26
Nan jou sa a, chanson sa a va chante nan peyi Juda:
“Nou gen yon vil ki fò;
li monte miray ak ranfò pou sekirite.
Ouvri pòtay yo pou nasyon ladwati a ka antre;
sila ki rete fidèl la.
Sila ki rete fèm nan panse li yo,
Ou va kenbe nan lapè pafè,
akoz li gen konfyans nan Ou.
Mete konfyans nan SENYÈ a jis pou tout tan,
paske nan BONDYE SENYÈ a,
nou gen yon Wòch etènèl.
Paske Li te bese sila ki te rete anwo yo,
vil ki pa t kapab venk lan.
Li te desann li ba.
Li te desann li jis atè.
Li te jete li nan pousyè.
Pye va foule l, pye a malere a,
pla pye a sila ki san sekou yo.”
Chemen moun jis se ladwati.
O Sila Ki Dwat la, fè wout a moun dwat yo a byen pla.
 
Anverite, selon jijman Ou yo,
O SENYÈ, nou t ap tann Ou.
Non Ou, menm memwa Ou, se dezi a nanm nou.
Nan lannwit, nanm mwen anvi Ou.
Anverite, lespri m anndan mwen chache Ou ak enpasyans;
paske lè jijman Ou yo rive sou latè,
sila ki rete ladann yo, aprann ladwati.
10 Malgre mechan an ta jwenn favè, li pa p aprann ladwati.
Li aji ak enjistis nan peyi ladwati.
Konsa, li p ap janm wè majeste Senyè a.
 
11 O SENYÈ, men Ou leve wo, men yo pa wè li;
men yo va wè zèl Ou pou pèp la
e y ap vin wont.
Anverite, dife va devore lènmi Ou yo.
12 SENYÈ, Ou va etabli lapè pou nou,
akoz ou te akonpli pou nou tout zèv nou yo.
13 O SENYÈ, Bondye nou an, lòt mèt apà de ou te gouvène nou;
men se non Ou sèl, ke nap konfese.
14  Sila ki mouri yo p ap viv.
Lespri ki pati yo p ap leve ankò.
Konsa, Ou te pini yo, detwi yo
e Ou te efase tout memwa a yo menm.
15  Ou te ogmante nasyon an, O SENYÈ,
Ou te agrandi nasyon an!
Ou leve wo!
Ou te fè tout lizyè peyi a vin pi laj.
 
16 O SENYÈ, nan mitan gwo twoub yo, yo te chache Ou.
Yo pa t ka fè plis pase respire yon priyè le chatiman Ou te sou yo.
17  Tankou fanm ansent k ap pwoche tan pou akouche;
li vire kò l e li rele anmwey nan doulè ansent lan;
se konsa nou te ye devan Ou, O SENYÈ.
18 Nou te ansent, nou te vire kò,
men nou pa t bay nesans a plis ke van.
Nou pa t ka akonpli delivrans sou tè a,
ni pitit mond yo pa t tonbe.
19 Moun mouri Ou yo va viv;
kadav pa yo va leve.
Nou menm ki kouche nan pousyè a,
leve e fè kri lajwa,
paske lawouze ou se lawouze solèy leve a,
e latè va bay nesans a lespri ki te pati yo.
 
20 Vini, pèp mwen an, antre nan chanm nou
e fèmen pòt nou dèyè nou.
Kache pou yon ti tan jiskaske gwo kòlè a fin pase.
21 Paske gade byen, SENYÈ a prèt pou sòti nan plas Li,
pou pini sila ki rete sou latè yo pou inikite yo.
Konsa, latè va fè parèt tout san vèse li yo,
e li p ap kache mò li yo ankò.
26:1 És 60:18 26:2 És 60:11-18 26:3 És 26:12 26:4 És 17:10 26:5 Job 40:11-13 26:6 Job 40:11-13 26:7 És 57:2 26:8 Egz 3:15 26:9 Sòm 63:5-6 26:10 Os 11:7 26:11 És 44:9-18 26:12 És 26:3 26:14 Det 4:28 26:15 És 9:3 26:16 És 37:3 26:17 És 13:8 26:18 Sòm 17:14 26:19 És 25:8 26:20 És 10:5-25