11
Alò, Wa Salomon te renmen anpil fanm etranje ansanm avèk fi Farawon an: Moabit yo, Amonit yo, Edomit yo, Sidonyen yo ak fanm Etyen yo, ki te soti nan nasyon de sila SENYÈ a te di a fis Israël yo, “Ou p ap asosye avèk yo, ni yo p ap asosye avè w; paske yo va anverite vire kè ou lwen apre dye pa yo.” Salomon te kenbe rèd a sila yo nan renmen an. Li te gen sèt-san prensès kòm madanm, twa-san ti mennaj e madanm li yo te vire kè li lwen. Paske lè Salomon te vin vye, madanm li yo te vire kè li lwen apre lòt dye yo. Epi kè li pa t konsakre nèt a SENYÈ a, Bondye pa li a, jan kè David, papa li te ye a. Paske Salomon te kouri dèyè Astarté deyès a Sidonyen yo e apre Milcom, zidòl abominab a Amonit yo. Salomon te fè sa ki te mal nan zye a SENYÈ a e li pa t swiv SENYÈ a nèt, jan David, papa li te fè a. Epi Salomon te bati yon wo plas pou Kemosh, wa abominab a Moab la, sou mòn ki nan lès Jérusalem lan e pou Moloc, zidòl abominab a fis a Ammon yo. Se konsa li te fè pou tout madanm etranje li yo. Li te brile lansan e fè sakrifis a dye pa yo. Alò, SENYÈ a te byen fache avèk Salomon akoz kè li te vire lwen SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te vin parèt a li de fwa. 10 Li te kòmande li sou bagay sa a, ke li pa ta dwe ale apre lòt dye yo, men li pa t swiv sa ke SENYÈ a te kòmande a. 11 Pou sa, SENYÈ a te di a Salomon: “Akoz ou te fè sa e ou pa t kenbe akò Mwen, avèk règleman Mwen yo, ke M te kòmande ou pou fè yo, Mwen va, anverite, chire wayòm nan soti nan men ou e Mwen va bay li a sèvitè ou. 12 Sepandan, se pa nan jou pa w yo ke M ap fè l, pou koz David, papa ou. Men m ap chire l nan men fis ou yo. 13 Malgre sa, mwen p ap rache tout wayòm nan, men Mwen va bay yon tribi a fis ou pou koz a sèvitè Mwen an, David e pou koz Jérusalem ke M te chwazi a.”
14 Alò, SENYÈ a te fè leve yon lènmi a Salomon, Hadad, Edomit lan; li te nan ras wayal a Édom an. 15 Paske li te vin rive ke lè David te Édom e Joab, chèf lame a te monte pou antere mò yo, li te frape touye tout gason nan Édom yo 16 (paske Joab avèk tout Israël te rete la pandan si mwa, jiskaske li te koupe, fè desann tout gason nan Édom yo.) 17 Se nan moman sa a ke Hadad te sove ale rive an Égypte, li menm avèk kèk Edomit ki te sèvitè a papa li avèk li, pandan Hadad te jenn gason. 18 Yo te leve soti Madian, pou rive Paran. Yo te pran mesye yo avèk yo soti Paran pou te rive an Égypte, kote Farawon, wa Égypte la. Farawon te bay yo yon kay e li te founi Hadad avèk manje e li te bay li tè. 19 Alò, Hadad te twouve gran favè devan Farawon. Konsa, li te ba li nan maryaj, sè a pwòp madanm li, sè a Thachpenès, rèn nan. 20 Sè a Thachpenès la te fè fis li, Guenubath, ke Thachpenès te sevre lakay Farawon pami fis a Farawon yo. 21 Men lè Hadad te tande an Égypte ke David te dòmi avèk zansèt li yo, e ke Joab, chèf lame a te mouri, Hadad te di a Farawon: “Voye mwen ale, pou m kab rive nan pwòp peyi pa mwen.”
22 Alò, Farawon te di li: “Men kisa ou te manke avè m, ke konsa, w ap chache ale nan pwòp peyi pa ou?”
Li te reponn li: “Anyen: men anverite, fòk ou kite mwen ale.”
23  Bondye te osi leve yon lòt lènmi a li menm, Rezon, fis a Éliada a, ki te sove ale devan Chèf li, Hadadézer wa Tsoba a. 24 Li te ranmase moun vè li menm pou te devni chèf a yon twoup bandi mawon. Apre David te vin touye yo nan Tsoba, yo te deplase a Damas pou rete la e te renye Damas. 25 Konsa, li te lènmi a Israël pou tout jou a Salomon yo, ansanm avèk mechanste ke Hadad te fè yo. Li te rayi Israël e li te renye sou Syrie.
