JUDE
1
Jude, yon sèvitè-atache nèt a Jésus Kri, epi frè la a Jacques, ekri a sa yo ki rele sen nan Bondye, Papa a, epi ki konsève pou Jésus Kri.
Ke mizerikòd la, lapè, ak lamou kapab ogmante anvè nou.
Byeneme yo, pandan mwen t ap fè tout efò pou ekri nou selon delivrans ke nou pataje ansanm, mwen te sanse ke m te bezwen ekri nou epi plede avèk nou ke nou lite fò pou lafwa ki te delivre yon fwa pou tout a sen yo. Paske gen sèten moun yo ki te glise antre nan mitan nou san ke nou pa wè, sa yo ki te fin make pou kondanasyon sila depi avan lè; moun san Bondye ki ta vire lagras Bondye nou pou vini yon lisans pou fè sa ki mal, epi rejete sèl Mèt ak Senyè nou, Jésus Kri.
Koulye a, mwen vle fè nou sonje, malgre ke nou deja konnen tout bagay yo nèt, ke Senyè a apre Li te delivre yon pèp sòti nan Égypte, apre te detwi tout sa yo ki pa t kwè. Epi zanj yo ki pa t kenbe pwòp wòl yo, men te abandonnen pwòp plas yo, Li te kenbe byen anchennen anba tenèb la, pou jijman a nan gran jou a. Menm jan ke Sodome ak Gomorrhe ansanm ak vil yo ki te antoure yo, akoz ke yo fè menm bagay, epi te antre nan imoralite a byen lèd, epi t ap chache vis lachè yo ki pa t menm twouve nan nati, se prezante kon yon egzanp, e te pase nan pinisyon dife etènèl a.
Malgre sa, moun sa yo fè menm bagay la. Ak rèv ke yo fè, yo defile lachè a, rejete otorite a, epi meprize zanj majestik yo. Men lakanj Michel, lè li te dispite avèk dyab la, epi te despite sou kò Moise la, pa t menm tante pwononce yon jijman cho, men te di “Ke Bondye bay ou repwòch.” 10 Men moun sa yo meprize sa ke yo pa menm konprann. Konsa, se pa bagay yo ke yo konnen pa lensten, kon bèt ki pa ka menm rezonen, ke yo vin detwi.
11 Malè a yo! Paske yo ale menm jan avèk Caïn. Pou yon salè yo te kouri tèt an avan nan erè Balaam nan, epi te peri nan rebelyon Kore la.
12 Moun sa yo se resif yo k ap kashe nan fèt lamou sen nou yo, lè yo vin fète avèk nou san fè lakrent, men konsène sèlman ak pwòp tèt pa yo. Yo se nwaj yo ki san dlo, pote pa van a, bwa sezon fwèt la san fwi, de fwa mò, dechouke menm; 13  volas lanmè sovaj yo, k ap kimen nan pwòp wont yo tout kalite lenpirite yo; zetwal erann pou kilès tenèb nwa la te rezève jis pou janmen.
14 Epi selon sa yo tou Énoch nan setyèm jenerasyon Adam, te fè pwofesi e te di “Byen gade, Senyè a te vini avèk anpil milye yo a moun sen pa Li yo, 15 pou egzekite jijman sou tout, epi pou fè rann kont a tout enkwayan yo avèk zak inpir pa yo, ke yo t ap fè nan yon jan ki san respè Bondye, epi tout move bagay ke pechè yo san fwa te pale kontra Li.”
16 Sa yo se moun k ap plenyen fò nan gòj, k ap toujou twouve fòt, epi k ap swiv pwòp lanvi lachè pa yo. Yo pale avèk awogans, flatè moun, pou yo kapab gen youn avantaj.
17 Men nou, byeneme yo dwe sonje pawòl yo ki te pale oparavan pa apot yo a Senyè nou, Jésus Kri 18 ke yo t ap di a nou ke “Nan dènye tan, ap gen mokè yo, k ap swiv pwòp lanvi pa yo san fwa nan Bondye.” 19 Se sa yo ki lakòz a divizyon yo, moun k ap reflechi kon lemonn lan, ki san Lespri la.
20 Men nou, byeneme yo an nou bati sou lafwa ki sen pase tout; epi priye nan Lespri Sen a. 21 Kenbe nou menm nan lamou Bondye, epi toujou tan swayezman pou mizerikòd la a Senyè nou Jésus Kri anvè lavi etènèl. 22 Fè mizerikòd sou kèk k ap doute, 23 sove lòt. Rachte yo menm nan dife a ak laperèz, epi sou kèk fè mizerikòd avèk rayisman menm pou rad la ki te salè pa lachè.
24 Koulye a, a Li menm ki kapab kenbe nou pou nou pa tonbe, epi fè nou kanpe nan prezans laglwa Li san fòt avèk gran jwa, 25 a sèl Bondye la Sovè nou, atrave Jésus Kri Senyè nou, se laglwa, majeste, pwisans, ak otorite, menm avan tout tan, rive Koulye a, epi jis pou janmen. Amen.
1:1 Wo 1:6 1:1 Jn 17:11 1:2 I Pi 1:2 1:3 I Tim 6:12 1:3 Trav 6:7 1:4 I Pi 2:8 1:4 I Tim 2:12 1:5 Egz 12:51 1:6 II Pi 2:4 1:6 II Pi 2:9 1:7 Mat 25:41 1:8 II Pi 2:10 1:9 II Pi 2:11 1:9 Za 3:2 1:10 II Pi 2:12 1:11 Jen 4:3-8 1:11 Nonb 16:1-3,31-35 1:12 I Kor 11:20 1:12 Pwov 25:14 1:13 És 57:20 1:13 II Pi 2:17 1:14 Jen 5:18,21 1:15 I Tim 1:9 1:16 Nonb 16:11,41 1:16 II Pi 2:18 1:17 II Pi 3:2 1:18 Trav 20:29 1:19 I Kor 2:1 1:20 Kol 2:7 1:21 Tit 2:13 1:23 Am 4:11 1:23 Za 3:3 1:24 II Kor 4:14 1:25 Jn 5:44