9
Li te rele douz yo ansanm, e te bay yo pouvwa avèk otorite sou tout dyab, e pou geri maladi. Li te voye yo ale pou pwoklame wayòm Bondye a, e pou geri maladi.
Konsa, Li te di yo: “Pa pran anyen pou vwayaj nou, ni yon baton, ni yon sak, ni pen, ni lajan. Pa menm pote yon dezyèm vètman. Nan nenpòt kay ke nou antre, rete la jiskaske nou kite vil sa a. Pou sila yo ki pa resevwa nou, lè n ap kite vil sa a, souke pousyè sòti nan pye nou kon yon temwayaj kont yo.”
Pandan yo t ap kite la, yo te kòmanse ale pami bouk yo, ap preche levanjil la, e te fè gerizon toupatou.
Alò, Hérode, tetrak la te tande tout sa ki t ap fèt yo. Konsa, li te gravman twouble, paske kèk moun te di ke se te Jean ki te leve soti nan lanmò.
Selon kèk lòt Élie ki vin parèt, oswa youn nan ansyen pwofèt yo te leve ankò.
Hérode te di: “Mwen menm te fè yo koupe tèt a Jean, men kilès nonm sa a ye, ke m tande tout koze sa yo?” Li te kontinye ap eseye pou l ta kab wè L.
10 Lè apòt yo te retounen, yo te bay Jésus yon istwa de tout sa ki te rive a.
Li te fè yo ale avè L, pou yo fè retrèt vè yon vilaj yo rele Betsaïda.
11 Men foul la te konnen sa. Yo te swiv Li, e Li te resevwa yo avèk kè ouvè.
Li te kòmanse pale avèk yo sou wayòm syèl la, e te fè gerizon pou sila yo ki te bezwen geri.
12 Alò jou a te kòmanse ap avanse, e douz yo te vin di Li: “Voye foul la ale pou yo kapab ale nan vilaj yo oswa andeyò pou yo twouve lojman. Konsa, yo ka jwenn yon bagay pou yo manje, paske nou isit la nan yon kote ki izole.”
13 Men Li te di yo: “Nou menm bay yo manje!” Yo te reponn Li: “Nou pa gen plis ke senk pen avèk de pwason, sof ke petèt ke nou ta ale achte pen pou tout moun sa yo.” 14 (Paske te gen anviwon senk-mil moun.)
Li te di a disip Li yo: “Fè yo chita nan gwoup de senkant chak.”
15 Konsa yo te fè; yo te fè tout moun chita.
16 Answit, Li te pran senk pen avèk de pwason yo. Li te gade vè syèl la, e Li te beni yo. Li te kase yo, e te lonje bay disip yo pou mete devan foul la.
17 Yo te manje jis vant tout moun te plen. E mòso tou kase ke yo te ranmase yo te fè douz panyen byen ranpli.
18 Li te vin rive ke pandan Li t ap priye sèl, disip yo te toupre. Konsa, Li te poze yon kesyon. Li te mande: “Kilès moun pèp la di ke Mwen ye?”
19 Yo te reponn Li, e te di: “Jean-Baptiste, oswa Eli; men lòt yo, youn nan ansyen pwofèt yo ki leve ankò.”
20 Li te mande yo: “Men kilès nou menm, nou di ke Mwen ye”?
Pierre te reponn. Li te di: “Kris la a Bondye a.”
21 Men Li te avèti yo avèk severite pou yo pa pale sa a pèsonn.
22 Konsa Li te di: “Fis a Lòm nan va oblije soufri anpil bagay, e va rejte pa ansyen yo, ak chèf prèt yo, ak skrib yo. Li va vin touye, e va vin leve nan twazyèm jou a.”
23 Li t ap di a yo tout: “Si Nenpòt moun vle swiv Mwen, li dwe renonse a pwòp tèt li, pran kwa li e swiv Mwen. 24 Paske Nenpòt moun ki vle sove vi li va pèdi li, men sila a ki pèdi lavi li pou koz Mwen, se li ki va sove li.
25 “Paske ki avantaj yon nonm gen si li vin genyen tou lemonn, e vinpèdi, pou peye kon pri a, pwòp nanm li?
26 “Paske Nenpòt moun ki wont Mwen, ak pawòl Mwen yo, a li menm, Fis a Lòm nan va wont lè Li vini nan glwa Li, ak glwa a Papa a, e glwa a zanj sen yo.
27 “Men Mwen di nou anverite, gen nan sila yo ki kanpe la a ki p ap goute lanmò jouk lè ke yo wè wayòm Bondye a.”
28 Anviwon uit jou aprè pawòl sa yo, Li te pran Pierre avèk Jean, avèk Jacques, e te monte nan mòn nan pou priye.
29 Pandan Li t ap priye, aspè figi Li te vin chanje, e vètman Li te vin klere kon blan briyan. 30 Epi gade, de zòm t ap pale avèk Li. Se te Moïse avèk Elie, 31 ki te vin parèt nan glwa, e t ap pale sou afè depa Li, ke Li te prèt pou acheve nan Jérusalem.
32 Alò, Pierre avèk lòt parèy li yo te vin lou ak dòmi. Men lè zye pa yo te vin ouvri, yo te wè glwa Li ak de zòm sa yo ki te kanpe avè L. 33 Konsa, Li te vin rive ke pandan sila yo t ap kite Li, Pierre te di a Jésus: “Mèt, li bon pou nou isit la. Annou fè twa tabènak; youn pou Ou, youn pou Moïse, e youn pou Elie.” Men li pa t fin konprann sa li t ap di a.
