30
Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, ki te di: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Ekri tout pawòl ke M te bay ou yo nan yon liv. Paske gade byen, jou yo ap vini,’ deklare SENYÈ a: ‘lè Mwen va restore fòtin pèp Mwen an, Israël ak Juda,’ Senyè a di. ‘Anplis, Mwen va mennen yo retounen nan peyi ke m te bay a papa zansèt yo, e yo va posede li.’ ”
Alò, sila yo se pawòl ke SENYÈ a te pale konsènan Israël e konsènan Juda: Paske konsa pale SENYÈ a:
“Mwen te tande son a yon gwo laperèz,
a yon gwo krent;
pa gen lapè.
Mande koulye a pou wè si yon gason kapab fè pitit.
Poukisa Mwen wè tout gason ak men li sou ti vant yo,
konsi se fanm k ap fè pitit?
Epi poukisa tout figi yo vin pal konsa?
Elas, paske jou sa a gran, pa gen ki parèy a li.
Li se lè a gwo doulè Jacob la;
men li va sove de li.
 
“Li va vin rive nan jou sa a, deklare SENYÈ dèzame yo:
ke Mwen va kase jouk li a soti sou kou nou.
Mwen va chire kòd yo,
e etranje yo p ap fè yo esklav ankò.
Men yo va sèvi SENYÈ a, Bondye pa yo a
e David, wa yo a, ke Mwen va fè leve wo pou yo.
10 Pa pè anyen, O Jacob, sèvitè Mwen an,” deklare SENYÈ a:
“Epi pa pèdi kouraj, O Israël;
paske gade byen, Mwen va sove ou soti lwen
e posterite ou soti nan peyi kaptivite yo.
Jacob va retounen,
Li va kalm, alèz,
e nanpwen moun k ap fè l fè pè.
11 Paske Mwen avèk ou, deklare SENYÈ a, pou sove ou;
paske Mwen va detwi nèt tout nasyon kote Mwen te gaye ou yo,
sèlman ou menm ke M p ap detwi nèt.
Men m ap fè ou korije fil a mezi;
Mwen p ap kite ou san pinisyon.”
12 Paske konsa pale SENYÈ a:
“Blesi ou yo pa kab geri,
e kondisyon ou byen grav.
13 Nanpwen moun ki pou plede koz ou;
pa gen gerizon pou maleng nan, ni ou p ap ka refè.
14 Tout moun ki renmen ou yo fin bliye ou,
yo pa chache ou;
paske Mwen te blese ou ak blesi a yon lènmi,
ak pinisyon a yon moun ki mechan,
akoz inikite ou gran e peche ou anpil.
 
15 Poukisa w ap kriye akoz blesi ou yo?
Doulè ou a pa gen gerizon.
Akoz inikite ou yo gran e peche ou yo anpil,
Mwen te fè ou sa a.
16 Akoz sa, tout sila ki devore ou yo va vin devore;
epi tout advèsè ou yo, yo chak, yo va antre an kaptivite.
Sila ki piyaje ou yo va tounen piyaj yo menm,
e tout sila yo ki fè nou vin viktim yo,
va vin viktim yo menm.
17 Paske M ap fè ou reprann lasante,
e Mwen va geri ou de tout blesi ou yo,” deklare SENYÈ a:
“Akoz yo te rele ou yon rejte e yo te di:
‘Se Sion; nanpwen moun ki bezwen anyen ladan.’ ”
18 Konsa pale SENYÈ a:
“Gade byen, Mwen va restore fòtin a tant a Jacob yo,
e gen konpasyon pou lakay li yo;
vil la va rebati sou ranblè li yo
e palè a va kanpe nan pwòp plas li.
19 Nan yo menm, va sòti remèsiman ak vwa a sila k ap fè fèt yo.
Mwen va miltipliye yo e yo p ap diminye;
anplis, Mwen va bay yo glwa, e yo p ap meprize;
20 Pitit pa yo tou va tankou oparavan,
e kongregasyon yo va etabli devan M.
Mwen va pini tout sila k ap oprime yo.
21 Chèf pa yo va youn nan yo,
e sila ki gouvène yo va sòti nan mitan yo.
Mwen va mennen li toupre,
e li va vin toupre Mwen;
paske se kilès ki ta gen kouraj pou pwoche M?” deklare SENYÈ a.
22 “Nou va vin pèp Mwen e Mwen va vin Bondye pa nou.”
23 Gade byen, tanpèt SENYÈ a, kòlè Li fin depanse nèt,
yon tanpèt k ap ravaje;
li va eklate sou tèt a mechan yo.
24  Kòlè fewòs SENYÈ a p ap detounen jiskaske li fin fè,
jiskaske li fin acheve entansyon a kè Li.
Nan dènye jou yo, ou va konprann sa.”
30:2 És 30:8 30:3 Jr 3:18 30:5 És 5:30 30:6 Jr 4:31 30:7 Jr 2:27-28 30:8 És 9:4 30:9 És 55:3-5 30:10 Mi 4:4 30:12 II Kwo 36:16 30:13 Jr 14:19 30:16 Jr 2:3 30:17 Egz 15:26 30:18 I Kwo 29:1-19 30:19 És 55:5 30:20 És 54:14 30:21 Nonb 16:5 30:23 Jr 23:19 30:24 Jr 4:8