10
“Mwen rayi pwòp lavi m;
mwen va fè tout fòs plent mwen yo parèt.
Mwen va pale ak anmè ki fonse nan nanm mwen.
Mwen va di a Bondye: ‘Pa kondane mwen!
Fè m konnen poukisa W ap goumen ak mwen.
Èske se vrèman bon pou Ou ta oprime;
pou meprize zèv men Ou yo
e pou Ou gade ak favè, manèv a mechan yo?
Èske zye Ou fèt ak chè? Oswa èske Ou wè
kon yon nonm wè?
Èske jou Ou yo tankou jou a moun mòtèl,
oswa ane Ou yo tankou ane a yon nonm,
pou Ou ta dwe chache koupabilite mwen
e fè rechèch dèyè peche m?
Malgre Ou konnen mwen pa koupab,
sepandan, nanpwen ki ka livre m sòti nan men Ou.’ ”
 
“Se men Ou ki te fòme mwen nèt.
Konsa, èske Ou ta detwi mwen?
Sonje, souple, ke Ou te fè m kon ajil.
Èske Ou ta fè m retounen pousyè ankò?
10 Èske se pa tankou lèt ke Ou te vide mwen
e fè m kaye tankou fwomaj?
11 Ou te abiye mwen ak po avèk chè
e koude mwen ansanm nan zo ak gwo venn.
12 Ou te ban mwen lavi avèk lanmou dous Ou.
Se swen Ou ki te konsève lespri m.
13 Malgre bagay sila yo, Ou te kache yo nan kè Ou.
Mwen konnen ke sa a se avèk ou:
14 si m peche, alò, Ou mete tach sou mwen.
Ou pa ta akite m de koupabilite mwen.
15 Si mwen mechan, malè a mwen!
Epi si mwen jis, toujou, menm dwe leve tèt mwen.
Mwen chaje ak wont, e byen rekonnesan a mizè mwen.
16 Si tèt mwen ta vin leve wo, Ou ta fè lachas
dèyè m tankou yon lyon;
epi ankò, Ou ta montre pouvwa Ou kont mwen.
17 Ou renouvle temwayaj Ou kont mwen,
e ogmante kòlè Ou vè mwen.
Dezas monte anwo dezas sou mwen.”
 
18 “Alò, poukisa Ou te fè m sòti nan vant manman m?
Pito ke m te mouri e pa t gen zye ki te wè m!
19 Mwen te dwe tankou mwen pa t janm te egziste,
kon yon pote sòti nan vant pou rive nan tonbo.
20 Èske jou m yo pa kout?
Rete!
Ralanti sou mwen pou m kab jwenn
yon ti kras kè kontan,
21 avan ke m ale—pou mwen pa tounen
nan andwa tenèb ak gwo fènwa!
22 Nan peyi sa a ki dezole nèt tankou tenèb la,
nan fon lonbraj san fòm nan, e ki klere tankou fènwa a.”
10:1 Job 7:16 10:1 Job 7:11 10:2 Job 9:29 10:3 Job 9:22-24 10:4 I Sam 16:7 10:5 Job 36:26 10:6 Job 14:16 10:7 Job 9:12 10:8 Sòm 119:73 10:8 Job 9:22 10:9 Job 4:19 10:12 Job 33:4 10:13 Job 23:13 10:14 Job 7:21 10:15 Job 6:29 10:16 És 38:13 10:16 Job 5:9 10:17 Rt 1:21 10:18 Job 3:11-13 10:21 Sòm 88:12