I JEAN
1
Sa ki te ye depi kòmansman a, sa ke nou te tande, sa ke nou te wè avèk zye nou yo, sa ke nou te byen konnen, epi te manyen avèk men nou yo, konsènan Pawòl Lavi a; epi lavi te vin parèt pou l vizib e nou te wè l, epi tande l, epi pwoklame a nou menm lavi etènèl la, ki te avèk Papa la, epi te fè parèt byen klè a nou.
Sa ke nou te wè epi tande, nou pwoklame a nou menm osi ke nou kapab genyen kominyon avèk nou. Konsa vrèman, kominyon nou se avèk Papa a, epi avèk Fis Li, Jésus Kri. Epi bagay sa yo nou ekri, pou lajwa nou kapab vin konplèt.
Men mesaj la ke nou te tande a Li, epi te anonse a nou menm, ke Bondye se limyè, epi nan Li nanpwen tenèb ditou.
Si nou di ke nou gen kominyon avè Li, men nou mache nan tenèb la, nou manti epi pa pratike laverite a. Men si nou mache nan limyè la, menm jan ke Li menm se nan limyè a, nou gen kominyon youn avèk lòt, epi san la a Jésus, Fis Li, netwaye nou de tout peche.
Si nou di ke nou pa gen peche, n ap pase pwòp tèt nou nan desepsyon, epi laverite a pa nan nou. Si nou konfese peche nou yo, Li se fidèl epi jis pou padonnen nou peche nou yo, epi pou netwaye nou a tout mal.
10 Epi si nou di ke nou pa peche, nou fè Li menm yon mantè, epi pawòl Li pa nan nou.
1:1 Jn 1:1 1:1 II Pi 1:16 1:2 Jn 1:4 1:2 Jn 10:28 1:3 Trav 4:20 1:3 Jn 17:3,21 1:4 I Jn 2:1 1:4 Jn 3:29 1:5 I Tim 6:16 1:6 Jn 8:12 1:6 I Jn 2:4 1:7 Esd 2:5 1:7 I Tim 6:16 1:8 Job 15:14 1:8 Jn 8:44 1:9 Sòm 32:5 1:10 Job 15:14 1:10 I Jn 5:10