23
Alò wa a te voye rasanble vè li menm tout ansyen Juda ak Jérusalem yo. Wa a te monte kote kay SENYÈ a ak tout mesye Juda yo, tout moun ki te rete Jérusalem avèk li yo, prèt yo ak pwofèt yo ak tout pèp la, ni gran, ni piti; epi li te li nan zòrèy yo, tout pawòl a liv akò a ki te twouve lakay SENYÈ a. Wa a te kanpe akote pilye a pou te fè yon akò devan SENYÈ a, pou mache apre SENYÈ a, pou kenbe kòmandman avèk temwayaj li yo avèk règleman li yo avèk tout kè li ak tout nanm li, pou akonpli pawòl akò a ki te ekri nan liv sa a. Epi tout pèp la te antre nan akò a.
Konsa, wa a te kòmande Hilkija, wo prèt la e prèt a dezyèm lòd yo avèk gadyen pòtay yo pou mennen fè sòti deyò nan tanp SENYÈ a tout veso ki te fèt pou Baal yo, pou Astarté ak pou tout lame syèl la. Konsa, li te brile yo deyò Jérusalem nan chan Cédron an e li te pote sann yo jis rive Béthel. Li te mete deyò tout prèt zidòl ke wa Juda yo te chwazi pou brile lansan nan wo plas yo nan vil Juda yo ak nan andwa Jérusalem yo. Anplis, sila ki te brile lansan a Baal yo, a solèy la, lalin nan, avèk tout gwoup zetwal yo ak tout lame syèl yo. Li te fè mete deyò Astarté la soti lakay SENYÈ a rive Jérusalem nan flèv Cédron an, li te moulen l an poud nèt e li te jete pousyè a nan simityè a pèp la. Osi, li te kraze kay mal pwostitiye sakre ki te lakay SENYÈ a, kote fanm t ap trese bagay yo kwoke pou Astarté yo. Epi li te mennen tout prèt yo soti nan tout vil Juda yo, e li te souye wo plas kote prèt yo te konn brile lansan yo, soti Guéba jis rive Beer-Schéba. Li te kraze wo plas pòtay ki te nan antre pòtay Josué a, majistra vil la, ki te bò kote goch pòtay lavil la. Sepandan, prèt wo plas yo pa t monte nan lotèl SENYÈ a Jérusalem, men yo te manje pen san ledven pami frè yo. 10 Anplis, li te souye Topheth, ki nan vale fis Hinnom an, pou pèsòn pa t kab fè fis li oswa fi li pase nan dife Moloc la. 11 Li te retire cheval ke wa a Juda yo te konn bay a solèy la, kote antre kay SENYÈ a, kote chanm Nethan-Mélec la, ofisye a, ki te nan pwovens yo e li te brile cha solèy yo avèk dife. 12 Lotèl ki te sou twati yo, nan wo chanm Achaz ke wa Juda yo te fè a ak lotèl ke Manassé te fè nan de lakou lakay SENYÈ a, wa a te kraze yo. Li te kraze yo e li te jete poud yo nan flèv Cédron an. 13 Wo plas ki te devan Jérusalem yo, ki te adwat mòn pèdisyon ke Salomon te bati pou Astarté la, abominasyon a Sidonyen yo, avèk Kemosch, abominasyon a fis Ammon yo, wa a te souye yo. 14  Li te kraze an mòso pilye sakre yo, li te koupe Astarté yo e li te plen plas yo avèk zo moun.
15 Anplis, lotèl ki te Béthel la avèk wo plas ke Jéroboam, fis a Nebath la, ki te fè Israël peche a, menm lotèl sila a avèk wo plas la a li te kraze. Epi li te kraze wòch li yo, li te moulen yo jis yo te fè poud e li te brile Astarté la. 16 Alò, lè Josias te vire gade, li te wè tout simityè ki te sou mòn nan e li te voye pran zo ki te ladann yo, li te brile yo sou lotèl la e te souye li pa pawòl SENYÈ a, ke nonm Bondye a te pwoklame a, sila ki te pwoklame bagay sa yo. 17 Alò, li te di: “Se ki moniman sa a ke m wè la a?”
Epi mesye lavil yo te di l: “Li se tonm a nonm Bondye ki te sòti Juda a pou te pwoklame bagay sa yo ke ou te fè kont lotèl Béthel la.”
18 Li te di: “Lese li; pa kite pèsòn deranje zo li.” Konsa, yo te kite zo li yo san deranje avèk zo a pwofèt ki te sòti Samarie a. 19 Anplis, Josias te retire tout kay nan wo plas ki te nan vil Samarie yo, ke wa Israël la te fè pou te pwovoke SENYÈ a, epi li te fè a yo menm sa ke li te fè Béthel la. 20 Tout prèt a wo plas ki te prezan yo, li te touye yo sou lotèl yo, e li te brile zo moun yo sou yo. Konsa, li te retounen Jérusalem.