26 Alò, Jéroboam, fis a Nebath la, yon Efratyen nan Tseréda, yon sèvitè a Salomon, manman a sila ki te rele Tserua a, yon vèv, li osi te fè rebèl kont wa a. 27 Alò, se te pou rezon sa ke li te fè rebèl kont wa a: Salomon te bati sitadèl Millo, e li te fèmen brèch nan lavil papa l la, David. 28 Alò, Jéroboam te yon gèrye vanyan e lè Salomon te wè ke jennonm nan te travay byen, li te chwazi li sou tout kòvey lakay Joseph yo. 29 Li te vin rive vè lè sa a, lè Jéroboam te kite Jérusalem, ke pwofèt la, Achija, te mete yon manto nèf sou li; epi yo de a te rankontre ansanm san lòt moun nan mitan chan an. 30 Alò, Achija te sezi kenbe manto nèf ki te sou li a, e li te chire li nan douz mòso. 31 Li te di a Jéroboam: “Pran pou ou menm dis mòso; paske konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Gade byen, Mwen va chire wayòm nan sòti nan men Salomon, e ba ou dis tribi 32  (men li va gen yon tribi pou koz sèvitè Mwen an, David, ak pou koz Jérusalem, vil ke M te chwazi soti nan tout tribi Israël yo), 33 akoz yo te abandone Mwen e te adore Astarté deyès a Sidonyen yo, Kemosh, dye a Moab la ak Milcom, dye a fis Ammon yo. Epi yo pa t mache nan vwa Mwen yo, pou fè sa ki dwat nan zye M, e swiv règleman Mwen yo avèk òdonans Mwen yo, jan papa li, David te fè a.
34 “ ‘Sepandan, Mwen p ap pran tout wayòm nan sòti nan men l, men Mwen va fè li chèf pandan tout jou lavi li, pou koz David, ke Mwen te chwazi, ki te swiv kòmandman Mwen yo avèk règleman Mwen yo, 35 men Mwen va rache wayòm nan nan men fis li pou bay ou, menm dis tribi. 36 Men a fis li yo, mwen va bay yon tribi, pou sèvitè Mwen an, David kab toujou gen yon lanp devan Mwen nan Jérusalem, vil kote Mwen te chwazi pou Mwen menm nan pou mete non Mwen an. 37 Mwen va pran ou e ou va renye sou nenpòt sa ou vle e ou va wa sou Israël. 38 Epi li va ye, ke si ou koute tout sa ke M kòmande ou, mache nan vwa Mwen yo, fè sa ki dwat nan zye Mwen, e swiv règleman Mwen yo avèk kòmandman Mwen yo jan sèvitè Mwen David te fè a, alò, Mwen va avèk ou pou bati pou ou yon kay k ap dire, jis jan ke M te bati pou David la, e Mwen va bay Israël a ou menm. 39 Konsa, Mwen va aflije desandan a David yo pou sa, men pa pou tout tan.’ ”
40 Akoz sa, Salomon te chache mete Jéroboam a lanmò, men Jéroboam te leve e te sove ale rive an Égypte kote Schischak, wa Égypte la, e li te rete an Égypte jiska lanmò Salomon.
41  Alò tout lòt zèv a Salomon yo ak tout sa li te fè ak sajès li, èske yo pa ekri nan liv a zèv Salomon yo? 42 Konsa, tan ke Salomon te renye Jérusalem sou tout Israël la se te karantan. 43 Epi Salomon te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere nan vil a papa li, David e fis li a, Roboam te renye nan plas li.
11:1 Det 17:17 11:2 Egz 23:31-33 11:3 II Sam 5:13-16 11:5 I Sam 7:3-4 11:5 I Wa 11:7 11:9 I Wa 3:5 11:10 I Wa 6:12 11:11 I Sam 2:30 11:13 I Wa 11:32-36 11:15 II Sam 8:14 11:18 Nonb 10:12 11:21 I Wa 2:10 11:23 I Wa 11:14 11:26 I Wa 11:11-28 11:27 I Wa 9:15-24 11:28 Pwov 22:29 11:29 I Wa 12:15 11:30 I Sam 15:27-28 11:31 I Wa 11:11-12 11:32 I Wa 12:21 11:32 I Wa 14:21 11:33 I Wa 11:5-8 11:33 Jr 48:7-13 11:35 I Wa 11:12 11:36 II Wa 8:19 11:38 II Sam 7:11-27 11:40 I Wa 14:25 11:41 II Wa 9:29 11:42 II Kwo 9:30 11:43 I Wa 14:21