7
Alò, li te vin rive nan jou Achaz yo, fis a Jotham la, fis a Ozias la, wa Juda a, ke Retsin, wa Syrie a ak Pékach, fis a Remalia a, wa Israël la, te monte vè Jérusalem pou fè lagè kont li, men yo pa t ka genyen l. Lè rapò a te rive kote lakay David e te di: “Siryen yo te fè kan Éphraïm”, ke Achaz ak kè pèp li te vin ajite tankou bwa forè k ap souke nan van.
Konsa, SENYÈ a te di a Ésaïe: “Sòti la koulye a pou rankontre Achaz, ou menm ak fis ou, Schear-Jaschub, nan pwent kanal la premye ma dlo sou gran chemen ki mennen kote chan Foulon an. Epi di li: ‘Fè atansyon e rete kalm. Pa pè e pa dekouraje akoz grenn chouk sann cho sa yo k ap fè lafimen akoz de gwo kòlè Retsin ak Syrie, ak fis Remalia a. Paske Syrie, Éphraïm ak fis a Remalia yo, te fè plan mechanste kont ou e te di: Annou monte kont Juda, teworize l, fè pou nou yon brèch nan miray li yo, e fè fis Tabeel la vin wa nan mitan li.” Konsa pale Senyè BONDYE a: “Sa p ap kanpe, ni sa p ap pase.” Paske tèt Syrie a se Damas, tèt Damas se Retsin (e nan yon lòt swasann-senk ane, Éphraïm va kraze nèt jiskaske li pa menm yon pèp ankò), Epi tèt a Éphraïm se Samarie, tèt a Samarie se fis a Remalia a. Si ou pa kwè, anverite, ou p ap etabli.’ ”
10 SENYÈ a te pale ankò ak Achaz. Li te di: 11 “Mande yon sign pou ou menm soti nan SENYÈ a, Bondye ou a; fè l nan fon a, tankou Sejou mò yo, oswa nan wotè tankou rive nan syèl la.”
12 Men Achaz te di: “Mwen p ap mande, ni mwen p ap pase SENYÈ a a leprèv!”
13 Epi li te di: “Koute koulye a, O lakay David! Èske se yon bagay ki twò piti pou nou menm pou tante pasyans a lezòm, ke nou va tante pasyans a Bondye mwen an tou? 14 Pou sa, SENYÈ a, Li menm, va bay nou yon sign: Gade byen, yon vyèj va vin ansent. Li va fè yon fis e li va rele non Li Emmanuel. 15 Li va manje bòl lèt kaye ak siwo myèl nan lè Li gen konesans ase pou refize mal e chwazi sa ki bon. 16 Paske avan jenn gason a va gen ase konesans pou refize mal e chwazi sa ki bon, peyi a de wa ke nou krent yo va abandone nèt. 17 SENYÈ a va mennen fè rive sou nou, sou pèp nou an ak sou lakay papa nou, jou konsi ki pa t janm gen parèy depi jou ke Éphraïm te separe ak Juda a—Wa Assyrie a.
18 Nan jou sa a, SENYÈ a va soufle mouch ki nan kote pi lwen nan rivyè Égypte yo ak foul myèl ki rete Assyrie yo. 19 Yo tout va vini fè anplasman sou ravin apik yo, sou ti pla falèz yo, kloti bwa pikan yo ak sou tout sous patiraj bèt yo.
20 Nan jou sa a, SENYÈ a va raze ak yon razwa, ki lwe soti nan rejyon lòtbò rivyè Euphrate la. Se wa Assyrie la menm. L ap manje tout jis nan tèt ak plim sou pye, pou l rive fin manje jis nan bab la.
21 Alò, nan jou sa a, yon nonm ka fè viv yon sèl grenn gazèl bèf ak yon pè mouton. 22 Men akoz gwo kantite lèt ki pwodwi, li va bwè bòl lèt kaye a, paske tout moun ki rete nan peyi a va bwè bòl lèt ak siwo myèl la.
23 Konsa, li va rive nan jou sa a, ke tout kote ki te konn genyen mil pye rezen, ki te gen valè a mil sik ajan, va vin tounen raje ak pikan. 24 Moun va vini la ak banza ak flèch yo akoz tout tè a va vin fè raje ak pikan. 25 Tout kolin ki te konn kiltive ak wou yo, nou p ap prale la akoz nou pè raje ak pikan. Li va devni yon kote pou pye bèf ak mouton pou yo foule l nèt.”
7:1 És 7:6-7 7:2 És 7:13 7:3 II Wa 18:17 7:4 Am 4:11 7:5 És 7:2 7:7 És 8:10 7:8 Jen 14:15 7:9 II Kwo 20:20 7:11 II Wa 19:29 7:13 És 25:1 7:14 Mat 1:23 7:14 És 8:8-10 7:15 És 7:22 7:16 És 8:14 7:17 I Wa 12:16 7:18 És 13:5 7:19 És 2:19 7:20 II Wa 18:13-16 7:21 És 14:30 7:22 És 8:15 7:23 És 5:10 7:25 És 5:17