39
Nan lè sa a Merodac-Baladan, fis a Baladan nan, wa Babylon nan, te voye lèt ak yon kado bay Ézéchias, paske li te tande ke li te malad, e li te refè. Ézéchias te kontan e te montre yo tout trezò lakay li yo; ajan ak lò a, epis ak lwil presye, tout zam li yo ak tout sa ki te la nan trezò a. Pa t gen anyen lakay li a ni nan tout wayòm li an ke Ézéchias pa t montre yo.
Alò, Ésaïe, pwofèt la, te vin kote Wa Ézéchias. Li te di l: “Se kisa mesye sa yo te di, e se kibò yo sòti pou vin kote nou la a?”
Ézéchias te di: “Yo vin kote m soti nan yon peyi lwen, Babylone.”
Li te di: “Se kisa yo te wè lakay ou a?”
Ézéchias te reponn: “Yo te wè tout sa ki lakay mwen an. Nanpwen anyen pami trezò mwen yo ke mwen pa t montre yo.”
Konsa, Ésaïe te di a Ézéchias: “Tande pawòl SENYÈ dèzame yo, ‘Gade byen, jou yo ap vini lè tout sa ki lakay ou ak tout sa ke papa ou yo te mete nan depo, jis rive nan jodi a, va pote ale Babylone. Anyen p ap rete’, pale SENYÈ a. ‘Va gen kèk nan fis ou yo ki sòti nan ou menm, ke ou va fè. Yo va pote ale, e yo va vin fè ofisye nan palè a wa Babylon nan.’ ”
Ézéchias te di a Ésaïe: “Pawòl SENYÈ ke ou te pale a, bon.” Paske li te panse: “Ap gen lapè ak verite nan jou mwen yo.”
39:1 II Wa 20:12-19 39:2 II Kwo 32:25-31 39:3 Det 28:49 39:5 I Sam 13:13-14 39:6 II Wa 24:13 39:7 II Wa 24:10-16 39:8 II Kwo 34:28