35
Savann nan ak dezè a va kontan.
Tè dezole a va rejwi e flèri, tankou yon woz.
Li va fleri anpil, rejwi ak kè kontan,
e fè yon kri lajwa.
Glwa Liban an va bay a li menm;
majeste a Carmen ak Saron an.
Yo va wè glwa SENYÈ a, majeste a Bondye nou an.
 
Ankouraje men ki pedi fòs,
e ranfòse jenou ki fèb la.
Pale a sila ki gen kè twouble yo,
“Pran kouraj!
Pa pè!
Gade byen, Bondye nou an va vini ak vanjans.
Rekonpans Li an va rive.
Li va vini, e Li va sove nou.”
 
Konsa, zye avèg yo va louvri,
e zòrèy a soud yo debouche.
Moun bwate yo va vòltije tankou sèf,
e lang bèbè a va rele ak gwo jwa.
Paske dlo va pete nan tè sèch yo,
ak vwa dlo yo nan dezè a.
Peyi deseche a va vin tounen yon letan,
e tè swaf kòn sous k ap pete dlo.
Nan landwa chen mawon yo,
nan kote yo poze a , va gen zèb ak wozo ak jon.
Yon gran chemen va la, yon gran ri.
Li va rele Chemen Sen an.
Sila ki pa pwòp p ap vwayaje sou li,
men li va sèvi pou sila ki mache nan Chemen an.
Moun mechan ak enpridan an pa p mache la.
Nanpwen lyon k ap la,
ni p ap gen bèt sovaj k ap mache sou li.
Yo p ap twouve la.
Men rachte yo va mache la.
10  Rachte a SENYÈ yo va retounen.
Ya vini ak gwo kri lajwa lantre nan Sion;
lajwa ki p ap janm fini ap sou tèt yo.
Yo va twouve kè kontan ak lajwa;
tristès ak soupi va sove ale.
35:1 És 41:19 35:2 És 25:9 35:3 Job 4:3-4 35:4 És 32:4 35:5 És 29:18 35:6 Mat 15:30 35:7 És 49:10 35:9 És 51:10 35:10 És 1:27