18
Alò, li te rive apre anpil jou ke pawòl SENYÈ a te vini a Élie nan twazyèm ane a. Li te di: “Ale, montre ou menm a Achab e Mwen va voye lapli sou fas tè a.”
Konsa, Élie te ale montre li menm a Achab. Alò, gwo grangou a te byen rèd nan Samarie. Achab te rele Abdias ki te chèf sou lakay li. (Alò, Abdias te gen lakrent SENYÈ a anpil; paske lè Jézabel te detwi pwofèt SENYÈ yo, Abdias te pran yon santèn nan pwofèt yo, li te kache yo pa senkant nan yon kav e li te founi yo avèk pen avèk dlo.) Alò, Achab te di Abdias: “Pase nan peyi kote tout sous dlo yo. Petèt nou va twouve zèb pou kenbe chwal avèk milèt yo vivan e pou nou pa oblije touye nan bèt yo.”
Pou sa, yo te divize peyi a antre yo pou yo fè rechèch li. Achab te pran yon chemen e Abdias te pran yon lòt pou kont li. Alò, pandan Abdias te nan wout la, vwala, Élie te rankontre li. Abdias te rekonèt li e te tonbe sou figi li. Li te di: “Èske se ou menm, Élie, mèt mwen an?”
Li te di li: “Se mwen. Ale, pale a mèt ou a, ‘Men vwala, Élie isit.’ ”
Li te di: “Ki peche mwen te fè ke ou ta vin mete sèvitè ou nan men Achab pou l mete m a lanmò? 10 Jan SENYÈ a, Bondye ou a, viv la, nanpwen nasyon oswa wayòm kote mèt mwen pa t voye chache ou. Lè yo te di: ‘Li pa la’, li te fè wayòm nan oswa nasyon an sèmante ke yo pa t kab jwenn ou. 11 Epi koulye a w ap di: ‘Ale di mèt ou “Men vwala, Élie!” ’ 12 Li va vin rive ke lè m kite ou, Lespri SENYÈ a va pote ou kote m pa konnen. Konsa, lè m vini pale Achab, lè l pa kab jwenn ou, li va touye mwen, malgre mwen, sèvitè ou a, te gen lakrent SENYÈ a depi nan jenès mwen. 13  Èske sa pa t pale a mèt mwen sa m te fè lè Jézabel te touye pwofèt SENYÈ yo, ke m te kache yon santèn nan pwofèt SENYÈ a pa senkantèn nan yon kav e mwen te founi yo avèk pen avèk dlo? 14 Epi koulye a, w ap di mwen: ‘Ale pale a mèt ou: “Men Élie!” Epi se konsa l ap touye mwen.’
15 Élie te di: “Jan SENYÈ dèzame yo viv la, devan sila mwen kanpe a, anverite, mwen va montre mwen menm a li menm jodi a.” 16 Konsa, Abdias te ale rankontre Achab e te pale li, epi Achab te ale rankontre Élie.
17 Lè Achab te wè Élie, Achab te di li: “Èske se ou menm, sila ki twouble Israël la?”
18 Li te di: “Mwen pa t twouble Israël, men ou menm avèk lakay papa ou, akoz ou te abandone lòd SENYÈ yo pou ou te swiv Baal yo. 19 Alò, pou sa, voye ranmase vè mwen tout Israël nan Mòn Carmel avèk kat-san-senkant pwofèt Baal ak kat-san pwofèt Astarté ki manje sou tab Jézabel la.”
20 Konsa, Achab te voye pami tout fis Israël yo e te mennen pwofèt yo ansanm nan Mont Carmel. 21 Élie te pwoche tout pèp la e te di: “Pou konbyen de tan n ap kontinye panche de bò, antre de bi? Si SENYÈ a se Bondye a, swiv Li, men si se Baal, swiv li.”
Men moun yo pa t reponn menm yon mo.
22 Konsa, Élie te di a pèp la: “Se mwen sèl ki rete kòm pwofèt SENYÈ a, men pwofèt a Baal yo se kat-san-senkant òm. 23 Alò, kite yo bannou de bèf, e kite yo chwazi yon bèf pou yo menm, koupe li an mòso e mete li sou bwa a, men san pa mete dife; epi mwen va prepare lòt bèf la e kouche li sou bwa e mwen p ap mete dife. 24 Alò, ou va rele non a dye pa nou an e mwen va rele non SENYÈ a, e Dye ki reponn pa dife a, se Li menm ki Bondye a.”
Epi tout moun yo te reponn: “Lide sa a bon.”
25 Konsa, Élie te di a pwofèt a Baal yo: “Chwazi yon bèf pou nou menm e prepare li, paske nou anpil e rele non a dye pa nou an, men pa mete dife.”
26 Konsa, yo te pran bèf ki te bay a yo menm nan, yo te prepare li e te rele non Baal la soti nan maten jis rive midi e yo t ap di: “O Baal, reponn nou.” Men pa t gen vwa e okenn moun pa t reponn. Epi yo te toutotou lotèl ke yo te fè a.
