5
Kite mwen chante koulye a pou byeneme mwen an, selon chan rezen Li.
Byeneme m nan te gen yon chan rezen sou yon kolin byen fètil.
Li te fouye toupatou li,
retire wòch li yo,
e te plante li avèk pye rezen pi chwazi a.
Li te bati yon fò nan mitan l,
e te fouye yon basen diven ladann.
Alò, li te sipoze pou l ta pwodwi bon rezen yo,
men li te pwodwi sèlman sa ki pa bon.
 
Konsa, O abitan Jérusalem yo ak mesye Juda yo,
jije antre Mwen menm ak chan rezen Mwen an.
Kisa anplis ki gen pou fèt pou chan rezen Mwen an ke M pa t fè deja?
Poukisa lè M te atann a bon rezen yo,
li te vin pwodwi sa ki pa bon yo?
Pou sa a, kite Mwen di nou koulye a sa M ap fè ak chan rezen sa a:
Mwen va retire kloti li e li va brile;
Mwen va kraze miray li e li va vin foule nèt.
Mwen va gaye gate l nèt.
Li p ap koupe ni sèkle ak wou,
men pikan ak zepin va vin leve nan li.
Anplis, Mwen va pase lòd sou nwaj yo
pou lapli pa tonbe ladann.
Paske chan rezen SENYÈ dèzame yo se lakay Israël,
e pèp Juda a se plant ki ba Li plezi a.
Konsa, Li t ap chache jistis;
men olye sa Li te jwenn san vèse;
pou ladwati, men olye sa, moun k ap rele “Amwey”.
 
Malè a sila ki ogmante kay sou kay
ak chan a sou lòt chan,
jiskaske pa gen plas,
pou ou oblije rete sèl nan mitan peyi a!
Nan zòrèy mwen SENYÈ dèzame yo te sèmante:
“Anverite, anpil kay va vin vid;
menm sa ki bèl yo, san moun pou rete ladann.
10 Paske kat ekta teren p ap donnen plis ke yon bat (22 lit) diven
e yon omè (220 lit) p ap bay plis ke yon efa (22 lit) sereyal.”
11 Malè a sila ki leve granmaten yo
pou yo ka kouri dèyè bwason fò,
sila ki rete kanpe tan lannwit pou diven an ka anflame yo.
12 Gwo fèt pa yo akonpanye ak jwe gita ak ap, tanbouren, flit ak diven;
men yo pa okipe zèv SENYÈ yo,
ni yo pa konsidere zèv men Li yo.
13 Pou sa, pèp Mwen an antre an egzil akoz mank konesans yo;
epi mesye ki gen onè yo
rete grangou e foul moun yo rete sèch ak swaf.
14 Pou sa, Sejou mò yo vin fè gòj li pi gwo
e louvri bouch li jiskaske li pa ka kontwole;
epi bèlte a Jérusalem, tout pèp li a,
ak gwo kri kè kontan yo, vin desann ladann.
15 Pou sa, tout moun yo va imilye e limanite va abese;
anplis, zye a ògeye a va vin febli nèt.
16 Men SENYÈ dèzame yo va leve wo nan jijman
e Bondye sen an va montre sentete Li nan ladwati.
17 Konsa, jèn mouton yo va manje alèz konsi se nan chan patiraj
e etranje yo va manje pami ansyen mazi a moun rich yo.
 
18 Malè a sila ki rale inikite ak kòd manti,
e ki fè peche tankou se kòd kabwèt;
19  Ka p di: “Kite Li fè vit,
kite Li prese fè travay Li pou nou ka wè;
kite volonte a Sila Ki Sen an Israël la
vin rapwoche pou fè sa rive pou nou ka konnen!”
20 Malè a sila ki rele mal la bon,
ak bon nan mal;
sila ki prezante tenèb la tankou limyè a,
ak limyè a kon tenèb la;
sila ki prezante sa ki anmè a kon dous,
e sa ki dous kon anmè.
21 Malè a sila ki saj nan pwòp zye yo
e ki sipoze ke yo byen koken yo!
22  Malè a sila ki vanyan nan bwè gwòg la
e gen gwo kouraj nan mele bwason fò a,
23 sila ki jistifye mechan yo pou kòb glise anba tab
e ki rachte dwa a sila ki gen rezon yo!
 
24 Akoz sa, tankou lang dife a manje pay sèch yo
e konsonmen zèb sèch nan flanm nan,
konsa rasin yo va vin tankou pouriti,
e flè yo va vannen ale tankou pousyè;
paske yo fin rejte lalwa SENYÈ dèzame yo,
e te rayi pawòl a Sila Ki Sen An Israël la.
25 Akoz sa, kòlè SENYÈ a te brile kont pèp Li a,
Li te lonje men l kont yo e te frape yo tonbe anba.
Mòn yo te tranble
e kadav yo te kouche tankou fatra nan mitan lari a.
Menm ak tout sa a, kòlè Li a poko fin pase, men men L toujou lonje.
 
26 Konsa, Li va leve yon drapo a yon nasyon byen lwen
e Li va soufle pou li soti nan dènye pwent latè;
epi gade byen, li va vini byen vit ak gwo vitès.
27 Nan nasyon sila a, nanpwen moun ki ni fatige, ni tonbe;
nanpwen moun k ap kabicha oswa k ap dòmi;
ni sentiwon nan senti li pa lage,
menm bretèl sandal li pa janm kase.
28  Flèch li yo file e tout banza li yo fin koube;
pye cheval li yo parèt kon pyè silèks,
e wou cha li yo tankou toubiyon.
29 Kri gwonde li tankou yon lyon
e vwa li tankou jèn lyon;
li fè gwo bri pandan l ap sezi viktim li an
e pote l ale kote nanpwen moun pou delivre li.
30 Epi li va gwonde sou li nan jou sa a tankou gwo bri lanmè.
Si yon moun anwò dlo ta gade vè latè;
men gade, tout fènwa ak gwo twoub.
Menm limyè fènwa akoz nwaj li yo.
5:1 Sòm 80:8 5:2 Jr 2:21 5:3 Mat 21:40 5:4 II Kwo 36:16 5:6 I Wa 8:35 5:7 Sòm 80:8-11 5:9 Mat 23:38 5:10 Éz 45:11 5:11 Pwov 23:29-30 5:12 Job 34:27 5:13 És 1:3 5:14 Pwov 30:16 5:15 És 2:11 5:16 És 8:13 5:17 És 7:25 5:18 És 59:4-8 5:19 Éz 12:22 5:20 Pwov 17:15 5:21 Pwov 3:7 5:22 Pwov 23:30 5:23 Sòm 94:21 5:24 És 8:6 5:25 És 9:12-21 5:26 És 13:2-3 5:27 Job 12:18 5:28 Sòm 7:12-13 5:29 Jr 51:38 5:30 És 8:22