2
Pawòl ke Ésaïe, fis a Amots la, te wè konsènan Juda avèk Jérusalem.
Alò, li va vin rive nan dènye jou yo,
ke mòn lakay SENYÈ a va etabli kon chèf a mòn yo.
Li va leve pi wo pase kolin yo,
e tout nasyon yo va kouri vin jwenn li.
Konsa, anpil pèp va vini e yo va di:
Vini, annou monte nan mòn SENYÈ a,
lakay Bondye a Jacob la;
pou L kab enstwi nou konsènan chemen Li yo,
e pou nou kapab mache nan pa Li yo.
Paske lalwa a va sòti fè parèt soti nan Sion,
e pawòl Bondye a soti nan Jérusalem.
Li va jije pami nasyon yo,
e Li va rann desizyon pou anpil pèp.
Yo va frape nepe yo pou fè cha tè a,
ak lans lagè pou fè kwòk imondaj yo.
Nasyon p ap leve nepe kont nasyon
e jis pou tout tan,
yo p ap vin aprann fè lagè ankò.
 
Vini lakay Jacob;
annou mache nan limyè SENYÈ a.
Paske ou te abandone pèp Ou a, lakay Jacob,
akoz yo plen ak jan de panse yo
ki sòti nan lès;
akoz yo vin pwofèt ki swiv Filisten yo,
k ap antann yo ak pitit a etranje yo.
Anplis, peyi yo vin plen ak ajan ak lò
e pou richès yo, nanpwen fen.
Peyi yo osi vin plen ak cheval yo,
e ak cha lagè yo, nanpwen fen.
Peyi yo anplis plen ak zidòl;
yo adore zèv men pa yo, sa ke dwèt yo te fè.
Pou sa, lòm vin imilye;
e limanite vin bese.
Konsa, pa padone yo.
10 Antre nan wòch,
e kache nan pousyè,
kont laperèz SENYÈ a,
kont mayifisans ak majeste li.
11  Ògèy a lòm va vin bese
e wotè a lòm va vin imilye.
E nan jou sa a se sèl SENYÈ a k ap egzalte.
 
12 Paske SENYÈ dèzame yo va gen yon jou jijman
kont nenpòt moun ki ògeye, e ki awogan;
nenpòt moun ki leve tèt li wo va bese li.
13 Epi kont tout bwa sèd Liban an ki byen wo,
e ki leve tèt yo wo,
kont tout chenn Basan yo.
14 Kont tout mòn wo yo,
kont tout kolin ki leve wo yo,
15 Kont tout fò wo yo,
kont tout miray fòtifye yo,
16 Kont tout bato Tarsis yo,
kont tout sa ki bèl pou wè yo.
17 Ògèy a lòm va vin imilye
e wotè a lòm va vin desann.
Se sèl SENYÈ a ki va egzalte nan jou sa a.
18 Men zidòl yo va vin disparèt nèt.
19 Tout moun va antre nan kav pami wòch yo,
ak nan twou tè a,
devan gran laperèz SENYÈ a,
ak gwo bagay etonnan de majeste Li,
lè Li leve pou fè tè a tranble.
20 Nan jou sa a, tout moun va jete deyò rat ak chòv-sourit,
zidòl fèt an ajan, ak zidòl fèt an lò,
ke yo te fè pou yo menm ta adore,
21 pou yo ka antre nan kav wòch
ak twou wòch nan falèz yo,
pou yo pa parèt devan laperèz SENYÈ,
ak gwo bagay etonan a majeste Li a,
lè Li leve pou fè latè tranble.
22 Sispann mete konfyans nan lòm;
souf vi li se sèl nan nen l.
Kisa li vo?
2:1 És 66:24 2:2 Mi 4:1-3 2:3 És 51:4-5 2:5 És 60:1-20 2:6 Det 31:17 2:8 És 10:11 2:9 Né 4:5 2:10 II Tes 1:9 2:11 És 5:15 2:12 Job 40:11-12 2:13 Za 11:2 2:14 És 40:4 2:15 És 25:12 2:16 I Wa 10:22 2:18 És 21:9 2:19 És 2:10 2:20 És 30:22 2:21 És 2:19 2:22 És 40:15-17