12
1 Job te reponn:
2 Anverite, konsa, se nou menm ki se pèp la.
Se ak nou menm tout sajès ap mouri!
3 Men mwen gen lespri menm tankou ou;
mwen pa pi ba pase ou.
Epi se kilès ki pa konnen bagay parèy a sila yo?
4 Mwen se yon blag devan zanmi mwen yo,
sila ki te fè apèl Bondye a, e Li te reponn li an.
Nonm nan ki dwat e san tò a vin yon blag.
5 Sila ki alèz la ri sou malè a;
men l ap tan pye l chape.
6 Tant volè a fè pwofi,
e sila ki pwovoke Bondye byen alez.
Se nan men yo pote dye pa yo.
7 “Alò, mande bèt yo menm pou yo kab enstwi ou;
ak zwazo syèl yo; kite yo pale ou.
8 Oswa, pale ak tè a e kite li enstwi ou.
Kite pwason lanmè yo fè deklarasyon pou ou.
9 Se kilès pami tout sila yo ki pa konnen
ke se men SENYÈ a ki fè sa?
10 Nan men a Sila poze lavi a tout sa ki viv la,
ansanm ak souf tout limanite a.
11 Èske zòrèy la pa pase a leprèv tout pawòl,
menm jan ke bouch la goute manje li a?
12 Sajès rete ak granmoun;
yon lavi ki long gen bon konprann.
13 “Avèk Bondye se sajès ak pwisans.
A Li menm se konsèy avèk bon konprann.
14 Gade byen, se Li menm ki detwi; e sa p ap kab rebati.
Li mete yon nonm nan prizon, e nanpwen lage pou li.
15 Gade byen, Li anpeche dlo yo, e yo seche nèt;
Li voye yo deyò pou yo inonde latè a.
16 Avèk Li menm se fòs ak sajès pwofon;
sa ke lòt moun egare ak sila ki egare yo,
tou de se pou Li.
17 Li fè konseye yo mache pye atè
e fè jij yo antre nan foli.
18 Li detache chenn ki mare wa yo,
e mare senti yo ak yon sentiwon.
19 Li fè prèt yo mache san rad,
e boulvèse sila ki ansekirite yo.
20 Li fè moun konfyans pa kab pale,
e retire bon jijman a ansyen yo.
21 Li vide mepriz sou prens yo,
e lache senti a pwisan yo.
22 Li devwale mistè ki nan tenèb yo,
e mennen fènwa pwofon yo antre nan limyè a.
23 Li fè nasyon yo vin gran, e Li detwi yo.
Li fè nasyon yo grandi, e Li mennen yo ale.
24 Li rache lespri a chèf pèp latè yo,
e fè yo egare nan yon savann san chemen.
25 Yo tatonnen nan fènwa a san limyè.
Li fè yo kilbite tankou moun sou.