15
Alò, nan di-zuityèm ane a Wa Jéroboam, fis Nebat la, Abijam te vin wa sou Juda. Li te renye pandan twazan nan Jérusalem. Non manman li se te Maaca, fis a Abisalom lan. Li te mache nan tout peche a papa li te fè devan li yo. Kè li pa t dedye nèt a SENYÈ a, Bondye li a, tankou kè a papa zansèt li a, David. Men pou koz David, SENYÈ a, Bondye li a, te ba li yon lanp nan Jérusalem, pou fè leve monte fis li apre li, e pou etabli Jérusalem. Li te fè sa paske David te fè sa ki te dwat nan zye a SENYÈ a, e li pa t vire akote de nenpòt sa ke Li te kòmande li pandan tout jou lavi li, sof ke ka a Urie a, Etyen an. Te gen lagè antre Roboam avèk Jéroboam pandan tout vi li. Alò, tout lòt zèv a Abijam avèk tout sa li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa a Juda yo? Anplis, te gen lagè antre Abijam avèk Jéroboam. Epi Abijam te dòmi avèk zansèt li yo, e yo te antere li nan lavil David. Asa, fis li a te devni wa nan plas li.
Konsa, nan ventyèm ane a Jéroboam, wa Israël la, Asa te kòmanse renye kòm wa nan Juda. 10 Li te renye pandan karanteyen ane Jérusalem. Non manman li se te Maaca, fi a Abisalom lan. 11  Asa te fè sa ki te dwat nan zye SENYÈ a tankou David, papa zansèt li a. 12 Anplis, li te retire mal pwostitiye nan peyi a e li te retire tout zidòl ke zansèt li yo te fè yo. 13 Anplis, li te fè retire Maaca, manman li nan pozisyon rèn nan, paske li te fè yon imaj abominab tankou yon Astarté. Asa te koupe imaj abominab li a e li te brile li nan flèv Cédron an. 14 Men wo plas yo pa t retire. Malgre sa, kè Asa te dedye nèt a SENYÈ a pandan tout jou li yo. 15  Li te fè antre nan kay SENYÈ a tout afè dedye pa papa li avèk tout afè dedye pa li menm; zouti fèt an ajan avèk lò.
16  Alò te gen lagè antre Asa avèk Baescha, wa Israël la pandan tout jou pa yo. 17  Baescha, wa Israël la, te monte kont Juda e te ranfòse Rama pou anpeche moun antre, oswa sòti kote Asa, wa Juda a. 18  Asa te pran tout ajan avèk lò ki te rete nan trezò lakay SENYÈ a ak trezò lakay wa a e li te livre yo nan men a sèvitè li yo. Epi Wa Asa te voye yo bay Ben-Hadad, fis Thabrimmon an, fis a Hezjon an, wa Syrie a, ki te rete Damas la. Li te di: 19 “Kite yon akò fèt antre ou menm avèk mwen, tankou antre papa ou avèk papa m. Gade byen, mwen voye ba ou yon kado ajan avèk lò. Ale kraze akò ou avèk Baescha, wa Israël la, pou li retire lame li a sou mwen.”
20 Konsa, Ben-Hadad te koute Wa Asa e te voye chèf lame li yo kont vil Israël yo, li te bat yo e pran Ijjon, Dan, Abel-Beth-Maaca, tout Kinneroth la ak tout teritwa Nephtali a. 21 Lè Baescha fin tande koze sa a, li te sispann ranfòse Rama e li te vin rete Thirtsa. 22 Epi Wa Asa te fè yon pwoklamasyon a tout Juda——nanpwen pèsòn ki te eksepte——-epi yo tout te pote ale tout wòch nan Rama yo avèk bwa ke Baescha te sèvi pou bati yo. Wa Asa te bati avèk yo, Guéba nan Benjamin ak Mitspa. 23 Alò, tout lòt zèv Asa yo avèk tout pwisans li, tout sa li te fè ak vil ke li te bati yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa a Juda yo? Men nan tan vyeyès li, li te aflije avèk maladi nan pye li. 24 Konsa, Asa te dòmi avèk zansèt pa li yo e li te antere avèk zansèt li yo nan lavil David la, papa li. Epi Josaphat te renye nan plas li.
25 Alò, Nadab, fis a Jéroboam nan, te vin wa sou Israël nan dezyèm ane Asa a, wa Juda a e li te renye sou Israël pandan dezan. 26 Li te fè mal nan zye SENYÈ a e li te mache nan chemen papa li ak nan peche avèk sila li te fè Israël peche a. 27 Alò, Baescha, fis Achija a, a lakay Issacar a, te fè konplo kont Nadab, e Baescha te frape l fè l mouri nan Guibbethon, ki te apatyen a Filisten yo, pandan Nadab avèk tout Israël t ap fè syèj nan Guibbethon. 28 Konsa, Baescha te touye li nan twazyèm ane Asa a, wa Juda a e li te vin renye nan plas li. 29 Li te vin rive ke depi li te wa a, li te frape tout lakay Jéroboam. Li pa t kite a Jéroboam okenn moun vivan, jiskaske li te detwi yo nèt, selon pawòl ke SENYÈ a te pale pa sèvitè li a, Achija, Siloyit la. 30 Akoz peche ke Jéroboam te fè yo e avèk sila, li te fè Israël peche yo, akoz pwovokasyon li avèk sila li te pwovoke SENYÈ a, Bondye Israël la, a lakòlè.
31  Alò, lòt zèv a Nadab yo avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo? 32  Te gen lagè antre Asa avèk Baescha, fis a Achija a pandan tout jou pa yo.
33 Nan twazyèm ane Asa a, wa a Juda a, Baescha, fis a Achija a, te devni wa sou tout Israël nan Thirtsa e li te renye venn-kat ane. 34 Li te fè mal nan zye SENYÈ a e li te mache nan chemen Jéroboam ak nan peche pa li avèk sila li te fè Israël peche yo.
15:1 II Kwo 13:1 15:2 II Kwo 13:2 15:2 II Kwo 11:21 15:3 I Wa 11:4 15:5 Luc 1:6 15:5 II Sam 11:3-17 15:6 I Wa 14:30 15:7 II Kwo 13:3-20 15:8 II Kwo 14:1 15:10 I Wa 15:2 15:11 II Kwo 14:2 15:12 II Kwo 14:2 15:13 II Kwo 15:16-18 15:13 Egz 32:20 15:14 I Wa 8:61 15:15 I Wa 7:51 15:16 I Wa 15:32 15:17 II Kwo 16:1-6 15:18 I Wa 14:26 15:19 II Kwo 16:7 15:20 Jij 18:29 15:20 Jos 11:2 15:21 I Wa 14:17 15:22 Jos 18:24 15:24 I Wa 22:41-44 15:25 I Wa 14:20 15:26 I Wa 12:28-33 15:26 I Wa 15:30-34 15:27 I Wa 14:14 15:29 I Wa 14:9-16 15:30 I Wa 15:26 15:31 I Wa 14:19 15:32 I Wa 15:16 15:34 I Wa 15:26