14
Sa se pawòl SENYÈ a a Jérémie konsènan gwo sechrès la:
Juda kriye ak doulè
e pòtay li yo vin abandone.
Yo chita atè pou fè dèy e kri Jérusalem vin monte.
Prens pa yo te voye sèvitè yo chache dlo.
Yo rive nan sitèn yo,
men nanpwen dlo.
Yo te retounen ak veso yo vid.
Yo te vin wont, imilye e yo te kouvri tèt yo.
Akoz tè sèch la vin fann,
akoz pa t gen lapli sou peyi a;
kiltivatè yo te vin wont.
Yo te kouvri tèt yo.
Wi, menm femèl sèf nan chan an
fè pitit pou kite yo.
Nanpwen zèb.
Bourik mawon yo kanpe sou kolin sèch yo.
Y ap rale soufle fò tankou chen mawon.
Zye yo vin febli, paske nanpwen anyen ki vèt.
Malgre inikite nou yo temwaye kont nou,
O SENYÈ, aji pou koz a non Ou!
Rebelyon nou anpil.
Nou te peche kontre Ou.
O Espwa Israël la,
Sovè li nan tan gwo twoub la,
poukisa Ou tankou yon etranje nan peyi a?
Oswa yon vwayajè ki te monte tant li lannwit?
Poukisa Ou tankou yon nonm twouble,
tankou yon nonm pwisan ki pa kapab bay sekou?
Malgre sa, Ou nan mitan nou, O SENYÈ e nou vin rele pa non Ou;
pa abandone nou!
10 Konsa pale SENYÈ a a pèp sa a:
“Malgre yo tèlman renmen egare;
yo pa t kenbe pye yo nan bon kontwòl.
Akoz sa, SENYÈ a pa aksepte yo.
Koulye a, li sonje inikite yo.
Li fè yo rand kont pou peche yo.”
11 Pou sa, SENYÈ a te di m: “Pa fè lapriyè nan favè a pèp sa a. 12 Lè yo fè jèn, Mwen p ap koute kri yo; epi lè yo ofri ofrann brile ak ofrann sereyal, Mwen p ap aksepte yo. Pito Mwen va fè yo disparèt ak nepe, ak gwo grangou, bèt ak maladi k ap ravaje chan yo.”
13 Men “A, Senyè, BONDYE a!” Mwen te di: “Gade, pwofèt yo ap di yo: ‘Ou p ap wè nepe, ni gwo grangou, men se lapè k ap rete nèt nan plas sa a.’ ”
14 Konsa, SENYÈ a te di Mwen: “Pwofèt yo ap pwofetize sa ki fo nan non Mwen. Mwen pa t voye yo, ni kòmande yo, ni pale avèk yo. Y ap pwofetize yon vizyon ki fo, prediksyon, sa ki san enpòtans, ak manti k ap sòti nan pwòp panse pa yo. 15 Pou sa, pale SENYÈ a, selon pwofèt ki pwofetize nan non Mwen, malgre se pa Mwen ki te voye yo—men yo kontinye ap di: ‘P ap gen nepe ni gwo grangou nan peyi sa a’, ak nepe e gwo grangou, pwofèt sa yo ap rankontre fen yo! 16 Pèp la tou, a sila yo bay pwofesi sa a ap jete deyò nan lari Jérusalem akoz gwo grangou ak nepe. P ap menm gen moun ki pou antere yo—ni yo menm, ni madanm yo, ni fis yo ni fi yo—paske Mwen va vide pwòp mechanste pa yo sou yo.
17 “Ou va di yo pawòl sa a:
‘Kite zye m koule ak dlo lannwit kon lajounen
e pa kite dlo yo sispann;
Paske fi vyèj a pèp mwen an
te kraze ak yon gran brèch,
ak yon blesi byen grav.
18 Si mwen ale andeyò peyi a,
gade byen, tout sila ki mouri ak nepe yo!
Oswa si mwen antre nan vil la,
gade byen, maladi ak gwo grangou!
Paske pwofèt la, ak prèt la tou te fè ale vini
nan yon peyi ke yo pa t menm konnen.’ ”
 
19 Èske Ou te rejte Juda nèt?
Oswa èske Ou te rayi Sion?
Poukisa Ou te frape nou jiskaske nou vin pa ka geri?
Nou t ap tann lapè, men anyen ki bon pa t vini;
pou yon tan pou nou ta ka geri,
men gade byen, se gwo laperèz!
20 Nou konnen mechanste nou yo, O SENYÈ,
inikite a papa zansèt nou yo,
paske nou te peche kont Ou.
21 Pa meprize nou, pou koz a pwòp non Ou:
pa kite twòn a glwa ou a dezonore.
Sonje e pa kase akò Ou avèk nou.
22 Èske genyen pami zidòl a nasyon yo ki konn bay lapli?
Oswa èske syèl yo ka fè lapli pou kont yo?
Èske se pa Ou menm, O SENYÈ, Bondye nou an?
Akoz sa, nou mete espwa nan Ou,
paske se Ou ki te fè tout bagay sa yo.
14:1 Jr 17:8 14:2 I Sam 5:12 14:3 I Wa 18:5 14:4 Jl 1:19 14:5 És 15:6 14:6 Job 39:5-6 14:8 És 43:3 14:11 Egz 32:10 14:13 Jr 5:12 14:14 Jr 5:31 14:15 Jr 23:15 14:16 Pwov 1:31 14:17 És 37:22 14:18 Jr 6:13 14:19 Jr 30:13 14:20 Jr 8:14 14:21 Sòm 25:11 14:22 Lam 3:26