37
Lè wa Ézéchias te tande sa, li te chire rad li, te kouvri kò l ak sak twal, e li te antre lakay SENYÈ a. Li te voye Éliakim ki te chèf nan kay la avèk Schebna, grefye a ak ansyen a prèt yo, kouvri ak sak twal, kote Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la. Yo te di l: “Men konsa pale Ézéchias: ‘Jou sa a se yon jou gwo malè, repwòch ak rejè; paske pitit yo rive nan lè pou yo fèt e nanpwen fòs pou akouche yo. Petèt, SENYÈ Bondye ou a va tande pawòl a Rabschaké, ke mèt li a, wa Assyrie a, te voye pou repwoche Bondye vivan an, e li va repwoche pawòl ke SENYÈ a, Bondye ou a, te tande yo. Pou sa, leve lapriyè yo pou retay ki la toujou yo.’ ”
Se konsa sèvitè a Wa Ézéchias yo te rive kote Ésaïe.
Ésaïe te di yo: “Konsa nou va pale mèt nou an, ‘Se konsa SENYÈ a pale: “Pa pè akoz pawòl ke ou te tande yo, avèk sila sèvitè a wa Assyrie yo te blasfeme non Mwen. Gade byen, Mwen va mete yon lespri nan li pou l tande yon rimè pou li retounen nan pwòp peyi li. Epi Mwen va fè l tonbe pa nepe nan pwòp peyi li.” ’ ”
Pou sa a, Rabschaké te retounen e te twouve wa Assyrie a t ap goumen kont Libna, paske li te tande ke wa a te kite Lakis. Lè li menm, wa Assyrie a tande yo pale de Tirhaka, wa Cush la: “Li te parèt deyò pou goumen kont nou,” epi lè l tande sa, li te voye mesaje yo kote Ézéchias e te di: 10 “Konsa ou va di a Ézéchias, wa a Juda a: ‘Pa kite Bondye ou a nan sila ou mete konfyans ou an pase ou anba rizib pou di ou: “Jérusalem p ap bay nan men wa Assyrie a.” 11  Gade byen, ou te tande sa ke wa Assyrie yo te fè a tout peyi yo, ke yo te detwi yo nèt. Konsa, èske ou va chape? 12 Èske dye a nasyon sa yo ke papa m te detwi yo te delivre yo; Gozan, Charan, Retseph, ak fis a Éden ki te Telassar yo? 13 Kote wa Hamath la, wa Arpad la, ak wa nan vil a Sepharvaïm lan, Héna, ak Ivva?’ ”
14 Ézéchias te pran lèt la nan men mesaje a, li te li li. Konsa, li te monte lakay SENYÈ a, e li te ouvri li devan SENYÈ a. 15 Ézéchias te priye a SENYÈ a e te di: 16 “O SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, ki chita sou twòn li anwo cheriben yo, Ou se Bondye a, Ou menm sèl, sou tout wayòm latè yo. Ou te fè syèl la ak latè a. 17 Panche zòrèy Ou, O SENYÈ pou tande. Ouvri zye Ou, O SENYÈ pou Ou wè. Koute byen tout pawòl ke Sanchérib te voye pou repwoche Bondye vivan an. 18 Anverite O SENYÈ, wa Assyrie yo te detwi tout peyi yo ak tout tè pa yo. 19 Epi li te jete dye pa yo nan dife, paske se pa t dye yo te ye, men zèv ki te fèt pa men a lòm, ak bwa ak wòch. Konsa yo te detwi yo. 20 Koulye a, O SENYÈ, Bondye nou an, delivre nou soti nan men l pou tout wayòm latè yo ka konnen ke Ou menm sèl SENYÈ a, se Bondye.”
