24
Gade byen, SENYÈ a va devaste tout latè ak gwo destriksyon, boulvèse sifas li e gaye tout moun ki rete ladann. Pèp la menm jan ak prèt la, sèvitè a tankou mèt li, sèvant lan tankou mètrès li, sa k ap achte tankou sa k ap vann, sila k ap fè prè a tankou sila k ap prete a, sila ki resevwa kredi a tankou sila k ap bay kredi a. Latè va devaste nèt e vin depouye, paske SENYÈ a te pale pawòl sa a. Latè kriye ak doulè e vin fennen nèt. Sila ki egzalte wo sou moun latè yo vin disparèt. Anplis, latè vin plen ak pouriti a moun k ap viv ladann, paske yo te transgrese lalwa yo, vyole règleman yo, e te kraze akò letènèl la. Akoz sa, yon malediksyon devore latè a, e sila ki rete ladann yo vin twouve koupab. Konsa, sila ki rete sou latè yo vin brile e se sèl kèk grenn moun ki rete. Diven nèf la fèb. Chan rezen an gate. Tout kè kontan yo fè gwo plent. Kè kontan a tanbouren yo vin rete, bri a moun k ap fete yo vin sispann. Yo pa bwè diven ak chanson; bwason fò yo vin anmè pou sila ki bwè l yo. 10 Vil gwo dezòd la vin kraze nèt. Tout kay vin fèmen pou pèsòn pa antre. 11 Gen gwo kriye nan lari a pou afè diven. Tout kè kontan vire an gwo tristès. 12 Se dezolasyon ki rete nan vil la e pòtay la fin kraze nèt. 13 Paske se konsa l ap ye nan mitan latè a pami pèp yo; tankou lè bwa doliv souke fò, tankou sila ki ranmase apre rekòlt rezen an fin fèt yo. 14  Yo leve vwa yo; yo kriye ak kè kontan. Yo kriye soti nan lwès akoz majeste SENYÈ a. 15 Pou sa, bay glwa a SENYÈ a nan lès, non SENYÈ a, Bondye Israël la, nan peyi kot lanmè yo. 16 Soti nan dènye pwent latè, nou tande chan yo: “Glwa a Sila Ki Dwat la,” men mwen di: “Malè a mwen menm! Malè a mwen menm! Elas pou mwen! Moun trèt yo aji an trèt e moun trèt yo aji an trèt anpil.” 17  Gwo laperèz, twou fòs ak pèlen vin devan nou menm ki rete sou latè. 18 Konsa, li va rive ke sila ki sove ale lè l tande gwo dega a va vin tonbe nan fòs la, e sila ki rale kò l sòti nan fòs la va pran nan pèlen an; paske fenèt anlè yo vin louvri e fondasyon latè yo ap tranble. 19 Latè vin dechire. Latè vin fann nèt. Latè souke ak vyolans. 20 Latè woule de bò tankou moun ki anba gwòg. Li pyete tankou vye kay pay. Akoz transgresyon li yo peze lou sou li, li va tonbe nèt pou l pa janm leve ankò. 21 Li va rive nan jou sa a ke SENYÈ a va pini lame syèl anwo yo ak wa latè sou latè yo. 22 Yo va ranmase ansanm tankou prizonye nan yon kacho e yo va fèmen nan prizon. Apre anpil jou, yo va pini. 23 Konsa, lalin nan va vin twouble e solèy la va vin wont, paske SENYÈ dèzame yo va renye sou Mòn Sion ak Jérusalem, e laglwa Li va devan ansyen Li yo.
24:1 És 2:19 24:2 Lev 25:36-37 24:4 És 33:8 24:6 Jos 23:15 24:7 És 16:10 24:8 És 5:12-14 24:9 És 5:20 24:10 És 23:1 24:11 És 16:10 24:12 És 14:31 24:13 És 17:6 24:14 És 12:6 24:15 És 11:11 24:16 És 11:12 24:17 Jr 48:43 24:18 Jen 7:11 24:19 Nonb 16:31-32 24:20 Dan 11:19 24:21 És 10:12 24:22 És 10:4 24:23 És 13:10