52
Leve, leve! Abiye ou menm ak fòs ou, O Sion.
Abiye ak bèl vètman ou yo, O Jérusalem, vil sen an;
paske ensikonsi yo ak pa pwòp yo
p ap antre kote ou a ankò.
Souke leve kò ou sòti nan pousyè a,
O kaptif Jérusalem nan!
Retire chenn sa yo nan kou ou,
O fi kaptif a Sion an.
 
Paske konsa pale SENYÈ a: “Ou te vann pou granmesi
e ou va rachte san vèse lajan.”
 
Paske konsa pale SENYÈ a:
“Pèp Mwen an nan kòmansman,
te desann an Égypte pou rezide la,
epi Asiryen yo te oprime yo san koz.
Alò, pou sa, kisa Mwen gen pou fè isit la?” deklare SENYÈ a,
“konsi pèp Mwen an te retire san koz?”
Ankò deklare SENYÈ a:
“Konsi, pèp Mwen rachte pou reyen,
epi sila ki renye sou yo giyonnen yo ak kè kontan,
e non Mwen blasfeme tout lajounen,
pou sa, pèp Mwen an va konnen non Mwen.
Pou sa, nan jou sa a, yo va konnen se Mwen menm k ap pale.
Gade byen, se Mwen!”
 
A la bèl sou mon yo, se pye a sila ki pote bòn nouvèl la,
ki anonse lapè,
ki pote bòn nouvèl k ap fè kè kontan,
ki anonse Sali,
ki di a Sion: “Bondye pa ou a renye!”
Gadyen ou yo leve vwa yo.
Yo rele fò ak kè kontan ansanm;
paske yo va wè ak pwòp zye yo
lè SENYÈ a retounen nan Sion an.
Eklate, rele ak jwa ansanm, kote ki dezole Jérusalem yo,
paske SENYÈ a te konsole pèp Li a.
Li te rachte Jérusalem.
10 SENYÈ a te dekouvri sen bra Li pou tout nasyon yo wè.
Tout dènye pwent latè yo te wè sali a Bondye nou an.
 
11  Sòti! Sòti! Kite kote sa a!
Pa touche anyen ki pa pwòp!
Sòti nan mitan li!
Vin pirifye nou menm!
Netwaye nou, nou ki pote veso SENYÈ a.
12 Nou p ap kite ak gran vites,
ni nou p ap kouri devan moun;
paske SENYÈ a va ale devan nou
e Bondye Israël la va fè gad an aryè.
 
13 Gade byen, sèvitè Mwen an va aji avèk sajès.
Li va leve wo, e vin egzalte anpil.
14 Menm jan ke anpil moun te etone de ou—
konsa aparans Li te defòme plis ke tout lòt moun,
e fòm li plis ke fis a lòm yo.
15 Konsa, Li va farinen sou anpil nasyon.
Wa yo va pe bouch yo pou koz Li;
paske sa ke yo pa t konn tande a, yo va wè l,
e sa ke yo pa t koute, yo va konprann li.
52:1 És 51:9-17 52:2 És 29:4 52:3 És 1:27 52:4 Jen 46:6 52:5 Éz 36:20-23 52:6 És 49:23 52:7 És 40:9 52:8 És 62:6 52:9 És 43:1 52:10 És 45:22 52:11 És 48:20 52:12 És 26:7 52:13 És 42:1 52:14 És 53:2-3 52:15 Wo 15:21