4
1 Kisa ki sous kont ak konfli ✡pami nou yo? Èske se pa plezi nou yo k ap fè ✡lagè nan manm kò nou yo? 2 Nou anvi e nou pa genyen, donk ✡nou touye moun. Nou anvi e nou pa kab twouve, donk nou goumen e fè kont ak lòt yo. Nou pa genyen paske nou pa mande. 3 Nou mande e nou ✡pa resevwa, paske nou mande avèk anbisyon ki pa pwòp yo, pou nou kab pase li nan plezi nou yo.
4 Nou menm, moun adiltè yo, èske nou pa konprann ke amitye avèk mond lan se ✡rayisman anvè Bondye? ✡Konsa, nenpòt moun ki vle zanmi ak mond lan fè tèt li lènmi ak Bondye.
5 Oubyen, èske nou panse ke Lekriti sen an pale san rezon: ✡ “Li jalou pou Lespri a ke Li te fè rete nan nou an?”
6 Men Li bay yon pi gwo gras. Konsa, li di: ✡“Bondye opoze a ògeye yo, men Li fè gras a moun ki enb yo.”
7 Konsa ✡soumèt nou a Bondye. Reziste a dyab la e li va sove ale de nou. 8 Vin pre Bondye e Li va vin pre nou. ✡Netwaye men nou, nou menm pechè; e pirifye kè nou, nou menm, moun ak doub panse. 9 ✡Se pou nou vin mizerab; lamante e kriye. Kite ri nou yo vin tounen lamantasyon, e lajwa nou yo vin tounen tristès. 10 ✡Desann nou nan prezans Bondye a, e Li menm, Li va fè nou leve.
11 Pa pale kont youn lòt, frè m yo. Sila ki pale kont yon frè oubyen jije frè li a, pale kont lalwa e jije lalwa. Men si nou jije lalwa, olye nou akonpli lalwa a, nou jije li. 12 Gen ✡yon sèl ki bay Lalwa; se sèl Li ki kapab sove e detwi. Men nou menm, ki moun nou ye pou jije vwazen nou an?
13 Vini koulye a, nou menm, ki di: ✡“Jodi a oswa demen, nou va ale nan tèl vil, e pase yon ane la, angaje nou nan biznis pou fè pwofi.” 14 Malgre, nou pa konnen kijan lavi nou va ye demen. Paske ki sa lavi ou ye? ✡Li se sèlman yon vapè ki parèt pou yon ti moman, e answit, vin disparèt. 15 Olye de sa, nou ta dwe di: ✡“Si Bondye vle, nou va viv, e nou va osi fè sesi oubyen sela.”
16 Menmjan sa ye a, nou ògeye nan awogans nou. ✡Tout ògèy konsa, se mechanste. 17 Alò ✡a sila ki konnen bon bagay pou li fè a, men pa fè l, a li menm, se peche.
✡ 4:1 Tit 3:9 ✡ 4:1 Wo 7:23 ✡ 4:2 Jc 5:6 ✡ 4:3 I Jn 3:22 ✡ 4:4 Wo 8:7 ✡ 4:4 Mat 6:24 ✡ 4:5 I Kor 6:19 ✡ 4:6 Pwov 3:34 ✡ 4:7 I Pi 5:6 ✡ 4:8 Job 17:9 ✡ 4:9 Pwov 14:13 ✡ 4:10 Job 5:11 ✡ 4:12 És 33:22 ✡ 4:13 Pwov 27:1 ✡ 4:14 Job 7:7 ✡ 4:15 Trav 18:21 ✡ 4:16 I Kor 5:6 ✡ 4:17 Luc 12:47