a ap komèt gwo pwostitisyon. L ap abandone SENYÈ a.”
Konsa, li te ale pran Gomer, fi a Diblaïm nan. Li te vin ansent, e li te fè yon fis pou li.
Konsa, SENYÈ a te di li: “Bay li non Jizreel; paske deja nan yon ti tan mwen va vanje san a Jizreel sou lakay Jéhu. Epi sa va koze wayòm lakay Israël la fini. Nan jou sa a, Mwen va kraze banza Israël la nan vale Jizreel la.”
Konsa, li te vin ansent ankò, e li te bay nesans a yon fi. Epi SENYÈ a te di li: “Rele li Lo Ruchama, paske Mwen p ap fè konpasyon ankò pou lakay Israël, pou M ta janm padone yo. Men Mwen va genyen konpasyon pou lakay Juda. Yo va delivre pa SENYÈ Bondye yo, a e yo p ap delivre ni pa banza, ni pa nepe, ni pa batay, pa cheval, ni chevalye.”
Alò, lè li te fin sevre Lo Ruchama, li te vin ansent, e li te fè yon fis.
Epi SENYÈ a te di: “Rele li Lo Ammi, paske nou pa pèp Mwen, ni Mwen pa Bondye nou.” 10 Malgre sa, fis Israël yo va tankou sab lanmè, ki p ap ka mezire, ni konte. Men nan plas kote sa te pale a yo menm nan, ‘Nou pa pèp Mwen an’, sa va pale a yo menm ‘Yo va rele fis a Bondye vivan an.’ 11 Konsa, fis a Juda ak fis Israël yo va vin rasanble ansanm, epi yo va chwazi pou kont yo yon sèl chèf, epi yo va monte depi nan peye a, paske jou a Jizreel la va vreman gran.
1:2 Det 31:16 1:4 Os 2:22 1:4 II Wa 10:11 1:5 Jr 49:35 1:5 Jos 17:16 1:6 Os 2:4 1:7 Jr 25:5,6 1:7 Sòm 44:3-7 1:10 Wo 9:26; És 65:1 1:11 Jr 23:5,6 1:11 Jr 30:21