32
Gade byen, yon wa va renye ak ladwati
e prens yo va renye ak jistis.
Yon nonm va tankou yon abri kont van
ak yon pwotèj kont tanpèt,
tankou sous dlo nan yon peyi sèch,
tankou lonbraj a yon gwo wòch nan yon peyi ki deseche.
Alò, zye a sila ki wè yo, p ap vin avegle;
zòrèy a sila ki tande yo, va koute.
Kè a sila ki aji san reflechi a va konprann verite,
e lang lan a sila ki bege a va pale klè.
Li p ap rive ankò ke yo rele moun fou, prens;
ni rele vakabon, moun bon kè.
Paske moun fou a pale foli,
e kè li apiye vè mechanste:
pou fè sa ki kont Bondye
e pale mal kont SENYÈ a,
pou kenbe moun grangou a san satisfè,
e pou anpeche moun swaf la bwè.
Pou vakabon an, zam li se mechanste.
Li fòme plan mechan pou detwi moun aflije a ak kout lang,
malgre sila ki nan bezwen an pale sa ki bon.
Men sila ki prens toujou fòme plan ki bèl;
epi pa bèl plan an, ap kanpe.
Leve ou menm, O fanm ki alèz e tande vwa mwen!
Prete zòrèy a pawòl mwen, fi ki alèz, san pwoblèm yo.
10 Nan yon ane ak kèk jou, nou va twouble,
O fi ki san pridans yo;
paske, afè fwi diven an va fini,
ni rekòlt la p ap rive.
11 Tranble, fanm alèz yo;
twouble, nou menm ki san pridans!
Retire rad nou, dezabiye nou
e mete twal sak nan senti nou.
12  Bat lestomak nou pou bèl chan jaden yo,
pou chan ki plen ak fwi rezen yo.
13 Anplispou peyi a pèp mwen an,
kote pikan ak raje va pouse monte;
wi pou tout kay plen ak jwa yo
ak gran vil kè kontan yo.
14 Paske palè a vin vid,
e gran vil plen moun yo vin abandone.
Kolin ak fò ki wo yo vin tounen kav yo jis pou tout tan,
yon plezi pou bourik mawon,
yon patiraj pou bann mouton yo;
15 jiskaske Lespri a vide sou nou soti anwo,
epi savann nan vin fè yon chan fètil,
e chan fètil la va vin konsidere kon yon forè.
 
16 Nan lè sa a lajistis va demere nan dezè a
e ladwati nan chan fètil la.
17 Epi zèv ladwati a va lapè,
e sèvis ladwati a va kalm ak konfyans
k ap dire jis pou tout tan.
18 Nan lè sa a, pèp mwen an va viv nan yon abitasyon lapè,
ak sekirite ki san twoub nan plas repo san pwoblèm.
19 Malgre lagrèl tonbe kraze forè a, e gran vil la va vin devaste nèt.
20 A la beni nou va beni,
nou menm ki simen akote tout dlo yo,
ki lage pye bèf ak bourik la.
32:1 Sòm 72:1-4 32:2 És 4:6 32:4 És 29:24 32:5 I Sam 25:25 32:6 És 3:15 32:7 Jr 5:26-28 32:8 Pwov 11:25 32:9 És 47:8 32:10 És 5:5-6 32:11 És 47:2 32:12 Na 2:7 32:13 És 5:6-17 32:14 És 13:22 32:15 És 11:2 32:16 És 33:5 32:17 Sòm 72:2-3 32:19 És 24:10-12 32:20 Ekl 11:1