27 Li te vin rive vè midi ke Élie te moke yo. Li te di: “Rele avèk vwa fò, paske li se yon dye! Oswa petèt li okipe, ke li okipe! Oswa li te vire akote, oswa li fè yon vwayaj, o petèt li dòmi e ou bezwen fè l leve.”
28 Konsa, yo te kriye avèk gwo vwa. Yo te koupe kò yo selon abitid pa yo avèk nepe ak frenn jis san te fè flèv sou yo. 29 Lè midi te fin pase, yo te anraje jis rive nan moman pou ofri sakrifis aswè yo, men pa t gen vwa, okenn pa t reponn, ni okenn pa t okipe yo.
30 Alò, Élie te di a tout pèp la: “Vin kote mwen.” Konsa, tout pèp la te vin kote li. Konsa, li te repare lotèl SENYÈ a ki te dechire a. 31 Élie te pran douz wòch selon non tribi a fis a Jacob yo, a sila pawòl SENYÈ a te parèt yo, e te di: “Israël va non ou.” 32 Konsa, avèk wòch yo, li te bati yon lotèl nan non SENYÈ a e li te fè yon kanal antoure lotèl la ase laj pou kenbe de mezi semans. 33  Apre, li te ranje bwa a, li te koupe bèf la an mòso e li te poze li sou bwa a. 34 Epi li te di: “Ranpli kat po avèk dlo e vide li sou ofrann brile yo ak sou bwa a.” Epi li te di: “Fè l yon dezyèm fwa,” epi yo te fè l yon dezyèm fwa. Epi li te di: “Fè l yon twazyèm fwa,” epi yo te fè l yon twazyèm fwa. 35 Dlo a te kouri antoure lotèl la e li te plen kanal la osi.
36 Nan tan ofrann sakrifis aswè a, Élie, pwofèt la, te pwoche e te di: “O SENYÈ, Bondye Abraham, Isaac avèk Israël la, jodi a, kite li byen rekonèt ke Ou se Bondye an Israël, ke mwen se sèvitè Ou, e ke mwen te fè tout bagay sa yo pa pawòl Ou menm. 37 Reponn mwen, O SENYÈ, reponn mwen, pou pèp sa a kapab konnen ke Ou menm, O SENYÈ, se Bondye e ke Ou fè kè yo vire retounen kote Ou ankò.”
38 Konsa, dife SENYÈ a te tonbe e te konsonmen ofrann brile a avèk bwa a, avèk wòch yo ak pousyè a e te vale tout dlo ki te nan kanal la. 39 Lè tout pèp la te wè sa, yo te tonbe sou figi yo, epi yo te di: “SENYÈ a, se Li menm Ki Bondye a! SENYÈ a, se Li menm ki Bondye a!”
40 Epi Élie te di yo: “Sezi pwofèt a Baal yo! Pa kite youn nan yo chape!”
Yo te sezi yo, epi Élie te mennen yo desann nan flèv Kison an e te touye yo la.
41 Alò, Élie te di a Achab: “Ale monte, manje e bwè; paske gen gwo bwi lapli.”
42 Konsa, Achab te monte pou manje e bwè. Men Élie te monte sou tèt Mòn Carmel; epi li te koube jenou li, apiye atè avèk figi li antre jenou li. 43 Li te di a sèvitè li: “Ale monte koulye a, gade bò kote lanmè a.”
Konsa, li te monte gade, e te di: “Nanpwen anyen” epi li te di:
“Ale retounen” menm sèt fwa.”
44 Li te vin rive nan setyèm fwa a ke li te di: “Vwala, yon grenn nwaj piti tankou men a yon moun ap monte soti kote lanmè a.”
Epi li te di: “Ale monte, pale Achab pou di l: ‘fè cha ou a parèt e desann pou gwo lapli a pa rete ou.’ ”
45 Nan yon ti tan, syèl la te vin fènwa avèk nwaj ak van e te gen yon lapli fò. Epi Achab te monte pou te ale kote Jizréel. 46 Alò, men SENYÈ a te sou Élie. Li te mare senti li e te kouri pi vit ke Achab pou rive nan lantre kote Jizréel.
18:1 Luc 4:25 18:3 I Wa 16:9 18:3 Né 7:2 18:4 I Wa 18:13 18:7 II Wa 1:6-8 18:13 I Wa 18:4 18:15 I Wa 17:1 18:17 Jos 7:25 18:18 I Wa 9:9 18:18 I Wa 21:25-26 18:19 Jos 19:26 18:19 I Wa 16:33 18:21 Mat 6:24 18:21 Jos 24:5 18:24 I Wa 18:38 18:26 Sòm 115:4-5 18:28 Lev 19:28 18:29 Egz 29:39-41 18:30 I Wa 19:10-14 18:31 Jen 32:28 18:32 Jen 32:28 18:33 Jen 22:9 18:36 I Wa 8:43 18:36 Nonb 16:28-32 18:38 Lev 10:1-2 18:39 I Wa 18:21-24 18:40 Jij 4:7 18:40 II Wa 10:24-25 18:42 I Wa 18:19-20 18:44 Luc 12:54 18:45 És 8:11 18:46 És 8:11