21 Wa a te kòmande tout pèp la. Li te di: “Selebre fèt Pak SENYÈ a, Bondye nou an, jan sa ekri nan liv akò sila a.” 22  Anverite, yon Pak tankou sila a pa t selebre depi nan jou a jij ki te jije Israël yo, ni nan tout jou a wa Israël yo avèk wa Juda yo. 23 Men nan di-zuityèm ane a Wa Josias la, Pak sila a te obsève Jérusalem.
24 Anplis, Josias te retire moun ki te konn rele lespri mò yo, avèk bòkò avèk zidòl lakay yo ak tout lòt zidòl avèk tout abominasyon ki te konn wè nan tout peyi Juda a avèk Jérusalem, pou li ta kapab konfime pawòl lalwa ki te ekri nan liv ke Hilkija, prèt la, te twouve lakay SENYÈ a. 25 Avan li, pa t gen wa tankou li ki te vire vè SENYÈ a avèk tout kè li, avèk tout nanm li e avèk tout fòs li, selon lalwa Moïse la. Ni pa t gen okenn moun tankou li ki te leve apre li. 26 Malgre sa, SENYÈ a pa t kite chalè gran kòlè Li ki te brile kont Juda, akoz tout pwovokasyon avèk sila Manassé te pwovoke Li yo. 27 SENYÈ a te di: “Mwen va retire Juda tou devan zye Mwen, jan mwen te retire Israël la. Mwen va voye jete Jérusalem, vil sila ke M te chwazi a ak tanp sou sila Mwen te di: ‘Non Mwen va la a.’ ”
28 Alò, tout lòt zèv a Josias yo, avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo? 29 Nan jou pa li yo, Farawon Néco, wa Égypte la, te monte kont wa Assyrie a nan Rivyè Euphrate la e Wa Josias te ale rankontre li. Epi lè Néco te wè l, li te touye li Méguiddo. 30 Sèvitè li yo te kondwi kadav li a nan yon cha soti Méguiddo pou te mennen li rive Jérusalem, e yo te antere li nan pwòp tonm pa li. Konsa, pèp peyi a te pran Joachaz, fis a Josias la, yo te onksyone li, e yo te fè l wa nan plas papa li.
31  Joachaz te gen laj a venn-twazan lè l te devni wa a e li te renye twa mwa Jérusalem. Manman li te rele Hamuthal, fi a Jérémie an nan Libna. 32 Li te fè mal nan zye SENYÈ a, selon tout sa ke zansèt li yo te fè. 33 Farawon Néco te fèmen li nan prizon nan Ribla nan peyi Hamath pou li pa renye Jérusalem, epi li te enpoze sou peyi a yon amann san talan ajan avèk yon talan lò. 34 Farawon Néco te fè Éliakim, fis a Josias la wa nan plas Josias, papa li e te chanje non li an Jojakim. Men li te mennen Joachaz sòti. Li te mennen li an Égypte e li te mouri la. 35 Konsa, Jojakim te bay ajan avèk lò a Farawon, men li te egzije kontribisyon sou peyi a pou l ta kab bay lajan lè Farawon te mande li. Li te egzije ajan avèk lò a soti nan pèp peyi a, chak moun selon kalkil valè pa li, pou vèse bay a Farawon Néco. 36  Jojakim te gen laj venn-senkan lè l te devni wa a, e li te renye onzan Jérusalem. Non manman li te Zébudda, fi a Pedaja a nan Ruma. 37 Li te fè mal nan zye SENYÈ a, selon tout sa ke papa zansèt li yo te konn fè yo.
23:1 II Kwo 29:32 23:2 Det 31:10-13 23:2 II Wa 22:8 23:3 II Wa 11:14-17 23:3 Det 13:4 23:5 II Wa 21:3 23:7 I Wa 14:24 23:8 Jos 21:17 23:9 Éz 44:10-14 23:10 Lev 18:21 23:10 I Wa 11:7 23:11 Job 31:26 23:13 I Wa 11:7 23:14 Det 7:5-25 23:15 I Wa 13:1 23:15 I Wa 12:28-33 23:16 I Wa 13:2 23:18 I Wa 13:11-31 23:19 II Kwo 34:6-7 23:20 II Wa 10:25 23:21 II Kwo 35:1-17 23:21 Det 16:2-8 23:22 II Kwo 35:18-19 23:24 Lev 19:31 23:24 Jen 31:19 23:25 II Wa 18:5 23:26 II Wa 21:11-13 23:27 II Wa 18:11 23:29 Jr 48:2 23:29 II Kwo 35:20-24 23:30 II Kwo 36:1-4 23:31 I Kwo 3:15 23:32 II Wa 21:2-7 23:33 II Wa 25:6 23:33 I Wa 8:65 23:34 I Kwo 3:15 23:35 II Wa 23:33 23:36 Jr 22:18-19 23:37 II Wa 23:32