21 Ésaïe, fis a Amots la te voye kote Ézéchias e te di: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, ‘Akoz nou te priye a Mwen menm sou Sanchérib, wa Assyrie a, 22 men pawòl ke SENYÈ a fin pale kont li: Fi vyèj a Sion an desann ou nèt! Li pa bay ou valè. Fi a Jérusalem nan souke tèt li devan w! 23 Se kilès ou te meprize e blasfeme? Kont kilès ou te leve vwa ou, e kont kilès ou te leve zye ou ak ògèy la? Kont Sila Ki Sen an Israël la! 24 Ak sèvitè ou yo, ou te meprize SENYÈ a! Ou te di: ‘Ak tout cha mwen yo, mwen te monte sou wotè a mòn yo, kote pi izole nan Liban yo. Epi mwen va koupe bwa sèd li yo ak tout bwa pichpen pi bèl yo. Mwen va monte kote tèt mòn pi wo li a, nan forè pi bèl li yo. 25 Mwen te fouye pwi yo, mwen te bwè dlo yo e ak pla pye mwen, mwen fè tout rivyè an Égypte yo vin sèch.’ ”
26 “Èske ou pa t tande? Lontan sa, Mwen te fè li; depi nan tan ansyen yo, Mwen te planifye sa. Koulye a Mwen fin fè l rive, pou ou ta fè gwo vil fòtifye yo vin tounen gwo pil mazi. 27 Akoz sa, moun ki te rete ladann yo te manke fòs. Yo te plen konfizyon ak wont. Yo te tankou zèb chan, tankou zèb vèt, tankou zèb sou twati kay ki fennen avan li fin grandi. 28 Men Mwen konnen lè ou chita ak lè ou sòti, lè ou antre ak lè ou fè laraj kont Mwen. 29 Akoz laraj ou fè kont Mwen, e akoz ògèy ou rive monte nan zòrèy Mwen; pou sa, Mwen va mete yon gwo kwòk nan nen ou ak brid Mwen nan lèv ou, e Mwen va vire fè ou tounen pa chemen ke ou te antre a.”
30 “Epi sa va sign pou ou: ou va manje ane sa a sa ki grandi pou li, nan dezyèm ane sa ki vin parèt menm jan an. Nan twazyèm ane a, plante, rekòlte, plante chan rezen yo e manje fwi yo. 31 Retay lakay Juda ki chape a va ankò pran rasin anba pou donnen fwi anlè. 32 Paske soti nan Jérusalem, va vin parèt yon retay e sòti nan Mòn Sion, kèk moun ki chape. Zèl kouraj SENYÈ a va akonpli sa a.”
33 “Pou sa” pale SENYÈ a, pale konsènan wa Assyrie a konsa: “Li p ap rive nan vil sa a, ni tire yon flèch la. Li p ap parèt devan l ak boukliye, ni monte yon ran syèj kont li. 34  Pa menm chemen ke li te vini an, pa li menm li va retounen e li p ap rive sou vil sa a,’ deklare SENYÈ a. 35 ‘Paske Mwen va defann vil sa a pou sove li pou pwòp koz pa M, e pou koz sèvitè Mwen an, David.’ ”
36 Epi zanj SENYÈ a te sòti deyò e te frape san-katre-ven-senk-mil lòm nan kan Asiryen yo. Lè moun te leve bonè granmmaten, gade byen, yo tout te mouri. 37 Konsa, Sanchérib, wa Assyrie a te sòti, te retounen lakay li e te rete Ninive. 38 Li te vin rive pandan li t ap adore lakay Nisroc, dye pa li a, ke Adrammélec ak Scharetser, fis li yo, te touye li ak nepe e yo te chape antre nan peyi Ararat. Konsa, Ésar-Haddon, fis li a, te renye nan plas li.
37:1 II Wa 19:1-37 37:2 És 1:1 37:3 És 22:5 37:4 És 36:13-20 37:6 És 7:4 37:7 És 37:37-38 37:8 Jos 10:31-32 37:9 És 18:1 37:10 És 36:15 37:11 És 10:9-11 37:16 És 42:5 37:17 Sòm 74:22 37:18 II Wa 15:29 37:19 És 2:8 37:20 És 25:9 37:22 Sòm 9:14 37:23 Éz 39:7 37:24 És 14:8 37:25 Det 11:10 37:26 Trav 2:23 37:27 Sòm 129:6 37:28 Sòm 139:1 37:29 És 10:12 37:30 Lev 25:5-11 37:31 És 27:6 37:32 II Wa 19:31 37:33 Jr 6:6 37:34 És 37:29 37:35 II Wa 20:6 37:36 II Wa 19:35 37:37 Jen 10:11 37:38 Éz 4:12