34 Pandan li t ap di sa, yon nyaj te fòme. Li te pase yon lonbraj sou yo, epi yo te krent lè yo te antre nan lonbraj la.
35 Answit yon vwa te sòti nan lonbraj la. Li te di: “Sa se fis byeneme Mwen an; koute Li!”
36 Lè vwa a te pale, Jésus te twouve li sèl. Yo te rete an silans, e pa t di pèsonn sa ki te rive nan jou sa yo.
37 Nan jou swivan an, lè yo te desann sòti nan mòn nan, yon gwo foul te rankontre Li. 38 Konsa yon mesye nan foul la te rele fò: “Mèt, mwen sipliye ou pou gade wè fis mwen an, paske se li sèl gason ke m genyen. 39 Yon lespri konn sezi li. Li rele fò, lespri a jete li nan gwo kriz ki fè bouch li kimen, e pandan lespri a ap kite li, li kontinye maspinen l nèt jiskaske li ale. 40 Mwen te sipliye disip ou yo pou chase l, men yo pa t kapab.”
41 Jésus te reponn: “O jenerasyon enkredil, e pèvès! Pou jis kilè M ap avèk nou, pou sipòte nou? Mennen pitit ou a isit la.”
42 Pandan Li t ap pwoche, dyab la te voye l atè, e te jete l nan yon gwo kriz. Men Jésus te repwòche lespri enpi a; Li te geri gason an, e te remèt li bay papa l.
43 Yo tout te etone akoz grandè Bondye.
Men pandan tout t ap admire tout sa ke Li t ap fè, Li te di a disip Li yo: 44 “Kite pawòl sa yo penetre nan zòrèy nou; paske Fis a Lòm nan va livre nan men a lèzòm.”
45 Men yo pa t konprann pawòl sila a, e sans li te kache a yo menm pou yo pa t kab konprann li. Yo te pè kesyone L sou pawòl sa a.
46 Konsa, yon gwo diskisyon te leve pami yo sou kilès nan yo ki ta pi gran.
47 Men Jésus, byen okouran a sa yo t ap panse nan kè yo a, te pran yon timoun. Li te mete li kanpe akote Li. 48 Li te di yo: “Nenpòt moun ki resevwa timoun sa a nan non Mwen an resevwa Mwen; e nenpòt moun ki resevwa Mwen, resevwa Papa a, ki te voye Mwen an. Paske sila ki pi piti pami nou an, se li menm ki pi gran.”
49 Jean te reponn. Li te di: “Mèt, nou te wè yon moun ki t ap chase dyab nan non Ou, e nou te eseye anpeche li akoz ke li p ap swiv ak nou.”
50 Men Jésus te di l: “Pa anpeche lipaske sila ki pa kont nou an pou nou.”
51 Lè jou yo t ap pwoche pou L te leve, li te pran desizyon nèt pou ale Jérusalem. 52 Li te voye mesaje yo devan Li. Konsa, yo te ale antre nan yon vil a Samariten yo, pou fè aranjman pou li.
53 Men yo pa t resevwa Li akoz ke Li t ap vwayaje ak figi Li fikse vè Jérusalem.
54 Lè Jacques avèk Jean te wè sa, yo te di: “Senyè, èske Ou ta vle nou kòmande dife sòti nan syèl la pou devore yo?”
55 Men Li te vire e te reprimande yo: “Nou pa konnen de ki kalite lespri nou ye; 56 paske Fis a Lòm nan pa t vini pou detwi lavi moun, men pou sove yo.” Konsa, yo te kontinye pou ale nan yon lòt vil.
57 Pandan yo t ap prale akote wout la, yon moun te di Li: “Mwen va swiv Ou Nenpòt kote Ou ale.”
58 Jésus te di Li: “Rena yo gen twou yo, e zwazo yo gen nich yo, men Fis a Lòm nan pa gen kote pou poze tèt Li.”
59 Konsa, Li te di a yon lòt: “Swiv Mwen”.
Men li te di: “Kite m ale avan pou antere papa m.”
60 Men Li te di li: “Kite mò yo antere mò yo; men pou ou menm, alepwoklame toupatou wayòm Bondye a.”
61 Yon lòt osi te di: “Mwen va swiv Ou Senyè; men kite m dabò di orevwa a moun lakay mwen.”
62 Men Jésus te di li: “Nenpòt moun ki mete men li sou cha a pou gade pa dèyè pa dign de wayòm Bondye a.”
9:1 Mat 10:5 9:2 Mat 10:7 9:3 Luc 10:4-12 9:5 Luc 10:11 9:6 Mc 6:12 9:7 Mc 6:14 9:8 Mat 16:14 9:9 Luc 23:8 9:10 Mat 14:13-21 9:14 Mc 6:39 9:17 Mat 14:20 9:18 Mat 16:13-16 9:20 Jn 6:68 9:21 Mat 8:4 9:22 Mat 21:16-28 9:23 Mat 10:38 9:24 Mat 10:39 9:25 Eb 10:34 9:26 Mat 10:23 9:27 Mat 16:28 9:28 Mat 17:1-8 9:29 Luc 3:21 9:31 II Pi 1:15 9:32 Mat 26:43 9:33 Mat 17:4 9:35 És 42:1 9:36 Mat 17:9 9:37 Mat 17:14-18 9:43 Mat 17:22 9:44 Luc 9:22 9:45 Mc 9:32 9:46 Luc 22:24 9:47 Mat 9:4 9:48 Mat 10:40 9:49 Mc 9:38-40 9:50 Mat 12:30 9:51 Luc 13:22 9:52 Mat 10:5 9:53 Jn 4:9 9:54 II Wa 1:9-16 9:57 Mat 8:19-22 9:58 Mat 8:20 9:59 Mat 4:23 9:60 Mat 4:23 9:61 I Wa 19:20 9:62 Fil 3:13