64
O ke Ou ta chire syèl yo,
ke Ou ta desann,
ke mòn yo ta tranble devan prezans Ou—
tankou dife anflame touf bwa chan an,
tankou dife fè dlo bouyi.
Fè non Ou rekonèt a advèsè Ou yo,
pou nasyon yo ka tranble devan prezans Ou!
Kon lè Ou te fè bagay mèvèy ke nou pa t prevwa yo;
Ou te desann.
Mòn yo te tranble devan prezans Ou.
Depi nan jou ansyen yo, yo pa t tande ni sezi ak zorèy,
ni zye pa t wè yon Bondye sof ke Ou,
k ap aji pou sila k ap tann Li an.
Ou rankontre avèk sila ki rejwi a nan fè sa ki dwat,
ki sonje Ou nan chemen pa Ou yo.
Gade byen, Ou te fache paske nou te peche,
nou te kontinye nan peche pandan anpil tan.
Èske nou va sove?
Paske nou tout te vini tankou yon moun ki pa pwòp.
Tout zèv ladwati nou yo tankou yon rad ki sal nèt;
konsa, nou tout vin fennen kon yon fèy,
e inikite nou yo tankou van, pote nou ale.
Nanpwen moun ki rele non Ou,
ki leve pou atache a Ou menm;
paske Ou te kache figi Ou a nou menm
e te livre nou nan pouvwa inikite nou yo.
 
Pou sa, O SENYÈ, Ou se Papa nou,
nou se ajil la e se Ou ki met kanari a;
nou tout se zèv men Ou yo.
Pa vin fache depase, O SENYÈ,
ni sonje inikite nou yo pou tout tan.
Gade byen, gade koulye a, nou tout se pèp Ou a.
10  Vil sen Ou yo te vin yon dezè;
Sion te vin yon dezè,
Jérusalem yon kote dezole.
11  Bèl kay sen nou an,
kote papa nou yo te ba Ou lwanj yo,
te brile ak dife;
epi tout bagay ki te chè a nou menm te vin kraze nèt.
12 Èske Ou va ralanti Ou menm, devan bagay sa yo, O SENYÈ?
Èske Ou va rete an silans e bannou lapèn ki depase mezi a?
64:1 Jij 5:5 64:2 Sòm 99:1 64:3 Sòm 65:5 64:4 I Kor 2:9 64:5 És 12:1 64:6 És 46:12 64:7 Det 31:18 64:8 Sòm 100:3 64:9 És 43:25 64:10 És 48:2 64:11 II Wa 25:9 64:12 Sòm 74:10