2
Konsa, Jonas te priye a SENYÈ Bondye li a depi nan vant pwason an. Li te di:
“Mwen te rele nan detrès mwen bay SENYÈ a,
e Li te reponn mwen.
Mwen te kriye pou sekou
depi nan pwofondè sejou mò yo.
Ou te tande vwa mwen.
Ou te jete mwen nan gwo pwofondè a,
nan kè lanmè yo,
e gwo kouran dlo a te vale mwen.
Gwo lam lanmè ou yo ak gwo vag lanmè
ou yo te pase sou mwen.
Konsa, mwen te di: ‘Mwen te vin chase lwen fas ou.
Malgre sa, mwen va gade ankò vè tanp sen Ou an.’
Dlo te antoure mwen
jiskaske m rive nan pwen lanmò.
Gwo pwofondè a te vale mwen;
zèb lanmè yo te vlope tèt mwen.
Mwen te desann jis rive nan baz mòn yo.
Latè ak bawo li yo te antoure mwen pou tout tan,
men Ou te leve lavi m monte soti nan fòs la,
O SENYÈ Bondye mwen an!
 
“Pandan mwen t ap vin endispoze nèt,
Mwen te sonje SENYÈ a
e lapriyè mwen te rive kote Ou nan tanp sen Ou an.
Sila ki konsidere zidòl san valè yo
abandone tout sous mizerikòd,
Men mwen va fè sakrifis a Ou menm
ak vwa aksyon de gras la.
Sa ke mwen te sèmante a, se li mwen va akonpli.
Sali a sòti nan SENYÈ a.”
10 Epi SENYÈ a te kòmande pwason an
e li te vomi Jonas sou tè sèch la.
2:1 Job 13:15 2:2 Sòm 18:5,6 2:3 Sòm 69:1,2,14,15 2:4 Sòm 31:22 2:5 Lam 3:54 2:5 Sòm 69:1-2 2:6 Job 33:28 2:7 Sòm 142:3 2:7 Sòm 77:10,11 2:8 II Wa 17:15 2:9 Job 22:27 2:9 Sòm 3:8 2:10 Jon 1:17