47
“Vin desann chita nan pousyè a, O fi vyèj Babylone nan;
Chita atè san twòn, O fi a Kaldeyen yo!
Paske ou p ap rele fanm dous ankò, ni bèl fanm.
Pran yon wòch moulen pou moulen farin.
Retire vwal ou leve jip la wo, dekouvri janm yo.
Travèse rivyè yo.
Toutouni ou va dekouvri e wont ou va vin parèt.
Mwen va pran vanjans
e Mwen p ap bliye pèsòn.”
 
Redanmtè nou an, SENYÈ dèzame yo se non Li,
Sila Ki Sen an Israël la.
Chita an silans e antre nan fènwa a,
O fi a Kaldeyen yo,
paske ou p ap rele ankò rèn a wayòm yo.
Mwen te fache ak pèp Mwen an;
Mwen te pwofane eritaj Mwen an,
e Mwen te livre pèp Mwen nan men ou.
Ou pa t montre yo gras,
men menm ak granmoun nan vyeyès yo,
ou te fè jouk ou byen lou.
Malgre, ou te di: ‘Se rèn ke m ap ye jis pou tout tan.’
Bagay sila yo, ou pa t konsidere yo, ni sonje kote yo t ap rive.
 
“Alò, tande sa, ou menm, moun sansyèl yo,
ki viv ansekirite, k ap di nan kè nou:
‘Se mwen menm e nanpwen lòt.
Mwen p ap janm chita tankou yon vèv,
ni konnen pèt timoun.’
Men de bagay sa yo va rive sou nou sibitman
nan yon jou:
pèt a pitit ak afè vin vèv la.
Yo va rive an mezi plen nèt;
malgre tout maji nou ak gwo pouvwa
wanga nou konn fè yo.
10 Ou te santi ou te byen pwoteje nan mechanste ou
e ou te di: ‘Pèsòn pa wè m’.
Sajès ou ak konesans ou, yo fin chape kite ou;
paske nan kè ou, ou te di:
‘Se mwen menm e nanpwen lòt sof ke mwen’.
11 Men malè va vini sou ou ke ou p ap gen
maji pou detounen.
Gwo dega ke ou p ap ka menm konprann va vini sou ou.
Destriksyon ke ou pa t janmn sispèk
va rive sou ou sibitman.
 
12 Kanpe fèm nan tout maji ak wanga
ke ou te sèvi depi nan jenès ou yo.
Petèt ou va reyisi, petèt ou va fè moun tranble.
13 Ou vin fatige ak tout konsèyè yo.
Alò koulye a, kite mèt zetwal ki fè pwofesi ak yo,
k ap fè prediksyon avni ak nouvèl lin yo,
vin kanpe pou pwoteje ou sou sa k ap vin rive ou yo.
14 Gade byen, yo tankou pay.
Dife ap brile yo.
Yo p ap ka sove kò yo devan pouvwa flanm yo.
P ap gen chabon ki pou chofe kò yo,
ni flanm dife pou yo chita devan l!
15 Men kijan tout travay lavi ou ap tèminen:
Tout sa yo ki fè komès ak ou depi nan jenès ou yo
va mache egare nan chemen pa yo;
nanpwen moun ki pou ta sove ou.
47:1 Sòm 137:8 47:2 Jen 24:65 47:3 És 34:8 47:4 És 41:14 47:5 És 23:2 47:6 Det 28:50 47:7 És 47:5 47:8 Rev 18:7 47:9 Sòm 73:19 47:10 Sòm 52:7 47:11 És 57:1 47:12 És 47:9 47:13 Jr 51:58-64 47:14 És 5:24 47:15 Rev 18:11